Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Kòman nou ka gen kè kontan nan maryaj nou?

Konsèy Bib la bay sou fason pou moun gen kè kontan nan maryaj yo bay bon rezilta, paske se Jewova, Moun ki pran dispozisyon pou gen maryaj la, ki bay yo. Bib la anseye nou pou nou kiltive kalite k ap pèmèt nou jwenn kè kontan nan maryaj nou epi li atire atansyon nou sou kèk defo ki ka kraze yon maryaj. Anplis de sa, li aprann nou fason pou nou byen kominike, sa k ap fè nou gen plis kè kontan nan maryaj nou. — Li Kolosyen 3:8-10, 12-14.

Mari ak madanm dwe gen respè youn pou lòt. Lè yo chak jwe wòl Bondye ba yo nan maryaj la, sa ka fè yo gen kè kontan. — Li Kolosyen 3:18, 19.

Ki sa k ka fè yon maryaj dire?

De moun ki marye ap ret ansanm si youn renmen lòt. Bondye aprann nou fason pou nou demontre lanmou. Ni li menm, ni Jezi, pitit li a, se egzanp pafè nan fason yo demontre lanmou, e yo dispoze fè sakrifis pou sa. — Li 1 Jan 4:7, 8, 19.

Lè mari ak madanm respekte maryaj, antanke dispozisyon Bondye pran, sa ap fè yo ret ansanm. Bondye te kreye maryaj pou l yon inyon pèmanan ant yon gason ak yon fi dekwa pou l pwoteje fanmi. Li posib pou yon maryaj dire paske Bondye te fè gason ak fi pou youn konplete lòt ni nan domèn fizik ni domèn afektif. — Li Jenèz 1:27; 2:18, 24.