Al gade sa k anndan l

Pwoblèm lajan ak dèt — Èske Bib la ka ede nou?

Pwoblèm lajan ak dèt — Èske Bib la ka ede nou?

Repons Bib la bay

 Wi. Kat prensip ki vin apre yo soti nan Bib la e yo kapab ede n jere pwoblèm lajan ak dèt:

  1.   Planifye depans ou. “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li, Men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” (Pwovèb 21:5). Pa prese achte yon bagay paske y ap vann li. Kalkile konbyen lajan w antre e konbyen w ap ka depanse, oubyen fè yon bidjè, epi respekte l.

  2.   Evite fè dèt san nesesite. “Moun ki prete nan men yon moun se esklav moun ki prete l la.” (Pwovèb 22:7). Si w deja gen dèt e w pa ka peye yo, pale ak moun ou dwe yo pou w wè ki jan w ka peye yo. Se pou w pèsiste. Suiv konsèy Bib la te bay moun ki te pran responsablite yon dèt san l pa t reflechi a: “Al bese w devan l e kouri al sipliye l. Pa kite dòmi pran w.” (Pwovèb 6:1-5). Menmsi premye demach ou fè a pa ta mache, kontinye mande pou fè chanjman nan fason w ap peye.

  3.   Kite lajan nan plas li. “Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k’ap tann yo pi devan.” (Pwovèb 28:22, Bib la). Anbisyon ak avidite kapab fè w pèdi tout ti lajan w, epi fè w pa gen tan pou bagay espirityèl.

  4.   Aprann kontante w. “Se sa k fè, si nou gen manje ak rad, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” (1 Timote 6:8). Ou pa ka achte lajwa oswa lakontantman ak lajan. Gen yon pakèt moun nan monn nan ki pa gen lajan, men y ap viv ak kè kontan. Sa yo posede a se lanmou yo genyen pou moun nan fanmi yo, pou moun ki zanmi yo ak yon amitye avèk Bondye. — Pwovèb 15:17; 1 Pyè 5:6, 7.