Al gade sa k anndan l

SA BIB LA DI

Jwèt aza

Jwèt aza

Gen kèk moun ki wè jwèt aza kòm yon senp divètisman, alòske gen lòt moun ki wè l kòm yon jwèt ki danjere.

Èske jwèt aza se yon bagay ki mal?

SA MOUN DI

Anpil moun wè jwèt aza kòm yon jwèt ki san danje, toutotan w jwe l yon fason ki legal. Gen kèk nan fòm jwèt sa yo ki legal, tankou lotri gouvènman soutni, kote moun ka benefisye de yo.

SA BIB LA DI

Bib la pa pale de jwèt aza. Men, grasa kèk prensip nou jwenn nan Bib la, nou ka wè ki jan Bondye konsidere jwèt aza.

Objektif jwèt aza se fè lajan sou tèt lòt moun, yon bagay ki kontrè ak avètisman Bib la bay pou nou “evite tout kalite tanta”. (Lik 12:15.) Jwèt aza se yon fòm avaris. Konpayi k ap fè piblisite pou jwèt aza yo montre moun ka fè anpil kòb nan aza toutpandan yo pa twò pale sou posiblite pou moun nan pèdi. Yo konnen anvi moun genyen pou yo rich ap pouse yo parye anpil kòb. Jwèt aza pa ede moun evite tanta, olye de sa li ankouraje dezi pou fè lajan fasil.

Jwèt sa a fè moun vin egoyis paske objektif la se genyen lajan lòt moun te pèdi. Sepandan, Bib la ankouraje moun pou yo “kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa [yo], men avantaj pa lòt moun”. (1 Korentyen 10 :24.) Anplis, youn nan Dis kòmandman yo di: “Nou pa dwe gen tanta sou . . . kèlkeswa bagay ki pou pwochen nou.” (Egzòd 20:17). Lè yon moun ap jwe aza li vle genyen, donk li swete lòt moun yo pèdi kòb pa yo a pou se li menm ki genyen kòb sa a.

Bib la mande n pou n evite konsidere chans tankou yon fòs mistik ki ka ede nou jwenn benediksyon. Nan Izrayèl tan lontan an, gen kèk moun ki te manke lafwa nan Bondye ki te “kòmanse prepare yon tab pou dye Chans lan”. Èske atachman sa a yo te genyen pou “dye Chans lan” te akseptab nan je Bondye? Non, Bondye te di yo: “Nou te kontinye fè sa ki mal devan je m, e nou te chwazi fè sa ki pa fè m plezi.” — Ezayi 65:11, 12.

Se vre, gen kèk kote nan monn nan, yo sèvi ak lajan ki soti nan jwèt aza pou edikasyon, devlopman ekonomik ak lòt pwogram piblik. Men, fason yo sèvi ak kòb la pa chanje fason yo fè kòb la, anpalan de yon seri aktivite ki ankouraje moun vin ava, egoyis e ki fè yo panse yo ka jwenn yon bagay san yo pa fè anyen pou sa.

“Nou pa dwe gen tanta sou . . . kèlkeswa bagay ki pou pwochen nou.”— Egzòd 20:17.

Ki efè negatif jwèt aza ka gen sou moun k ap jwe l yo?

SA BIB LA DI

Bib la di: “Moun ki byen deside pou yo rich yo tonbe nan tantasyon, yo tonbe nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki san sans e ki fè moun soufri, ki lage moun nan destriksyon ak nan dezas.” (1 Timote 6:9). Rasin jwèt aza se avaris e avaris tèlman kapab lakòz move efè sou nou, sa fè Bib la mete l nan lis konpòtman nou dwe fè tout sa n kapab pou n evite. — Efezyen 5:3.

Kòm objektif jwèt aza se fè lajan fasil, li vin lakòz moun gen lanmou pou lajan, yon bagay Bib la idantifye kòm “rasin tout kalite move bagay”. Anvi pou fè lajan kapab vin tèlman fò lakay yon moun sa fè moun nan vin ap enkyete l twòp e sa ka fè l vin pèdi lafwa nan Bondye. Bib la pale de moun ki pran nan pyèj sa a kòm moun “ki pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans”. — 1 Timote 6:10.

Avaris fè moun pa janm satisfè ak sa yo genyen, e li anpeche yo gen kè kontan. “Yon moun ki renmen lajan pap janm kontante l ak ajan, e yon moun ki renmen richès pap janm kontante l ak sa l genyen.” — Eklezyas 5:10.

Gen plizyè milyon moun ki kite jwèt aza atire yo, sa ki fè yo pran nan pyèj e yo vin esklav li. Selon yon estimasyon yo fè, pwoblèm sa a gaye anpil paske Ozetazini sèlman gen plizyè milyon moun ki esklav jwèt aza.

Men sa yon pwovèb di: “Byen moun vin genyen nan fè ava pap fè yo jwenn benediksyon pi devan.” ​(Pwovèb 20:21). Lè moun esklav jwèt aza, sa fè yo fè gwo dèt, yo pèdi travay yo ak zanmi yo e fanmi yo kraze. Lè nou aplike prensip ki nan Bib la, sa ka ede nou evite efè negatif jwèt aza ka gen sou lavi nou ak sou kè kontan nou.

“Moun ki byen deside pou yo rich yo tonbe nan tantasyon, yo tonbe nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki san sans e ki fè moun soufri, ki lage moun nan destriksyon ak nan dezas.” — 1 Timote 6:9.