Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Timoun ak telefòn entèlijan — 1ye pati: Èske pitit mwen dwe gen yon telefòn entèlijan?

Timoun ak telefòn entèlijan — 1ye pati: Èske pitit mwen dwe gen yon telefòn entèlijan?

 Anpil timoun gen telefòn entèlijan a e anpil ladan yo itilize telefòn yo pou y al sou Entènèt san moun pa konnen. Ki danje ki genyen lè w kite pitit ou gen yon telefòn entèlijan? Ki avantaj sa genyen? Ki jan nou ka detèmine lè yon timoun pase twòp tan nan telefòn?

 Sa w dwe konnen

 Avantaj sa genyen

  •   Pwoteksyon pou timoun yo, lapè lespri pou paran yo. Men sa Bethany, yon manman ki gen de adolesan, fè konnen: “N ap viv nan yon monn ki danjere. Li enpòtan anpil pou timoun yo kenbe kontak ak paran yo.”

     Men sa yon lòt manman ki rele Catherine di: “Gen kèk aplikasyon ki pèmèt ou konekte ak telefòn pitit ou pou w wè ki kote l ye. Si l ap kondui, ou ka menm wè si l ale twò vit.”

  •   Li itil pou travay lekòl. Men sa yon manman ki rele Marie fè konnen: “Timoun yo konn resevwa devwa pa mwayen imel ak mesaj tèks, e yo ka kominike ak pwofesè yo konsa tou.”

 Danje sa genyen

  •   Yo pase twòp tan nan telefòn. An jeneral, jèn yo pase anpil tan nan telefòn yo chak jou. Anfèt, paran yo pase anviwon menm kantite tan sou aparèy elektwonik yo ak kantite tan yo pase avèk pitit yo. Jan yon moun ki konn bay fanmi konsèy fè konnen: “Anpil manm fanmi vin etranje youn ak lòt dèske yo pase anpil tan sou ekran aparèy yo.” b

  •   Pònografi. Selon yon rapò, chak mwa, pifò adolesan chèche gade pònografi. Sa pa etone nou, paske li fasil pou yon moun gen aksè ak pònografi sou aparèy elektwonik li. Men sa William, yon papa ki gen de adolesan, di: “Lè paran yo pèmèt pitit yo genyen yon telefòn entèlijan, san yo pa rann yo kont, sa bay timoun yo aksè ak yon boutik pònografi k ap suiv yo tout kote yo ale.”

  •   Yo depann de aparèy yo. Anpil moun santi yo atache ak telefòn yo. Lè yo pa wè telefòn yo, yo panike, yo trakase, yo konn menm santi yo malad. Gen kèk paran ki fè konnen timoun yo konn pa demontre respè pou yo lè y ap sèvi ak aparèy elektwonik yo. Men sa Carmen fè konnen: “Pafwa, lè m anvi pale ak pitit gason m nan, li gen yon jan li bougonnen paske l pa vle kite sa l ap fè a.”

  •   Lòt danje ki genyen. Lè yon moun sèvi ak telefòn entèlijan, li ka fè fas ak lòt danje. Pami yo, mechanste moun fè sou Entènèt, sèksting ak plizyè pwoblèm sante lefètke moun konn pran move pozisyon ak kò yo lè y ap itilize aparèy yo, epitou yo konn manke dòmi. Gen kèk jèn ki konn sèvi avèk yon lòt aplikasyon ki parèt inosan tankou yon kalkilatris, pou yo kache enfòmasyon yo pa vle paran yo wè.

     Men sa Daniel, papa yon jèn fi ki adolesan, fè konnen: “Yon telefòn entèlijan ouvri yon pòt pou tout sa ki sou Entènèt, ni sa ki bon, ni sa ki pa bon.”

 Kesyon ou dwe poze

  •   ‘Èske pitit mwen an bezwen yon telefòn entèlijan?’

     Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” ​(Pwovèb 14:15). Toutpandan w ap reflechi sou vèsè sa a, mande tèt ou:

     ‘Èske pou rezon sekirite oswa pou yon lòt rezon li t ap bon pou pitit mwen an gen yon telefòn entèlijan? Èske m deja egzamine avantaj ak danje sa gen ladan l? Èske gen yon lòt bagay m ka fè olye m pèmèt li gen yon telefòn entèlijan?’

     Men sa yon papa ki rele Todd di: “Nou toujou gen opsyon achte yon telefòn ki pa gen aksè ak Entènèt. Sa ba w posiblite pou w kontakte pitit ou pa mwayen sms oswa apèl. Epitou w ap fè mwens depans.”

  •   ‘Èske pitit mwen pare pou responsablite a?’

     Men sa Bib la di: “Kè moun ki gen sajès la mennen l nan bon chemen.” ​(Eklezyas 10:2). Toutpandan w ap reflechi sou vèsè sa a, mande tèt ou:

     ‘Èske m gen prèv m ka fè pitit mwen an konfyans? Èske li alèz pou l pale avè m? Èske pitit mwen an abitye bay manti, petèt pou l kache kiyès ki zanmi l? Èske pitit mwen an deja demontre metriz nan fason l itilize lòt aparèy tankou televizyon, tablèt, oswa laptòp?’ Men sa yon manman ki rele Serena di: “Yon telefòn entèlijan se yon bon zouti, men li gen anpil danje ladan l. Reflechi sou gwo responsablite w ap bay pitit ou a ki jèn toujou.”

  •   ‘Èske mwen menm mwen pare pou responsablite a?’

     Men sa Bib la di: “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache.” (Pwovèb 22:6). Toutpandan w ap reflechi sou vèsè sa a, mande tèt ou:

     ‘Èske mwen konn sèvi ak telefòn nan, konsa m ka ede pitit mwen evite danje yo? Èske m konnen ki jan pou m sèvi ak opsyon ki genyen pou m mete limit sou sit timoun nan ka ale? Ki jan m ka ede timoun mwen an sèvi ak bonsans li lè l ap itilize telefòn nan?’ Men sa Daniel, yon papa nou te pale de li pi wo a, di: “Malerezman, m deja wè anpil paran ki annik lonje yon telefòn entèlijan bay pitit yo san yo pa janm verifye fason y ap sèvi avè l.”

 Sa nou dwe sonje: Timoun yo bezwen jwenn fòmasyon sou fason pou yo itilize yon telefòn entèlijan yon fason ki responsab. Selon liv Indistractable la, “tantasyon pou timoun yo toujou ap sèvi ak aparèy yo twò fò pou yo jere, sitou lè paran yo pa la pou siveye yo”.

a Nan atik sa a, lè nou sèvi ak ekspresyon “telefòn entèlijan” an, n ap pale de telefòn ki ka ale sou Entènèt.

b Dapre Disconnected, yon liv Thomas Kersting te ekri.