Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Laverite sou Bondye ak Kris

Laverite sou Bondye ak Kris

Menmsi, moun yo sou tè a adore divès kalite dye, gen yon sèl vrè Dye (Jan 17:3). Li se “Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”, se li ki kreye tout bagay, se li ki Sous lavi a. Se sèl li menm ki merite pou nou adore l. — Dànyèl 7:18; Revelasyon 4:11.

Kiyès Bondye ye?

Non Bondye parèt nan tèks orijinal la ANVIWON 7 000 FWA

JEWOVA se non Bondye

SEYÈ, BONDYE, PAPA — Kèk nan tit Jewova genyen yo

Ki non Bondye? Bondye li menm fè konnen: “Mwen se Jewova. Se non pa m.” (Ezayi 42:8). Non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa nan Bib la. Sepandan, nan anpil tradiksyon Labib, yo aji yon fason ki pa kòrèk lè yo ranplase non sa a ak tit tankou “Seyè”. Bondye vle nou vin zanmi l, nan sans sa a, li ankouraje nou “envoke non l”. — Sòm 105:1.

Tit Jewova genyen. Nan Bib la, gen kèk tit yo itilize lè y ap pale de Jewova, tankou “Bondye”, “Toupisan”, “Kreyatè”, “Papa”, “Seyè” ak “Souvren”. Nan anpil priyè nou jwenn nan Bib la, sèvitè Bondye yo konn itilize non Bondye, ki se Jewova, pou pale avè l, e yo konn itilize tit li genyen yo tou. — Dànyèl 9:4.

Kalite kò Bondye genyen. Bondye se yon espri (Jan 4:24). Bib la konfime sa paske li di: “Okenn moun pa janm wè Bondye.” (Jan 1:18). Bib la fè nou konnen jan Bondye santi l. Moun ka fè l tris, konsa tou yo ka “fè kè l kontan”. — Pwovèb 11:20; Sòm 78:40, 41.

Kalite estrawòdinè Bondye genyen. Bondye pa gen patipri, li akeyi moun tout nasyon, kèlkeswa kilti yo (Travay 10:34, 35). Anplis de sa, li se yon Bondye “ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite”. (Egzòd 34:6, 7.) Sepandan, Bondye gen kat kalite ki vrèman atiran.

Pisans. Etandone li se “Bondye Toupisan an”, pouvwa li genyen an san limit e li pèmèt li akonpli nenpòt sa l pwomèt. — Jenèz 17:1.

Sajès. Sajès Bondye genyen an depase sajès kèlkeswa moun nan. Nan sans sa a, Bib la di se Bondye “sèl ki saj”. — Women 16:27.

Jistis. Bondye toujou fè sa ki dwat. Aksyon l yo “bon”, e li “pa janm fè enjistis”. — Detewonòm 32:4.

Lanmou. Labib di “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8.) Bondye pa sèlman aji ak lanmou, men li se lanmou an pèsòn. Lanmou estrawòdinè li genyen an parèt nan tout sa l fè, e nou jwenn anpil byenfè grasa lanmou sa a.

Relasyon Bondye genyen ak lèzòm. Bondye se Papa nou ki nan syèl la e se yon Papa ki chaje ak lanmou (Matye 6:9). Si nou demontre nou gen lafwa nan li, n ap ka vin zanmi l (Sòm 25:14). Anfèt, Bondye envite nou pwoche bò kote l nan lapriyè e li envite nou “lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou”. — 1 Pyè 5:7; Jak 4:8.

Èske Bondye ak Kris se menm moun nan?

Jezi Pa Menm ak Bondye. Jezi pa gen parèy paske se li menm sèl Bondye te kreye dirèkteman. Nan sans sa a, Bib la pale de li antanke Pitit Gason Bondye a (Jan 1:14). Apre Jewova te fin kreye Jezi, premye pitit li a, li te itilize l antanke “yon moun ki konn travay byen” pou l kreye tout lòt bagay ak tout lòt kreyati yo. — Pwovèb 8:30, 31; Kolosyen 1:15, 16.

Jezi Kris pa t janm fè tèt li pase pou Bondye. Okontrè, li te esplike: “Mwen sot bò kote [Bondye] antanke reprezantan l, e se li ki voye m.” (Jan 7:29). Pandan Jezi t ap pale ak youn nan disip li yo, li te di Jewova se “Papa m, [e se] Papa nou tou”, li se “Bondye m, [e se] Bondye nou tou”. (Jan 20:17.) Apre lanmò Jezi, Jewova te resisite l pou l viv nan syèl la, li mete l adwat li e li ba l anpil pouvwa. — Matye 28:18; Travay 2:32, 33.

Jezi Kris ka ede nou vin pi pwòch ak Bondye

Jezi te vin sou tè a pou l ede nou konnen Papa l. Men sa Jewova te di konsènan Jezi: “Se Pitit Gason m, Pitit mwen renmen anpil la. Koute l.” (Mak 9:7). Jezi konnen Bondye pi byen pase nenpòt moun. Li te di: “Pèsonn pa konn kiyès Papa a ye, eksepte Pitit la ak moun Pitit la vle fè konnen l.” — Lik 10:22.

Jezi reflete kalite Bondye yo yon fason ki pafè. Jezi te tèlman byen imite kalite Papa l yo, se ak rezon li te di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” (Jan 14:9). Lefètke Jezi te imite lanmou Papa l gen lakay li ni nan pawòl li ni nan aksyon l, sa te atire moun vin jwenn Papa l. Li te di: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” (Jan 14:6). Li te fè konnen tou: “Vrè adoratè yo pral adore Papa a avèk lespri ak laverite, paske, vrèmanvre, se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l.” (Jan 4:23). Imajine sa! Jewova ap chèche moun tankou w, ki vle konnen laverite sou li.