Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT ONZ

Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

Poukisa Bondye pèmèt soufrans?
  • Èske se Bondye ki fè gen soufrans nan monn nan?

  • Ki kesyon ki te soulve nan jaden Edenn nan?

  • Ki jan Bondye pral anile efè soufrans lèzòm sibi?

1, 2. Ki kalite soufrans ki frape moun yo jodi a, e ki kesyon sa fè anpil moun poze?

APRE yon batay terib ki te fèt nan yon peyi kote lagè t ap fè raj, yo fouye yon gwo twou pou yo antere plizyè milye sivil, fi kou timoun, ki te pèdi lavi yo. Arebò twou a, yo mete yon seri ti kwa, e sou chak ti kwa, yo ekri: “Poukisa?” Pafwa, se kesyon ki pi rèd yon moun ka poze. Se avèk tristès moun yo konn poze kesyon sa a lè lagè, dezas, maladi oswa krim detwi lavi moun pa yo ki inosan, detwi fwaye yo oswa fè yo tonbe nan lòt soufrans moun pa ka dekri. Yo vle konnen poukisa malè konsa rive yo.

2 Poukisa Bondye pèmèt soufrans? Si Jewova toupisan, si li se lanmou, si li saj epi li jis, poukisa monn nan plen ak lahèn ak enjistis konsa? Èske w pa janm poze tèt ou kesyon sa yo?

3, 4. a) Ki sa ki montre se pa mal pou nou mande poukisa Bondye pèmèt soufrans? b) Ki santiman Jewova genyen konsènan mechanste ak soufrans?

3 Èske se mal si yon moun mande poukisa Bondye pèmèt soufrans? Gen moun ki pè, si yo ta poze yon kesyon konsa, pou sa pa ta vle di yo manke lafwa oswa yo manke Bondye respè. Men, lè w li Bib la, w ap jwenn gen sèvitè Bondye ki te fidèl e ki te gen lakrentif pou Bondye ki te konn poze kesyon menm jan an. Pa egzanp, pwofèt Abakouk te mande Jewova: “Poukisa w fè m wè mechanste e w kontinye ap gade malè? Poukisa gen piyay ak vyolans devan m, e poukisa gen hinghang, e poukisa chirepit fin pran pye konsa?” — Abakouk 1:3.

Jewova ap elimine tout soufrans.

4 Èske Jewova te repwoche Abakouk, pwofèt fidèl la, poutèt li te poze kesyon sa yo? Non. Okontrè, Bondye te mete pawòl sensè Abakouk yo nan istwa enspire ki nan Bib la. Bondye te ede l tou pou l konprann bagay yo pi byen e pou l gen plis lafwa. Jewova vle fè menm bagay la pou ou. Pa bliye, Bib la fè konnen “li gen sousi pou nou”. (1 Pyè 5:7.) Bondye rayi mechanste ak soufrans sa antrene, pi plis lontan pase nenpòt moun (Izayi 55:8, 9). Nan ka sa a, poukisa gen tout soufrans sa a nan monn nan?

POUKISA TOUT SOUFRANS SA YO?

5. Ki rezon yo konn bay pafwa pou yo esplike soufrans lèzòm ap sibi, men ki sa Labib anseye?

5 Gen moun nan divès relijyon ki al jwenn chèf relijye yo ak anseyan yo pou yo mande poukisa gen anpil soufrans konsa. Byen souvan, kòm repons, yo fè yo konnen se volonte Bondye pou gen soufrans e yo di yo, depi lontan Bondye te gentan fikse tout sa ki t apral fèt, san wete kokenn malè ki rive. Yo fè anpil moun konnen chemen Bondye yo se mistè. Yo di yo, si l fè moun mouri, menm timoun piti, se pou l ka genyen yo nan syèl la avèk li. Men, jan w te aprann sa, Jewova Dye pa janm responsab sa ki mal. Bib la di: “Sa lwen vrè Dye a pou l aji avèk mechanste, e sa lwen Toupisan an pou l aji yon fason ki enjis!” — Jòb 34:10.

6. Poukisa anpil moun fè erè sa a pou y ap blame Bondye pou soufrans ki gen nan monn nan?

6 Èske w konn poukisa moun yo fè erè sa a pou y ap blame Bondye pou tout soufrans ki gen nan monn nan? Anpil fwa, yo blame Bondye Toupisan an paske yo sipoze se li ki vrè chèf monn nan. Gen yon verite Labib anseye yo pa konnen, yon verite ki senp, men ki enpòtan. Ou te aprann verite sa a nan liv la nan chapit 3 a. An reyalite, chèf monn nan se Satan Ledyab.

7, 8. a) Ki jan monn nan reflete pèsonalite dirijan l lan? b) Nan ki sans enpèfeksyon lèzòm ak “tan ak evènman enprevi” antrene soufrans?

7 Bib la di aklè: “Lemonnantye anba pouvwa mechan an.” ​(1 Jan 5:19). Lè w byen kalkile, èske sa pa lojik? Monn nan reflete pèsonalite kreyati espirityèl envizib la “k ap twonpe tout latè ki abite”. (Revelasyon 12:9.) Satan rayisab, li blofè e li san pitye. Konsa, monn nan ki anba enfliyans li plen ak lahèn, ak blòf e ak zak fewòs. Se youn nan rezon ki fè gen anpil soufrans konsa.

Jan nou te wè sa nan chapit 3 a, gen yon dezyèm rezon ki fè gen anpil soufrans konsa: depi rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan, limanite vin enpafè, e li vin tonbe nan peche. Lèzòm pechè gen tandans ap goumen pou pouvwa, e rezilta a se lagè, se zak maspinay ak soufrans (Eklezyas 4:1; 8:9). Yon twazyèm rezon ki fè gen soufrans se “tan ak evènman enprevi”. (Eklezyas 9:11.) Nan yon monn ki pa gen Jewova kòm Dirijan k ap pwoteje l, moun ka soufri paske yo te twouve yo yon move kote yon move lè.

9. Poukisa nou mèt sèten Jewova gen yon bon rezon pou l pèmèt soufrans kontinye?

9 Sa rekonfòte nou dèske nou konnen Bondye pa lakòz soufrans. Li pa responsab lagè, krim, zak maspinay oswa menm katastwòf natirèl ki lakòz moun ap soufri. Men kanmenm, nou bezwen konnen pou ki rezon Jewova pèmèt tout soufrans sa a. Si se li ki Toupisan an, li gen pouvwa pou l fè sa sispann. Nan ka sa a, poukisa li pa fè sa? Bondye lanmou nou konnen an dwe gen yon bon rezon pou sa. — 1 Jan 4:8.

GEN YON KESYON KAPITAL KI SOULVE

10. Ki sa Satan te mete an dout, e kòman li te fè sa?

10 Pou nou rive konprann poukisa Bondye pèmèt soufrans, nou bezwen reflechi sou epòk kote soufrans te kòmanse. Lè Satan te antrene Adan ak Èv pou l fè yo dezobeyi Jewova, te gen yon kesyon enpòtan ki te soulve. Satan pa t konteste pisans Jewova. Menm Satan konnen pisans Jewova pa gen limit. Okontrè, Satan te mete an dout dwa Jewova genyen pou l dirije. Satan te fè Bondye pase pou yon mantè ki pa kite moun L ap dirije yo jwenn sa ki bon pou yo. Konsa, li akize Jewova kòm yon move dirijan (Jenèz 3:2-5). Satan te lese konprann limanite t ap mache pi byen san dominasyon Bondye. Se te yon atak kont souvrènte Jewova, kont dwa li genyen pou l dirije.

11. Poukisa Jewova pa t annik detwi moun ki te rebele ann Edenn yo?

11 Adan ak Èv te rebele kont Jewova. Se kòmsi yo te di: ‘Nou pa bezwen Jewova pou dirije nou. Nou ka deside poukont nou sa ki byen ak sa ki mal.’ Kòman Jewova ta ka rezoud pwoblèm nan? Ki jan li ta ka ede tout kreyati entèlijan yo konprann moun ki te rebele yo te antò, e an reyalite se chemen pa l ki pi bon? Yon moun ta ka di Bondye te dwe annik detwi rebèl yo epi li rekòmanse sou yon lòt baz. Men, Jewova te gentan fè konnen li deside ranpli tè a ak desandan Adan ak Èv, e li te vle yo viv nan yon paradi sou tè a (Jenèz 1:28). Jewova toujou reyalize objektif li (Izayi 55:10, 11). Anplis de sa, si Jewova te elimine rebèl yo ann Edenn, sa pa t ap reponn kesyon ki te soulve konsènan dwa Jewova genyen pou l dirije.

12, 13. Bay yon egzanp pou w montre poukisa Jewova pèmèt Satan vin tounen chèf monn nan e poukisa Bondye pèmèt lèzòm gouvène tèt yo.

12 Ann pran yon egzanp. Imajine yon pwofesè k ap esplike elèv li yo ki jan pou yo rezoud yon pwoblèm ki difisil. Youn nan elèv yo, ki entèlijan, men ki rebèl, pretann fason pwofesè a ap rezoud pwoblèm nan pa bon. Li fè konprann pwofesè a pa ka rezoud pwoblèm nan, e li menm, li konnen yon pi bon fason pou l fè sa. Gen kèk elèv ki dakò avè l, e yo menm tou, yo vin rebèl. Ki sa pwofesè a ta dwe fè? Si l mete elèv rebèl yo deyò, ki efè sa ap genyen sou lòt elèv yo? Èske yo pa pral kwè kondisip yo a ak lòt elèv ki pran pou li yo gen rezon? Tout lòt elèv nan klas la ta ka vin pa gen respè pou pwofesè a ankò, e yo ta ka panse pwofesè a pè pou yo pa pwouve solisyon l lan pa t bon. Men, ann sipoze pwofesè a pèmèt elèv rebèl la li menm montre klas la ki jan l ap rezoud pwoblèm nan.

Èske elèv la pi kalifye pase pwofesè a?

13 Ebyen, Jewova aji menm jan ak pwofesè a. N ap sonje sa, se pa rebèl ki te ann Edenn yo sèlman ki te enplike nan pwoblèm ki te poze a. Plizyè milyon zanj t ap suiv sa k t ap pase (Jòb 38:7; Danyèl 7:10). Fason Jewova t ap fè fas ak rebelyon an t apral gen yon efè sou tout zanj yo e finalman sou tout kreyasyon ki gen entèlijans. Donk, ki sa Jewova fè? Li pèmèt Satan montre li menm ki jan l ap dirije limanite. Epitou, Bondye pèmèt lèzòm gouvène tèt yo anba direksyon Satan.

14. Ki bon rezilta sa ap bay dèske Jewova te pran desizyon pou l pèmèt lèzòm gouvène tèt yo?

14 Pwofesè ki nan egzanp nou pran an konnen elèv rebèl la ak lòt elèv ki pran pou li yo pa gen rezon. Men tou, li konnen si l ba yo posiblite pou yo eseye defann lide yo a, tout klas la pral tire pwofi. Lè rebèl yo echwe, tout bon elèv yo pral wè se sèl pwofesè a ki kalifye pou l dirije klas la. Y ap konprann pou ki rezon, apre sa, pwofesè a ap mete nenpòt elèv ki rebele deyò. Menm jan an tou, Jewova konnen tout moun ki sensè ak tout zanj ki sensè ap tire pwofi lè yo wè Satan ak rebèl ki avè l yo echwe e lè yo wè lèzòm pa ka gouvène tèt yo. Menm jan ak Jeremi nan tan lontan, y ap aprann verite esansyèl sa a: “Mwen byen konnen, o Jewova, lòm ki fèt ak tè, wout li pa nan men l. Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l.” — Jeremi 10:23.

POUKISA TOUT TAN SA A?

15, 16. a) Poukisa Jewova kite soufrans kontinye tout tan sa a? b) Poukisa Jewova pa anpeche gwo krim ak lòt bagay terib fèt?

15 Men, poukisa Jewova kite soufrans kontinye tout tan sa a? E poukisa li pa anpeche move bagay rive? Ebyen, annou wè de bagay pwofesè nan egzanp nou an pap fè. Premyèman, li pap anpeche elèv rebèl la esplike solisyon pa l la. Dezyèmman, pwofesè a pap ede elèv la defann koz li. Menm jan an tou, gade pou w wè de bagay Jewova deside pou l pa fè. Premyèman, li pa anpeche Satan ak sila yo ki pran pou li yo pou yo chèche pwouve se yo ki gen rezon. Konsa, li te nesesè pou l kite tan pase. Pandan plizyè milye ane istwa lèzòm, limanite te gen posiblite eseye tout kalite fòm gouvènman. Se vre, yo fè kèk pwogrè nan domèn lasyans ak nan lòt domèn, men, enjistis, povrete, krim ak lagè toujou ap ogmante. Kounye a, li vin parèt klè, gouvènman lèzòm yo echwe.

16 Dezyèmman, Jewova pa ede Satan dirije monn nan. Pa egzanp, si Bondye ta anpeche gwo krim fèt, an reyalite, èske se pa defann li t apral defann koz rebèl yo? Èske Bondye pa t ap fè moun yo panse petèt lèzòm ka gouvène tèt yo san yo pa jwenn move rezilta? Si Jewova ta aji nan sans sa a, li t ap patisipe nan yon manti. Sepandan, “li enposib pou Bondye bay manti”. — Ebre 6:18.

17, 18. Ki sa Jewova pral fè konsènan tout malè ki rive akoz gouvènman lèzòm ak enfliyans Satan?

17 Men, e tout mal ki fèt pandan rebelyon kont Bondye a ki dire anpil tan? L ap bon pou nou sonje Jewova toupisan. Kidonk, li kapab anile efè soufrans lèzòm sibi e l ap fè sa. Jan nou te deja aprann sa, tout dega planèt nou an te sibi pral elimine lè tè a tounen yon paradi. Lafwa nan sakrifis ranson Jezi a pral pèmèt efè peche a anile, e rezirèksyon an pral anile konsekans lanmò. Konsa, Bondye ap sèvi ak Jezi “pou l kraze travay Dyab la”. (1 Jan 3:8.) Tout bagay sa yo, Jewova ap fè yo fèt egzakteman nan bon moman an. Nou mèt kontan dèske li pa t aji anvan sa, paske pasyans li ban nou posiblite pou nou aprann laverite e pou nou sèvi l (2 Pyè 3:9, 10). Antretan, avèk dilijans, Bondye chèche moun ki vle adore l ak tout kè yo, e li ede yo pou yo andire kèlkeswa soufrans ki ka tonbe sou yo nan monn an boulvès sa a. — Jan 4:23; 1 Korentyen 10:13.

18 Gen moun ki ka mande èske Bondye pa ta ka anpeche tout soufrans sa a rive, si l te kreye Adan ak Èv yon fason pou yo pa ka rebele? Pou w jwenn repons kesyon sa a, w ap bezwen sonje yon kado ki gen anpil valè Jewova ba ou.

KI JAN N AP SÈVI AK KADO BONDYE BAN NOU AN?

Bondye ap ede w andire soufrans

19. Ki kado Jewova ban nou ki gen anpil valè, e poukisa nou dwe apresye kado sa a?

19 Jan nou te wè sa nan chapit 5 lan, Bondye te kreye lèzòm avèk libète pou yo deside. Èske w rann ou kont nan ki pwen se yon kado ki gen anpil valè? Bondye fè yon pakèt bèt, e se ensten ki pouse bèt sa yo aji (Pwovèb 30:24). Lòm fè wobo yo pwograme pou fè tout sa yo vle yo fè. Èske nou ta renmen se konsa Bondye fè nou? Non, nou byen kontan gen libète pou nou chwazi ki kalite moun nou vle ye, ki jan de vi n ap mennen, ki zanmi n ap fè, eksetera. Nou renmen gen yon sèten libète, e se sa Bondye vle pou nou.

20, 21. Ki pi bon fason nou ka sèvi ak libète nou genyen pou nou deside, e poukisa nou ta dwe gen anvi fè sa?

20 Jewova pa enterese pou nou sèvi l paske yo fòse nou fè sa (2 Korentyen 9:7). Ann pran yon egzanp. Ki sa ki t ap fè yon paran plis plezi? Pou yon pitit li di l: “Mwen renmen w” paske yon moun di l di sa oswa pou pitit la di l sa poukont li ak tout kè l? Donk, vrè kesyon an se ki jan ou menm w ap sèvi ak libète pou w deside Jewova ba ou a? Satan, Adan ak Èv te sèvi ak libète sa a fason ki pi mal la. Yo te rejte Jewova Dye. E ou menm, ki sa w ap fè?

21 Ou gen posiblite itilize bèl kado sa a, libète pou w deside a, fason ki pi bon an. Ou ka vin ini ak plizyè milyon moun ki pran pozisyon bò kote Jewova. Yo fè kè Bondye kontan paske yo jwe wòl pa yo pou yo pwouve Satan se yon mantè e pou yo pwouve li echwe yon fason lamantab kòm dirijan (Pwovèb 27:11). Ou menm tou, ou ka fè sa lè w chwazi dirije lavi w fason ki jis la. Chapit ki vin apre a pral pale de sa.