Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

Kiyès ki Mikayèl akanj lan?

Kiyès ki Mikayèl akanj lan?

NAN Bib la, yo pa pale souvan de kreyati espirityèl ki rele Mikayèl la. Sepandan, lè yo pale de li, li toujou ap aji. Nan liv Danyèl la, Mikayèl ap batay ak zanj mechan yo. Nan lèt Jid la, l ap diskite ak Satan, e nan liv Revelasyon an, l ap fè lagè ak Dyab la ansanm ak demon l yo. Lefètke Mikayèl ap defann dominasyon Jewova e l ap konbat ènmi Bondye yo, li viv ann akò ak siyifikasyon non l ki vle di: “Kiyès ki tankou Bondye?” Men, kiyès Mikayèl ye?

Gen moun ki konn pot plizyè non. Pa egzanp Jakòb, yon patriyach, yo rele l Izrayèl tou, e lòt non apot Pyè se Simon (Jenèz 49:1, 2; Matye 10:2). Menm jan an tou, Bib la montre Mikayèl se yon lòt non Jezi Kris pote ni anvan l te vin sou tè a ni apre l fin kite tè a. Annou egzamine rezon biblik ki fè nou tire konklizyon sa a.

Akanj. Pawòl Bondye a pale de Mikayèl “akanj lan”. (Jid 9.) Mo akanj lan siyifi “zanj an chèf”. N ap remake yo rele Mikayèl akanj lan. Sa lese konprann se yon sèl zanj konsa ki genyen. Anfèt, mo “akanj” lan parèt sèlman o sengilye nan Bib la, li pa janm parèt o pliryèl. Anplis de sa, Bib la etabli yon rapò ant Jezi ak pozisyon akanj lan. Konsènan Seyè Jezi Kris ki resisite, men sa 1 Tesalonisyen 4:16 di: “Seyè a li menm ap desann sot nan syèl la ak yon kri kòmandman, ak yon vwa akanj.” Donk, yo dekri vwa Jezi kòm yon vwa akanj. Konsa, vèsè sa a lese konprann se Jezi li menm ki Mikayèl akanj lan.

Chèf lame. Bib la di: “Mikayèl ak zanj li yo batay ak dragon an [...] ak zanj li yo.” ​(Revelasyon 12:7). Donk, Mikayèl se Chèf yon lame zanj fidèl. Liv Revelasyon an dekri Jezi tou kòm Chèf yon lame zanj fidèl (Revelasyon 19:14-16). E avèk presizyon, apot Pòl mansyone “Seyè Jezi” ansanm ak “zanj pisan li yo”. (2 Tesalonisyen 1:7.) Konsa, Bib la pale de Mikayèl ak “zanj li yo”, e li pale de Jezi ak “zanj li yo”. (Matye 13:41; 16:27; 24:31; 1 Pyè 3:22.) Piske pa gen okenn kote nan Pawòl Bondye a ki montre gen de lame zanj fidèl nan syèl la, kòmkwa youn se ta Mikayèl ki ta alatèt li, e lòt la se ta Jezi, li lojik pou nou rive nan konklizyon sa a: Mikayèl pa lòt moun, se Jezi Kris nan wòl li gen nan syèl la *.

^ § 1 N ap jwenn plis enfòmasyon ki montre non Mikayèl la koresponn ak Pitit Gason Bondye a nan paj 280-1 nan liv Étude perspicace des Écritures — volim 2. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.