Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | TIMOTE

“Pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl”

“Pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl”

TIMOTE ap mache byen vit sou wout la k ap mennen l lwen lakay li, je l byen fikse sou sa k ap tann li. Zanmi l yo pran devan pandan y ap travèse kèk jaden Timote byen konnen. Tikras pa tikras, y ap kite vil Lis dèyè, yon vil ki te sou tèt yon ti mòn nan yon vale. Timote souri pandan l ap panse ak manman l ansanm ak granmè l ki santi yo fyè e k ap fè efò pou yo pa kriye pandan y ap gade Timote k aprale. Èske l ta dwe tounen pou l di yo orevwa yon dènye fwa?

Tanzantan, apot Pòl vire gade Timote e li souri ba li pou l ankouraje l. Li te konnen Timote t ap bezwen kontinye venk timidite li gen lakay li, men li te kontan wè antouzyas jèn gason an genyen. Timote te vrèman jèn, petèt li te toujou nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li, epi li te gen anpil respè ak afeksyon pou Pòl. Kounye a, Timote ap suiv Pòl, yon moun ki aktif e ki fidèl, k ap vwayaje nan yon distans plizyè santèn kilomèt parapò ak lakay li. Yo t ap gen pou yo vwayaje apye ak nan bato, e yo t ap gen pou yo fè fas ak yon pakèt danje sou wout yo. Timote vrèman pa t konnen si l t ap janm wè lakay li ankò.

Ki sa k te pouse jèn gason sa a pousuiv yon objektif konsa nan lavi l? Ki byenfè li t ap jwenn ki t ap fè li vo lapèn pou l fè sakrifis sa yo? E ki jan lafwa Timote ka enfliyanse lafwa nou?

‘DEPI L TOUPITI’

Ann fè yon ti bak dezan oubyen twazan anvan, petèt, li pwobab pou se nan vil Lis Timote te fèt. Yon ti vil pwovens ki byen trankil e ki nan yon vale ki byen wouze. Sanble moun yo te konprann lang grèk la, men yo te toujou pale lang yo te pale nan zòn nan, likawonyen. Yon jou, vil pezib sa a te vin chofe. Apot Pòl ak Banabas, de kretyen ki misyonè ki t ap vwayaje ansanm, te rive nan vil Ikonyòm, yon gwo vil ki te toupre a. Pandan yo t ap preche an piblik, Pòl te remake yon mesye ki enfim ki montre li gen yon gwo lafwa. Konsa, Pòl te fè yon mirak e li te geri mesye a! — Travay 14:5-10.

Sanble, anpil moun nan vil Lis te kwè nan yon seri lejann ki te gen nan zòn nan ki fè konnen, nan tan lontan, dye yo te konn pran fòm kò moun pou yo vin nan zòn nan. Se sa k fè yo te pran Pòl pou Èmès e yo te pran Banabas pou Zes. Se pa t ti traka de kretyen sa yo ki te enb te jwenn anvan yo te rive anpeche moun yo ofri yo sakrifis. — Travay 14:11-18.

Men, pou kèk moun nan vil Lis, se pa t dye nan lejann payen yo ki te vin vizite yo nan moman an, sa k t ap pase a se te yon bagay ki reyèl e ki estrawòdinè. Pa egzanp, Enis, yon dam juif ki te marye ak yon mesye grèk ki pa kwayan *, t ap koute Pòl ak Banabas avèk anpil atansyon. Li te ansanm ak manman l, Loyis, e yo te kontan. Anfen, men dènye nouvèl chak Juif ki fidèl te anvi tande: Mesi a te vini epi li te akonpli anpil pwofesi nan Ekriti yo ki te gen rapò ak li!

Imajine jan vizit Pòl la te gen efè sou Timote. Timote te jwenn fòmasyon ‘depi l toupiti’ pou li renmen Liv sakre ki te ekri ann ebre yo (2 Timote 3:15). Menm jan ak manman l ak granmè l, li te ka wè Pòl ak Banabas t ap fè konnen laverite konsènan Mesi a. Epi li te sonje mesye ki te enfim Pòl te geri a. Paske, lè l te yon tigason, petèt, se pa ni youn ni de fwa li te konn wè mesye a nan lari nan vil Lis. Kounye a, Timote te wè mesye a k ap mache pou premye fwa! Se pa etonan pou Enis ak Loyis te vin kretyen, epi pou Timote te vin kretyen tou. Jodi a, moun ki granparan ak moun ki paran ka aprann anpil bagay nan men Loyis ak Enis. Èske nou ka gen bon enfliyans sou jèn yo?

“ANBA ANPIL TRIBILASYON”

Moun ki te vin kretyen nan vil Lis yo dwe te kontan anpil lè yo te aprann esperans ki t ap tann disip Kris yo. Men, yo te aprann tou pou yon moun vin disip Kris, sa mande sakrifis. Juif ki te fanatik e ki te opozan nan Ikonyòm ak Antyòch yo te vin nan vil la epi yo te fè pèp la, ki pa mal pou chanje, leve kont Pòl ak Banabas. Sa pa t pran tan pou foul sa a ki te an kòlè avanse sou Pòl pou yo kalonnen l ak kout wòch. Apre yo te fin frape l plizyè fwa, li tonbe atè. Foul la te trennen l met deyò vil la, paske yo te panse l mouri. — Travay 14:19.

Sepandan, disip ki nan vil Lis yo t al chèche Pòl pa deyò vil la, yo te antoure l lè yo te jwenn li. Se pa ti soulaje yo dwe te santi yo soulaje lè yo te wè Pòl ap souke kò l, li leve atè a, epi apre sa, ak kouraj, menm kote a li tounen nan vil Lis! Nan demen, li menm ak Banabas kite Lis pou y al nan vil Dèbe pou yo ka kontinye preche. Apre yo fin fè nouvo disip nan zòn sa a tou, yo te retounen nan vil Lis ankò menmsi sa te reprezante yon danje pou yo. Poukisa? ‘Pou yo te ka fòtifye disip yo e pou yo te ka ankouraje yo pou yo rete nan lafwa’ jan istwa ki nan liv Travay la fè nou konn sa. Imajine Timote ki te jèn, je li ouvri byen gran pandan l ap koute Pòl ak Banabas k ap anseye kretyen sa yo e k ap montre yo jan sakrifis yo sot fè yo te vo lapèn lè yo konsidere bèl esperans yo genyen pou lavni an. Yo di yo: “Nou dwe antre nan Wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon.” — Travay 14:20-22.

Timote te ouvri kè l pou l resevwa ansèyman apot Pòl t ap ba li.

Timote te wè Pòl te viv ann amoni ak pawòl sa yo, paske Pòl te fè fas ak tribilasyon avèk kouraj yon fason pou l te ka pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Konsa, Timote te konnen si l te suiv egzanp Pòl, moun nan vil Lis yo ta ka opoze avè l, menm papa l te ka kont li tou. Men, Timote pa t ap kite kalite presyon sa yo enfliyanse desizyon l te pran sou fason pou l sèvi Bondye. Jodi a, gen anpil jèn ki tankou Timote. Yo montre yo saj lè yo chèche fè zanmi ak moun ki gen lafwa yo solid, moun k ap ankouraje yo e k ap fòtifye yo. Epi yo pa kite opozisyon fè yo abandone sèvis y ap bay vrè Dye a.

‘FRÈ YO TE PALE AN BYEN DE TIMOTE’

Jan nou sot wè sa, petèt Pòl te fè pwochen vizit li a nan vil Lis dezan oswa twazan apre. Imajine jan moun lakay Timote te kontan lè yo te wè Pòl rive lakay yo, fwa sa a li te ansanm ak Banabas. Se sèten, Pòl te kontan tou nan moman sa a. Li te ka wè ak je l sa k te rive grenn verite li te simen nan vil Lis yo. Nan vil sa a, te gen Loyis ak pitit fi l, Enis, ki se kretyen fidèl kounye a e ki gen anpil “lafwa ki san ipokrizi”. Pòl te admire yo anpil (2 Timote 1:5). Bon, e Timote menm, sa k te pase l?

Pòl te aprann jèn gason an te pwogrese yon fason ki remakab depi dènye vizit li a. Se pa nan vil Lis sèlman ‘frè yo te pale an byen de Timote’, men yo te fè sa tou nan vil Ikonyòm ki te nan nò nan yon distans 32 kilomèt parapò ak Lis (Travay 16:2). Ki sa Timote te fè pou l vin gen bèl repitasyon sa a?

‘Depi Timote te toupiti’, manman l ak granmè l te anseye l sa ki ekri nan “Liv sakre yo”, liv sa yo gen bonjan konsèy k ap itil moun ki jèn yo (2 Timote 3:15). Men yon egzanp: “Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan.” ​(Eklezyas 12:1). Pawòl sa yo te gen anpil enpòtans pou Timote lè l te vin kretyen. Li te remake youn nan pi bon fason li ka montre li sonje Gran Kreyatè a se lè li pataje bon nouvèl sou Kris, Pitit Bondye a, ak lòt moun. Tikras pa tikras, Timote te aprann venk kèlkeswa timidite li te gen lakay li ki te ka anpeche l pwogrese e ki te ka anpeche l mete kouraj sou li pou l fè lòt moun konnen bon nouvèl konsènan Jezi Kris la.

Mesye ki te pran latèt nan kongregasyon yo te remake pwogrè Timote te fè. Pa gen dout, sa te touche yo lè yo te wè fason jèn sa a te fòtifye tout moun ki bò kote l e jan l te ankouraje yo. Sepandan, sa k te pi enpòtan an sèke Jewova te remake Timote. Bondye te bay kèk pwofesi ki te pale de Timote. Petèt sa te gen rapò ak sèvis li t ap gen pou l fè yon lè nan anpil kongregasyon. Lè Pòl te tounen nan vil Lis, li te wè Timote te ka vin yon bon konpayon pou li nan vwayaj misyonè li t ap fè yo. Frè ki te nan vil Lis yo te dakò. Yo te poze men sou jèn gason an, jès sa a yo te fè a vle di yo te ba l yon privilèj espesyal nan sèvis Jewova Dye. — 1 Timote 1:18; 4:14.

Nou ka imajine jan Timote dwe te enpresyone e li te santi l piti devan gwo konfyans yo te fè l ak gwo responsablite li te vin genyen. Li te prepare l pou l ale *. Men, ki reyaksyon w panse papa Timote ki pa t kwayan te genyen lè l te aprann pitit li a te jwenn yon nouvo privilèj, li t ap gen pou l vwayaje kòm misyonè? Petèt, li te gen yon bagay totalman diferan nan lespri l konsènan avni pitit li a. Ki sa nou ka di pou manman Timote ak granmè l? Èske yo te montre yo fyè toutpandan yo t ap eseye kache enkyetid yo genyen konsènan byennèt jèn gason an? Se t ap yon bagay ki nòmal.

Men sa ki sèten sèke Timote te ale. Jou maten yo pale nan kòmansman atik la, li te vwayaje ak apot Pòl. Pandan l ap kite vil Lis dèyè, chak bri ti wòch yo fè anba sandal li, e chak bri zèb li pile yo fè, se te yon pa anplis ki t ap mennen l pi pre yon vil li pa t konnen e ki t ap fè l vin pi lwen lakay li. Apre twa mesye yo te fin fè tout yon jounen ap mache, yo te rive Ikonyòm. Kounye a, Timote t ap gade jan Pòl ak Silas t ap bay dènye enstriksyon kolèj santral la te voye, kolèj santral la te nan vil Jerizalèm. E li te wè jan yo te fè efò pou yo fòtifye lafwa kwayan ki nan vil Ikonyòm yo (Travay 16:4, 5). Men, tout sa se te jis yon kòmansman.

Apre misyonè yo te fin vizite kongregasyon ki nan Galasi yo, yo te kite gwo wout Women yo te fè ak wòch ak beton, yo te mache plizyè santèn kilomèt yo travèse gwo plèn peyi Friji yo e yo t ale nan direksyon nò ak lwès. Toutpandan yo te kontinye suiv direksyon lespri sen Bondye, yo te pase Twowas, yo pran yon bato, epi y ale Masedwàn (Travay 16:6-12). Lè sa a, Pòl wè jis nan ki pwen Timote te itil li. Pòl te oblije kite Timote ak Silas nan vil Bere (Travay 17:14). Li te menm voye jèn gason an poukont li nan vil Tesalonik. Se la Timote te kontan imite bèl egzanp kèk moun li te wè, e li te fòtifye kretyen fidèl ki te nan vil sa a. — 1 Tesalonisyen 3:1-3.

Men sa Pòl te ekri Timote annapre: “Mwen pa gen pèsonn ki gen menm atitid avè l, pa gen pèsonn tankou l ki gen sousi pou nou toutbon.” ​(Filipyen 2:20). Se pa konsa konsa Timote te vin gen repitasyon sa a. Li te rive genyen l grasa travay di li te fè, grasa imilite li te demontre nan fason l te akonpli sèvis li e grasa fidelite ak andirans li te genyen nan sitiyasyon difisil. Èske se pa yon bèl egzanp pou jèn yo jodi a? Pa janm bliye repitasyon w depann anpil de ou. Si w jèn, ou gen yon bèl okazyon pou w travay pou w vin gen yon bon repitasyon lè w mete Jewova Dye an premye nan lavi w e lè w trete lòt moun avèk bonte e avèk respè.

“FÈ TOUT SA W KAPAB POU W VIN KOTE M”

Depi lè Timote te jèn, li te bay tout li menm nan ministè a antanke kretyen.

Pandan anviwon 14 an, Timote te pase yon bon valè tan ap travay ak apot Pòl, zanmi l lan. Li menm ak Pòl te fè fas ak anpil danje, men tou yo te pase anpil bèl moman ansanm (2 Korentyen 11:24-27). Yon lè, yo te menm mete Timote nan prizon akoz lafwa l (Ebre 13:23). Anplis de sa, menm jan ak Pòl, li te montre l gen bonjan lanmou ak sousi pou frè ak sè yo. Se sa k fè Pòl te ekri l pawòl sa yo: “M sonje jan w te kriye.” ​(2 Timote 1:4). Sanble Timote te aprann “kriye ak moun k ap kriye”, sa vle di li te mete l nan plas yo pou l te ka pi byen ankouraje yo e pou l te ka pi byen rekonfòte yo jan Pòl te konn fè sa (Women 12:15). Se pou nou tout aprann aji menm jan an!

Se pa etonan, avèk letan, Timote te vin yon bon siveyan kretyen. Nonsèlman Pòl te ba l responsablite pou l vizite kongregasyon yo, pou l fòtifye yo e pou l ankouraje yo, men tou li te gen responsablite pou l nome gason ki kalifye pou sèvi nan kongregasyon yo antanke ansyen ak sèvitè ministeryèl. — 1 Timote 5:22.

Pòl te renmen Timote anpil, li te ba l anpil bon konsèy e li te ba l bonjan avètisman menm jan yon papa konn fè pou pitit gason l ki jèn. Li te ankouraje Timote pou l travay don espirityèl li genyen yo, pou l kontinye grandi nan domèn espirityèl e pou l fè pwogrè (1 Timote 4:15, 16). Li te ankouraje l pou l pa t janm kite jenès li, e petèt timidite li gen lakay li, anpeche l pran pozisyon fèm pou sa ki dwat, lè moman an te rive pou l fè sa (1 Timote 1:3; 4:6, 7, 11, 12). Pòl te menm konseye l sou fason pou l fè fas ak yon maladi li te genyen souvan, petèt se te yon pwoblèm lestomak. — 1 Timote 5:23.

Moman an te rive kote Pòl te konnen li t ap pwoche nan fen lavi l. Li klè, sa k t ap tann li se yon lanmò kote yo t apral egzekite l. Bondye te enspire l ekri yon dènye lèt li te voye pou Timote. Nan lèt sa a, nou jwenn pawòl touchan sa yo: “Fè tout sa w kapab pou w vin kote m tousuit.” ​(2 Timote 4:9). Pòl te renmen Timote anpil. Li te rele l “pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl”. (1 Korentyen 4:17.) Se pa etonan dèske Pòl te vle pou zanmi l lan bò kote l nan fen lavi l! Nou chak ka mande tèt nou: ‘Èske lòt moun chèche èd nan men m pou yo ka jwen rekonfò lè y ap fè fas ak difikilte?’

Èske Timote te rive kote Pòl atan? Nou pa konnen. Sa nou konnen sèke li te toujou fè tout sa l kapab pou l bay Pòl ak anpil lòt moun rekonfò ak ankourajman. Li te viv ann amoni ak siyifikasyon non Timote a genyen, yon non ki vle di: “Yon moun ki onore Bondye.” Epi li se yon moun ki te gen lafwa ki kite yon bèl egzanp pou nou tout. Kit nou jèn kit nou granmoun, nou ka imite l.

^ § 9 Gade atik “Èske w te konnen?” ki nan Toudegad sa a.

^ § 20 Timote te menm dakò pou l sikonsi lè Pòl te mande l sa, li pa t fè sa paske se yon bagay kretyen yo dwe fè, men li te fè sa paske Pòl pa t vle bay Juif li te konn preche yo okenn rezon pou yo opoze ak jèn gason an akoz papa l se yon moun lòt nasyon. — Travay 16:3.