Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KÒMAN BONDYE KONSIDERE LAGÈ?

Fason Bondye te konsidere lagè nan premye syèk la

Fason Bondye te konsidere lagè nan premye syèk la

Yo t ap toupizi pèp la. Pa gen dout nan sa, Juif nan premye syèk la te konn priye Bondye souvan pou yo mande l sekou menm jan ak zansèt yo. Fwa sa a, yo te anba jouk boutdi Anpi women an. Epi, yo te tande pale de Jezi. Èske Jezi te pwouve li se Mesi yo te anonse ki gen pou vini an? Se pa etonan si yon bon valè nan yo “te gen espwa se mesye sa a ki t apral delivre Izrayèl” anba men Women yo ki t ap maltrete l (Lik 24:21). Men, yo pa t jwenn okenn sekou. Olye de sa, nan ane 70 epòk nou an, lame women an te vini e li te detwi ni Jerizalèm ni tanp lan.

Ki sa k te pase? Poukisa Bondye pa t fè lagè pou Juif yo, jan l te konn fè sa nan tan lontan? Oubyen, poukisa li pa t otorize yo pou yo fè lagè pou yo te libere tèt yo anba Women yo ki t ap toupizi yo? Èske fason Bondye te konsidere lagè a chanje? Non. Men, gen yon gwo chanjman ki te fèt anrapò ak Juif yo. Yo te rejte Jezi, Pitit Bondye a, antanke Mesi (Travay 2:36). Se sa k fè, antanke nasyon, yo te pèdi relasyon espesyal yo te gen ak Bondye a. — Matye 23:37, 38.

Ni nasyon juif la ni Latè pwomiz pa t gen pwoteksyon Bondye ankò. Juif yo pa t gen okenn dwa ankò pou yo te pretann yo gen apwobasyon Bondye pou yo fè lagè oubyen pou yo ta panse l ap soutni yo nan lagè. Jan Jezi te predi sa, benediksyon Izrayèl selon lachè a te konn resevwa paske l te gen apwobasyon Bondye, Bondye te retire benediksyon sa yo, e se yon nouvo nasyon li te bay yo, yon nasyon espirityèl. Apre sa, nan Bib la yo te vin rele nasyon sa a “Izrayèl Bondye a”. (Galat 6:16; Matye 21:43.) Se kongregasyon ki fòme ak kretyen ki gen esperans pou y al viv nan syèl la ki Izrayèl espirityèl la. Se pou rezon sa a, nan premye syèk la, yo te di yo: “Kounye a, nou se pèp Bondye.” — 1 Pyè 2:9, 10.

Piske kretyen nan premye syèk la te vin “pèp Bondye” kounye a, èske Bondye te fè lagè pou yo pou l te ka libere yo anba Women yo ki t ap toupizi yo? Oubyen, èske l te otorize yo fè lagè ak moun ki t ap toupizi yo? Non, li pa t fè sa. Poukisa? Lè Bondye te konn bay lòd pou yo fè lagè, se li menm sèlman ki te konn deside ki lè yo te dwe fè gè sa yo, jan atik ki vin anvan an te montre sa. Bondye pa t fè lagè pou kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, ni li pa t otorize yo patisipe nan lagè nasyon yo t ap fè. Sa klè, premye syèk la se pa t moman pou Bondye fè lagè ak moun ki t ap fè mechanste e ki t ap toupizi lòt moun.

Konsa, menm jan ak sèvitè Bondye nan tan lontan yo, kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te dwe tann jiskaske moman Bondye chwazi a rive pou l mete fen nan mechanste ak move zak. Antretan, Bondye pa t ba yo otorizasyon pou yo fè lagè ak ènmi yo. Nan ansèyman Jezi Kris te bay yo, li te di sa byen klè. Pa egzanp, li pa t bay disip li yo lòd pou yo fè lagè, okontrè, men sa l te di yo: “Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” ​(Matye 5:44). Lè Jezi t ap anonse moman kote lame women an t apral atake Jerizalèm nan premye syèk la, li pa t bay disip li yo enstriksyon pou yo rete Jerizalèm pou yo ka fè lagè ak Women yo. Okontrè, li te di yo pou yo chape poul yo. Se sa disip yo te fè. — Lik 21:20, 21.

Mete sou sa, men sa Bondye te enspire apot Pòl pou l ekri: “Pa vanje tèt nou, [...] paske men sa ki ekri: ‘Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.’ Se sa Jewova di.” ​(Women 12:19). Pòl te site pawòl Bondye te di plizyè syèk anvan, jan yo rapòte sa nan Levitik 19:18 ak Detewonòm 32:35. Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan atik sa a, youn nan fason Bondye te konn vanje pou pèp li a nan tan lontan se lè li te ede yo fè lagè ak ènmi yo. Konsa, pawòl Pòl yo montre fason Bondye te konsidere lagè pa t chanje. Nan premye syèk la, Bondye te toujou konsidere lagè kòm yon mwayen legal pou l fè vanjans pou sèvitè l yo e pou l mete fen nan tout kalite move zak ak mechanste. Sepandan, menm jan sa te ye nan tan lontan, se Bondye sèlman ki te konn deside ki lè pou yo fè lagè e kiyès ki dwe patisipe ladan l.

Sa klè, Bondye pa t otorize kretyen nan premye syèk la fè lagè. Men, e jodi a? Èske gen yon gwoup moun jodi a Bondye otorize fè lagè? Oubyen èske kounye a se moman Bondye chwazi pou l aji pou l fè lagè pou sèvitè l yo? Ki fason Bondye konsidere lagè jodi a? Dènye atik nan seri atik sa yo pral reponn kesyon sa yo.