Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèvi Jewova anvan vye jou yo rive sou ou

Sèvi Jewova anvan vye jou yo rive sou ou

“Sonje Gran Kreyatè w la.” — EKL. 12:1, NW.

1, 2. a) Ki konsèy Bondye te enspire wa Salomon ekri pou jèn yo? b) Pou ki rezon konsèy Salomon an konsène tou kretyen ki nan senkantèn yo oswa ki pi gran pase sa?

MEN sa Bondye te enspire wa Salomon ekri pou jèn yo: “Sonje Gran Kreyatè w la pandan ou jèn, anvan vye jou yo rive sou ou.” Men, ki sa “vye jou yo” ye menm? Nan yon langaj powetik ki atiran, Salomon t ap dekri yon seri pwoblèm moun ki aje yo ap fè fas tankou men ak pye yo k ap tranble, y ap pèdi dan, yo pa wè byen, yo tande di, cheve yo vin blan epi kò yo vin koube. Okenn moun pa dwe ret tann se lè l rive nan moman sa a nan lavi l pou l kòmanse sèvi Jewova. — Li Eklezyas 12:1-5, NW.

2 Gen anpil kretyen ki nan senkantèn yo oswa ki pi gran pase sa ki toujou gen anpil fòs sou yo. Yo gendwa gen kèk cheve blan, men, sante yo gendwa poko frajil jan Salomon te di sa. Èske kretyen sa yo ki aje jwenn byenfè nan konsèy Bondye te enspire Salomon ekri pou jèn yo ki di: “Sonje Gran Kreyatè w la”? Ki sa konsèy sa a vle di?

3. Ki sa sa vle di sonje Gran Kreyatè nou an?

 3 Menmsi nou gendwa gen plizyè ane depi n ap sèvi Jewova, l ap bon pou n fè yon ti poz detanzantan yon fason pou n reflechi sou jan Kreyatè nou an gran. Èske lavi nou posede a pa fè nou gen lakrentif pou li? Fason lavi kreye tèlman estrawòdinè sa depase konpreyansyon lèzòm. Bagay Jewova kreye yo tèlman anpil yo ban nou posiblite pou n viv ak kè kontan. Lè n reflechi sou bagay Jewova kreye yo, nou vin gen plis apresyasyon pou lanmou, sajès ak pisans li genyen (Sòm 143:5). Sepandan, sonje Gran Kreyatè nou an vle di tou sonje sa l mande nou fè. Pandan n ap reflechi konsa, se sèten n ap santi n detèmine pou n demontre rekonesans nou pou Kreyatè nou an lè n sèvi l ak tout kè n pandan tout vi nou. — Ekl. 12:13.

YON PRIVILÈJ ESPESYAL

4. Ki kesyon kretyen ki gen anpil eksperyans yo kapab poze tèt yo, e poukisa?

4 Si w se yon adilt ki gen plizyè dizèn ane eksperyans, ou bezwen poze tèt ou kesyon enpòtan ki vin annapre a: ‘Ki sa m pral fè ak lavi m kounye a etandone m gen fòs ak enèji toujou?’ Antanke kretyen ki gen eksperyans, ou gen kèk opòtinite lòt moun pa genyen. Ou kapab transmèt sa w aprann sou Jewova yo bay jèn yo. Ou kapab fè lafwa lòt moun vin pi solid lè w rakonte yo eksperyans ou fè nan sèvis Bondye a. Wa David te priye pou l te ka jwenn opòtinite pou l fè sa. Men sa l te ekri: “O Bondye, w ap enstwi m depi m te jèn [...]. E menm jiskaske m vyeyi e cheve m gri, o Bondye, pa kite m, jiskaske m pale ak jenerasyon an konsènan bra w, ak tout moun ki gen pou vini yo konsènan pisans ou.” — Sòm 71:17, 18, NW.

5. Ki jan kretyen ki aje yo kapab transmèt sa yo te aprann yo bay lòt moun?

5 Ki jan w kapab transmèt sajès ou te ranmase apre tout ane sa yo? Èske w kapab envite sèvitè Jewova ki pi jèn yo lakay ou pou w ka pase kèk bon moman ak yo? Èske w kapab mande yo pou yo akonpaye w nan travay predikasyon an epi montre yo jwa w jwenn nan sèvis Jewova a? Men sa Eliyou, yon moun ki t ap viv nan tan lontan, te di: “Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò.” (Jòb 32:7). Apot Pòl te ankouraje kretyèn ki gen eksperyans yo pou yo ankouraje lòt moun nan pawòl yo ak nan aksyon yo. Men sa l te ekri: “Se pou granmoun fi yo [...] anseye sa ki byen.” — Tit 2:3.

EGZAMINE KAPASITE W GENYEN POU W EDE LÒT MOUN

6. Ki sa k fè kretyen ki gen plizyè dizèn ane depi y ap sèvi Jewova yo pa dwe souzestime kapasite yo genyen?

6 Si w se yon kretyen ki gen anpil ane depi w ap sèvi Jewova, ou gen anpil kapasite. Reflechi sou kantite bagay ou konprann kounye a ou pa t menm konnen 30 oswa 40 an anvan sa. Ou gen kapasite pou w byen aplike prensip biblik yo nan lavi w. Se sèten, ou gen kapasite tou pou w touche kè lòt moun ak verite ki nan Bib la. Si w se yon ansyen, ou konn ki fason pou w ede yon frè ki fè yon fo pa (Gal. 6:1). Petèt, ou konn kòman pou w sipèvize aktivite kongregasyon an, sèvis nan asanble yo oswa konstriksyon Sal Wayòm yo. Ou gendwa konnen tou fason pou w ankouraje doktè yo sèvi ak metòd swen sante ki pa mande pou moun sèvi ak san. Menmsi se yon ti tan sèlman ou genyen depi w aprann laverite, ou gen bonjan eksperyans nan lavi a. Pa egzanp, si w gen pitit, se sèten, ou vin gen anpil sajès pratik. Lè kretyen ki aje yo anseye frè ak sè yo, yo ba yo direksyon epi yo fòtifye lafwa yo, yo se yon bonjan sous ankourajman pou pèp Jewova a. — Li Jòb 12:12.

7. Ki fòmasyon kretyen ki pi aje yo ka bay jèn yo?

7 Ki jan w kapab pi byen sèvi ak  kapasite w genyen yo? Petèt ou kapab montre pwoklamatè ki pi jèn yo fason pou yo kòmanse yon etid Labib ak fason pou yo kondui l. Si w se yon sè, èske w te ka bay jèn manman yo kèk sijesyon sou fason pou yo patisipe nan aktivite espirityèl yo toutpandan y ap pran swen timoun piti yo genyen yo. Si w se yon frè, èske w kapab anseye jèn frè yo fason pou yo bay diskou avèk antouzyas ak fason pou yo preche bon nouvèl la yon fason ki pi efikas? Èske w ka montre yo fason w konn ankouraje frè ak sè ki aje yo nan domèn espirityèl lè w al vizite frè ak sè sa yo? Menmsi w pa gen menm fòs ou te gen lontan an, ou gen anpil bèl opòtinite pou w bay jèn yo fòmasyon. Men sa Pawòl Bondye a fè konnen: “Se kouray ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l yo ki fè valè l.” — Pwo. 20:29.

SÈVI KOTE KI GEN PLIS BEZWEN

8. Ki sa apot Pòl te fè lè l te vin granmoun?

8 Menm lè apot Pòl te vin granmoun, li te sèvi ak tout kapasite l genyen pou l sèvi Bondye. Ozanviwon ane 61 epòk nou an, apre l te sot nan prizon nan vil Wòm, li te andire anpil ane difisil nan sèvis misyonè a alòske l te kapab kontinye preche byen trankil nan vil Wòm (2 Kor. 11:23-27). Se sèten, si l te rete Wòm, frè ki t ap viv nan gwo vil sa a t ap apresye sipò l t ap ba yo a anpil. Sepandan, Pòl te wè te gen plis bezwen nan lòt peyi. Li te rekòmanse travay misyonè l la ansanm ak Timote ak Tit. Yo te vwayaje al nan vil Efèz, yo te pase sou zile Krèt e petèt, yo te rive nan vil Masedwàn (1 Tim. 1:3; Tit 1:5). Nou pa konnen si l te vizite Espay, sepandan, li te gen entansyon fè sa. — Wom. 15:24, 28.

9. Ki lè petèt Pyè te deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

9 Petèt, apot Pyè te gentan gen plis pase 50 an lè l te deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen. Ki sa k fè n di sa? Se paske si Pyè te gen menm laj ak Jezi oswa l te petèt yon ti jan pi gran pase l, li dwe te gen anviwon 50 an nan moman l te reyini ak lòt apot ki te Jerizalèm yo nan ane 49 epòk nou an (Tra. 15:7). Kèk tan apre reyinyon sa a, Pyè t al viv nan vil Babilòn, sandout pou l te preche pakèt Juif ki t ap viv nan zòn sa a (Gal. 2:9). Se nan zòn sa a li te abite lè l te ekri premye lèt Bondye te enspire l ekri a ozanviwon ane 62 epòk nou an (1 Pyè 5:13). Sa kapab yon gwo defi pou yon moun al viv nan yon peyi etranje. Sepandan, malgre Pyè te gen anpil laj, li pa t kite sa anpeche l jwenn lajwa nan sèvis Jewova a.

10, 11. Rakonte eksperyans yon moun aje te fè lè l te deplase al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan.

10 Jodi a, gen anpil kretyen ki nan senkantèn yo oswa ki pi aje toujou ki vin rann yo kont sitiyasyon yo chanje, e konsa, yo kapab sèvi Jewova lòt fason ankò. Gen kèk nan yo ki deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen pwoklamatè Wayòm nan. Pa egzanp, men sa Robert fè konnen: “Mwen menm ak madanm mwen te nan senkantèn nou lè n te rann nou kont nou gen plizyè opòtinite devan nou. Pitit gason nou an te gentan kite kay la, nou pa t gen paran ki aje ki te bezwen pou n pran swen yo ankò, epi nou te resevwa yon ti eritaj. Mwen te kalkile si m te vann kay nou an sa t ap sifi pou n fin peye kòb nou te dwe sou kay la epi nou t ap ka pran swen tèt nou jiskaske m te resevwa lajan pansyon m. Nou te aprann gen anpil moun nan peyi Bolivi ki aksepte fè yon etid biblik, epi lavi a pa t twò chè. Donk, nou te deside al viv nan peyi sa a. Li pa t fasil pou n te adapte n ak nouvo kay nou an. Tout bagay te diferan anpil ak sa nou te abitye fè ann Amerik dinò. Sepandan, nou te jwenn bon rezilta pou efò nou te fè yo.”

11 Men sa Robert kontinye pou l di: “Kounye a, tout lavi n santre sou aktivite kongregasyon an. Gen kèk nan etidyan  Labib nou yo ki batize. Nou te etidye Labib ak yon fanmi ki pa gen gwo mwayen k ap viv nan yon vilaj ki nan yon distans plizyè kilomèt. Sepandan, chak semèn, fanmi sa a te konn vwayaje al nan vil la pou yo te ka asiste reyinyon yo byenke vwayaj la te difisil pou yo. Èske w ka imajine jwa nou te genyen lè n te wè jan fanmi sa a te fè pwogrè epi pi gran pitit gason yo a te menm pran sèvis pyonye pèmanan?”

BEZWEN KI GENYEN NAN TÈRITWA KOTE YO PALE LÒT LANG

12, 13. Rakonte eksperyans yon kretyen ki te kòmanse sèvi Jewova yon lòt fason te fè apre l te fin pran retrèt li.

12 Kongregasyon ak gwoup ki pale lòt lang yo kapab jwenn anpil byenfè nan egzanp frè ak sè ki aje yo. Yon lòt bò, tèritwa sa yo kapab vrèman enteresan pou preche. Pa egzanp, men sa Brian fè konnen: “Apre m te fin pran retrèt mwen nan peyi Grann Bretay lè m te gen 65 an, mwen menm ak madanm mwen t ap mennen yon vi ki kalm. Pitit nou yo te kite kay la, epi se raman mwen te konn rankontre moun ki enterese pou n etidye Labib ak yo. Annapre, mwen te rankontre yon jèn Chinwa ki t ap fè rechèch nan inivèsite ki nan zòn nan. Li te aksepte envitasyon m te fè l pou l asiste reyinyon yo, epi mwen te kòmanse etidye Labib avè l. Apre kèk semèn, li te kòmanse mennen yon kòlèg li, ki Chinwa tou, nan etid la. De semèn annapre, li te mennen yon twazyèm, apre sa yon katriyèm.”

13 “Rive yon lè, gen yon senkyèm Chinwa ki t ap fè rechèch tou ki te mande yon etid biblik, e sa te fè m panse konsa: ‘Se pa paske m gen 65 an ki fè m dwe pran retrèt mwen nan sèvis Jewova a.’ Se sa k fè, mwen te mande madanm mwen, ki gen dezan an mwens mwen, si l ta renmen aprann pale chinwa. Nou te suiv yon kou lang ki te tou anrejistre. Se vre sa deja gen dizan, men, preche nan yon tèritwa ki pale yon lòt lang fè nou santi n jèn ankò. Antou, nou gentan etidye Labib ak 112 Chinwa! Pifò nan yo asiste reyinyon yo. Kounye a, gen youn nan yo k ap sèvi antanke pyonye ansanm avè n.”

Petèt ou pa twò granmoun pou w fè plis nan travay predikasyon an. (Gade paragraf 12, 13.)

 PRAN PLEZI NAN SA W KA FÈ

14. Ki sa kretyen ki aje yo kapab kontan aprann, e ki jan egzanp Pòl ankouraje yo?

14 Se vre gen anpil kretyen ki nan senkantèn yo ki gen bèl opòtinite pou fè lòt bagay nan sèvis Jewova a, sepandan, se pa yo tout ki ka fè sa. Gen kèk nan yo ki gen pwoblèm sante, e gen lòt k ap pran swen paran yo ki granmoun anpil oswa pwòp pitit yo. W ap kontan aprann Jewova apresye kèlkeswa sa w fè nan sèvis li. Kidonk, olye w kite sa w pa ka fè yo fè w fristre, pran plezi nan sa w ka fè yo pito. Ann konsidere egzanp apot Pòl. Pandan anpil ane, Pòl te nan prizon e l pa t kapab kontinye vwayaj misyonè l yo. Sepandan, kèlkeswa lè moun te vin wè l, li te pale ak yo konsènan Ekriti yo e l te fè lafwa yo vin pi solid. — Tra. 28:16, 30, 31.

15. Ki sa k fè kretyen ki granmoun anpil yo gen anpil valè?

15 Jewova apresye sa moun ki granmoun anpil yo fè nan sèvis li tou. Byenke Salomon te montre se pa vye jou yo, kote sante moun vin frajil, ki pi bon lè a, Jewova bay sa kretyen ki granmoun anpil yo fè pou louwe l anpil valè (Lik 21:2-4). Frè ak sè nan kongregasyon yo apresye bèl egzanp fidelite moun sa yo k ap sèvi Bondye depi byen lontan bay.

16. Ki privilèj, petèt, Ana pa t jwenn, men, ki sa l te kapab fè pou l adore Bondye?

16 Bib la pale de Ana, yon fi ki te kontinye louwe Jewova fidèlman malgre l te granmoun anpil. Lè Jezi te fèt, Ana te gen 84 an e li te vèv. Petèt, li pa t viv ase tan pou l te vin disip Jezi, pou Bondye chwazi l pou l al viv nan syèl, oswa pou l pran plezi preche bon nouvèl Wayòm nan. Malgre sa, Ana te fè sa l kapab, e l te pran plezi fè sa. Bib la fè konnen “li pa t janm pa nan tanp lan pou l bay Bondye yon sèvis sakre lajounen kou lannuit”. (Lik 2:36, 37.) Lè prèt la te konn ap ofri lansan nan tanp lan lè maten ak leswa, Ana te konn pami foul moun ki rasanble nan lakou a ki te konn ap priye an silans, petèt, pandan demi èdtan. Lè l te wè Jezi, ki te tibebe lè sa a, li te kòmanse “pale de tipitit la ak tout moun ki t ap tann delivrans Jerizalèm”. — Lik 2:38.

17. Ki sa n ka fè pou n ede kretyen ki granmoun anpil yo oswa ki enfim yo patisipe nan vrè adorasyon an?

17 Jodi a, nou dwe chèche okazyon pou n ede kretyen ki granmoun anpil yo oswa ki enfim yo. Gen kèk nan yo ki t ap byen renmen asiste reyinyon kongregasyon an ak asanble yo, men se gendwa yon lè konsa yo rive fè sa. Nan kèk peyi, avèk lanmou, kongregasyon yo fè aranjman pou frè ak sè sa yo koute reyinyon yo nan telefòn. Sa gendwa pa posib nan lòt peyi. Menm nan ka sa a, kretyen ki pa kapab asiste reyinyon yo kapab soutni vrè adorasyon an. Pa egzanp, priyè yo fè yo kontribye pou fè kongregasyon an mache byen. — Li Sòm 92:13, 14.

18, 19. a) Poukisa kretyen ki granmoun anpil yo gendwa pa rann yo kont jis nan ki pwen yo ankouraje lòt moun? b) Ki moun ki kapab aplike konsèy sa a ki di: “Sonje Gran Kreyatè w la”?

18 Kretyen ki granmoun anpil yo gendwa pa rann yo kont jis nan ki pwen yo ankouraje lòt moun. Pa egzanp, byenke Ana te fè tout ane sa yo li pral nan tanp lan regilyèman, petèt, li pa t rann li kont ki jan egzanp li t ap kontinye ankouraje lòt moun plizyè syèk annapre. Ekriti yo pale de lanmou Ana te genyen pou Jewova. Se sèten, lanmou w gen pou Bondye ekri nan kè adoratè parèy nou yo. Se ak rezon Pawòl Bondye a di: “Cheve gri [yo] se yon kouwòn bote lè yo twouve yo nan chemen jistis.” — Pwo. 16:31, NW.

19 Nou tout gen limit nan sa n ka fè nan sèvis Jewova a. Sepandan, se pou tout moun ki gen fòs ak enèji toujou pami nou yo pran pawòl ki vin annapre yo trèzoserye. Men sa nou li: “Sonje Gran Kreyatè w la pandan ou jèn, anvan vye jou yo rive sou ou.” — Ekl. 12:1, NW.