Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DIZUIT

Batèm ak relasyon w avèk Bondye

Batèm ak relasyon w avèk Bondye
  • Ki jan batèm kretyen yo fèt?

  • Ki etap ou dwe franchi pou w kalifye pou w batize?

  • Ki jan yon moun vwe lavi li bay Bondye?

  • Ki rezon espesyal ki pouse yon moun batize?

1. Poukisa yon fonksyonè lakou wayal peyi Etyopi te mande batèm?

“GADE! Men yon dlo. Ki sa ki anpeche m batize?” Sa a se kesyon yon fonksyonè lakou wayal peyi Etyopi nan premye syèk la te poze apre yon kretyen ki rele Filip te fin pwouve l Jezi se Mesi yo te pwomèt la. Piske sa Etyopyen an te aprann nan Ekriti yo te touche kè l, li te aji sou baz sa l aprann nan. Li te montre li vle batize! — Travay 8:26-36.

2. Poukisa w dwe reflechi seryezman sou kesyon batèm nan?

2 Si w gentan byen etidye chapit ki vin anvan yo avèk yon Temwen Jewova, petèt ou santi w pare pou w mande: ‘Ki sa ki anpeche m batize?’ Nan pwen ou ye la a ou gentan aprann sa Labib di konsènan pwomès lavi etènèl nan Paradi a (Lik 23:43; Revelasyon 21:3, 4). Ou gentan aprann tou nan ki kondisyon mò yo ye toutbon, e ou aprann sa Labib di sou esperans rezirèksyon an (Eklezyas 9:5; Jan 5:28, 29). Petèt ou deja frekante Temwen Jewova yo nan reyinyon kongregasyon yo, e ou wè ak je w fason yo pratike vrè relijyon an (Jan 13:35). Sa ki pi enpòtan, sandout ou deja kòmanse devlope yon relasyon pèsonèl avèk Jewova Dye.

3. a) Ki kòmandman Jezi te bay disip li yo? b) Ki jan yo fè batèm ak dlo?

3 Ki jan w ka montre ou vle sèvi Bondye? Jezi te di disip li yo: “Ale [...] epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo.” ​(Matye 28:19). Jezi li menm te bay egzanp lan lè li te batize nan dlo. Yo pa t annik wouze l ak dlo ni yo pa t annik vide enpe dlo sou tèt li (Matye 3:16). Mo “batize” a soti nan yon mo grèk ki siyifi “plonje”. Donk batèm kretyen an vle di plonje nèt anba dlo.

4. Ki sa batèm nan dlo a montre?

4 Batèm nan dlo se yon egzijans pou tout moun ki vle gen yon relasyon pèsonèl avèk Jewova Dye. Batèm nan montre piblikman ou vle sèvi Bondye. Li montre ou pran plezi pou w fè volonte Jewova (Sòm 40:7, 8). Sepandan, pou w kalifye pou w batize, ou dwe franchi kèk etap.

OU BEZWEN KONESANS AK LAFWA

5. a) Ki premye etap k ap fè w kalifye pou w batize? b) Sa k fè reyinyon kongregasyon yo enpòtan?

5 Ou deja kòmanse ak premye etap la. Ki jan? W ap aprann konnen Jewova Dye ak Jezi Kris, petèt grasa yon etid biblik regilye (Jan 17:3). Men, gen plis bagay toujou pou w aprann. Kretyen yo vle vin “ranpli ak konesans egzak sou volonte [Bondye]”. (Kolosyen 1:9.) Asiste reyinyon nan kongregasyon Temwen Jewova yo ap ede w anpil nan domèn sa a. Li enpòtan pou w asiste reyinyon sa yo (Ebre 10:24, 25). Si w la regilyèman nan reyinyon yo, sa ap ede w ogmante konesans ou sou Bondye.

Genyen yon konesans egzak sou Pawòl Bondye a se yon etap enpòtan k ap pèmèt yon moun kalifye pou l batize.

6. Ki kantite konesans biblik ou bezwen genyen pou w kalifye pou batèm?

6 Natirèlman, ou pa bezwen konn tout sa ki nan Bib la pou w kalifye pou batèm. Fonksyonè lakou wayal peyi Etyopi a te gen kèk konesans, men li te bezwen èd pou l konprann yon seri pati byen presi nan Ekriti yo (Travay 8:30, 31). Menm jan an tou, ou gen anpil bagay pou w aprann ankò. Anfèt, ou pap janm sispann aprann konnen Bondye (Eklezyas 3:11). Sepandan, anvan w batize, ou bezwen omwen konn ansèyman fondamantal ki nan Bib la e ou bezwen aksepte yo (Ebre 5:12). Ansèyman sa yo gen ladan l verite sou kondisyon mò yo, verite sou enpòtans non Bondye e sou enpòtans Wayòm li an.

7. Ki efè yon etid biblik dwe gen sou ou?

7 Konesans poukont li pa sifi, paske “san lafwa li enposib pou nou fè [Bondye] plezi”. (Ebre 11:6.) Bib la fè nou konnen lè kèk moun nan ansyen vil Korent lan te tande mesaj kretyen yo t ap preche a, yo “te vin kwayan epi yo te batize”. (Travay 18:8.) Menm jan an tou, yon etid biblik dwe pèmèt ou gen lafwa ki ba w asirans Bib la se Pawòl Bondye enspire. Etid biblik la dwe ede w gen lafwa nan pwomès Bondye yo e nan pouvwa sakrifis Jezi a genyen pou l sove w. — Jozye 23:14; Travay 4:12; 2 Timote 3:16, 17.

PATAJE VERITE BIBLIK YO AK LÒT MOUN

8. Ki sa k ap pouse w pataje sa w aprann yo ak lòt moun?

8 Etan lafwa ap grandi nan kè w, w ap twouve li difisil pou w kenbe sa w aprann nan poukont ou (Jeremi 20:9). Sa pral ba w yon kokenn anvi pou w pale ak lòt moun konsènan Bondye e konsènan objektif li yo. — 2 Korentyen 4:13.

Lafwa dwe pouse w pataje sa w kwè yo ak lòt moun.

9, 10. a) Avèk ki moun ou ka kòmanse pataje verite biblik yo? b) Ki sa ou dwe fè si w vle patisipe nan travay predikasyon Temwen Jewova yo òganize a?

9 Li ta bon pou w kòmanse pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun. Avèk tak, ou gendwa pale de sa ak fanmi w, ak zanmi w, ak vwazen w oswa ak kòlèg travay ou. Rive yon lè, w ap vle patisipe nan travay predikasyon Temwen Jewova yo òganize a. Lè sa a, pa ezite pale de sa ak Temwen Jewova k ap etidye Labib avè w la. Si sa sanble ou kalifye pou w preche, gen dispozisyon k ap pran pou li menm avè w gen yon ti konvèsasyon avèk de ansyen nan kongregasyon an.

10 Sa ap ede w pi byen konnen kèk ansyen k ap pran swen twoupo Bondye a (Travay 20:28; 1 Pyè 5:2, 3). Si ansyen sa yo wè ou konprann ansèyman fondamantal Bib la e ou kwè ladan yo, si yo wè w ap viv ann amoni ak prensip Bondye yo e ou vle vin yon Temwen Jewova toutbonvre, y ap fè w konnen ou kalifye pou w patisipe piblikman nan predikasyon kòm yon pwoklamatè bon nouvèl la ki poko batize.

11. Ki chanjman kèk moun dwe fè anvan yo kalifye pou yo patisipe nan predikasyon?

11 Yon lòt bò, ou ka bezwen fè kèk chanjman nan fason w ap viv ak nan abitid ou pou w ka vin kalifye pou w patisipe nan predikasyon. Petèt, sa ka mande pou w kite kèk bagay ou te konn pratike ankachèt. Se sa k fè anvan w mande pou w vin yon pwoklamatè ki poko batize, ou pa dwe ap pratike yon seri peche grav tankou imoralite seksyèl, bwè pou w sou ak pran dwòg. — 1 Korentyen 6:9, 10; Galat 5:19-21.

REPANTANS AK KONVÈSYON

12. Poukisa li nesesè pou nou repanti?

12 Gen kèk lòt etap ou dwe franchi anvan w kalifye pou batèm. Men sa apot Pyè te di: “Se pou nou repanti e se pou nou kase tèt tounen pou peche nou kapab efase.” ​(Travay 3:19). Yon moun repanti lè l santi li regrèt toutbon yon bagay li te fè. Si yon moun te konn mennen yon vi imoral, li apwopriye pou moun sa a repanti. Men repantans lan nesesè tou menm si yon moun ap mennen yon vi plizoumwen pwòp nan domèn moral. Poukisa? Paske nou tout se pechè e nou tout bezwen pou Jewova padone nou (Women 3:23; 5:12). Anvan w te etidye Labib, ou pa t konnen volonte Jewova. Donk, ki jan w t ap ka viv vrèman ann amoni avèk volonte l? Se sa k fè li nesesè pou nou repanti.

13. Ki sa konvèsyon an ye?

13 Apre repantans, dwe gen konvèsyon. Yo rele l tou ‘kase tèt tounen’. Ou dwe fè plis pase annik santi w regrèt sa w te konn fè. Ou bezwen rejte ansyen fason ou t ap viv la e ou dwe gen fèm detèminasyon se sa ki dwat ou pral fè depi kounye a. Ou dwe franchi etap repantans ak konvèsyon anvan w batize.

VWE LAVI W BAY BONDYE

14. Ki etap enpòtan ou dwe franchi anvan w batize?

14 Gen yon lòt etap enpòtan ou dwe franchi anvan w batize. Ou dwe vwe lavi w bay Jewova Dye.

Èske w gentan vwe lavi w pèsonèlman bay Bondye nan lapriyè?

15, 16. Sa sa vle di vwe lavi w bay Bondye, e ki sa ki pouse yon moun fè sa?

15 Lè w vwe lavi w bay Jewova Dye nan yon priyè ou fè ak tout kè w, ou pwomèt pou w ba l yon atachman san pataj pou toutan (Detewonòm 6:15). Men, ki sa ki ta ka pouse yon moun fè sa? Ebyen, ann sipoze yon gason ap chèche renmen ak yon fi. Plis li aprann konn fi a e plis li wè l gen bèl kalite, se plis li santi fi a atire l. Rive yon lè, li vin nòmal pou l mande fi a pou l marye avè l. Se vre, marye pral vle di gen plis responsablite, men lanmou pral pouse gason an franchi etap enpòtan sa a.

16 Lè w rive konnen Jewova epi ou renmen l, ou vin anvi sèvi l san rezèv, san w pa met okenn limit nan adorasyon w ap ba li. Nenpòt moun ki vle suiv Pitit Gason Bondye a, Jezi Kris, dwe “renye tèt li”. (Mak 8:34.) Nou renye tèt nou lè nou asire nou dezi pèsonèl nou ansanm ak objektif nou genyen pa yon obstak ki anpeche nou bay Bondye yon obeyisans total. Konsa, anvan w kapab batize, fè volonte Jewova Dye dwe vin prensipal objektif ou nan lavi a. — 1 Pyè 4:2.

VENK KRENT NOU GENYEN POU NOU PA ECHWE

17. Poukisa gen kèk moun ki ezite vwe lavi yo bay Bondye?

17 Gen kèk moun ki ezite vwe lavi yo bay Bondye paske yo yon ti jan pè franchi yon etap enpòtan konsa. Yo kapab pè lè yo konprann y ap gen kont pou rann Jewova antanke kretyen batize. Piske yo pè pou yo pa echwe oswa pou yo pa desevwa Jewova, yo panse li pi bon pou yo pa vwe lavi yo ba li.

18. Ki sa ki kapab pouse w vwe lavi w bay Jewova?

18 Etan w ap aprann renmen Jewova, sa ap pouse w pou w vwe lavi w ba li e pou w fè tout sa w kapab pou w viv ann akò ak ve sa a (Eklezyas 5:4). Apre ou fin fè ve sa a, se sèten ou pral anvi ‘mache yon fason ki diy devan Jewova, nan objektif pou w fè l plezi konplètman’. (Kolosyen 1:10.) Piske ou renmen Jewova, ou pap panse sa twò difisil pou w fè volonte l. Pa gen dout nan sa, w ap dakò ak pawòl apot Jan yo ki di: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obsève kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” — 1 Jan 5:3.

19. Poukisa ou pa bezwen pè vwe lavi w bay Bondye?

19 Ou pa bezwen pafè pou w vwe lavi w bay Bondye. Jewova konnen limit ou e li pap janm atann pou w fè plis pase sa w ka fè (Sòm 103:14). Li vle w reyisi, l ap soutni w e l ap ede w (Izayi 41:10). Ou mèt sèten si w mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w, “l ap fè chemen w yo dwat”. — Pwovèb 3:5, 6.

OU BEZWEN BATIZE POU W DEMONTRE OU VWE LAVI W BAY BONDYE

20. Poukisa lè yon moun vwe lavi l bay Jewova se pa yon bagay li ka kenbe an sekrè?

20 Si w reflechi sou sa nou fèk sot egzamine la a, sa ap ede w pran desizyon pou w vwe lavi w pèsonèlman bay Jewova nan lapriyè. Nenpòt moun ki renmen Jewova toutbonvre dwe “fè deklarasyon piblik [tou] pou l ka sove”. (Women 10:10.) Ki jan w ap rive fè sa?

Batèm nan vle di ou mouri parapò ak ansyen fason w te konn viv epi w vin retounen viv pou w fè volonte Bondye.

21, 22. Ki jan w ka “fè deklarasyon piblik” lafwa w?

21 Fè kowòdonatè gwoup ansyen nan kongregasyon kote w ye a konnen ou vle batize. L ap pran dispozisyon pou kèk ansyen egzamine kesyon ki pale sou ansèyman fondamantal Bib la avèk ou. Si ansyen sa yo dakò ou kalifye, y ap di w ou ka batize nan pwochen okazyon an *. An jeneral, yo bay yon diskou ki pale sou siyifikasyon batèm nan okazyon sa yo. Apre sa, oratè a envite tout moun ki pral batize yo pou yo reponn de kesyon byen senp, yon fason pou, ak bouch yo, yo “fè deklarasyon piblik” lafwa yo.

22 Se batèm nan li menm ki idantifye w piblikman kòm yon moun ki vwe lavi l bay Bondye e se li menm ki idantifye w kounye a kòm yon Temwen Jewova. Yo plonje tout kò moun k ap batize yo anba dlo. Se yon fason pou yo demontre piblikman yo vwe lavi yo bay Jewova.

SIYIFIKASYON BATÈM OU AN

23. Ki sa sa vle di batize “nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an”?

23 Selon sa Jezi te di, disip li yo t apral batize “nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an”. (Matye 28:19.) Sa vle di yon moun ki kandida pou l batize rekonèt otorite Jewova Dye ak otorite Jezi Kris (Sòm 83:18; Matye 28:18). Epitou, li rekonèt wòl ak aktivite lespri sen Bondye oswa fòs aktif Bondye. — Galat 5:22, 23; 2 Pyè 1:21.

24, 25. a) Ki sa batèm nan senbolize? b) Ki kesyon ki merite jwenn yon repons?

24 Sepandan, batèm nan se pa yon senp beny. Li senbolize yon bagay ki enpòtan anpil. Lè w antre anba dlo a, sa siyifi ou mouri parapò ak ansyen fason ou te konn viv la. Lè w leve sot anba dlo a, sa montre w ap viv kounye a pou w fè volonte Bondye. Sonje sa tou, ou vwe lavi w bay Jewova Dye li menm, ou pa vwe l bay yon travay, bay yon koz, bay lòt moun oswa bay yon òganizasyon. Ve ou fè a ansanm ak batèm ou se kòmansman yon relasyon sere sere avèk Bondye, yon relasyon entim ansanm avèk li. — Sòm 25:14.

25 Batèm pa bay garanti w ap sove. Men sa apot Pòl te ekri: “Kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krentif e avèk tranbleman.” ​(Filipyen 2:12). Batèm se sèlman yon kòmansman. Men vrè kesyon an: ki jan w ka rete nan lanmou Bondye? Dènye chapit la ap bay repons lan.