Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li — 1ye pati: Li oswa gade videyo?

Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li — 1ye pati: Li oswa gade videyo?

 Ki sa pitit ou prefere fè pou yo detann yo, li yon liv oswa gade videyo? Ki premye bagay y ap chwazi: yon telefòn entèlijan oswa yon liv?

 Depi plizyè dizèn ane, moun yo jwenn anpil distraksyon ki anpeche yo li. Okòmansman se te televizyon, men kounye a vin gen anpil bagay yo ka gade sou Entènèt tou. Men sa Jane Healy te fè konnen nan yon liv li te ekri sou sijè a an 1990: “Avèk letan, moun yo ka menm sispann li nèt.” — Endangered Minds.

 Nan epòk la, yon moun te ka panse li egzajere. Men, plizyè dizèn ane apre, nan kèk peyi kote moun yo itilize aparèy elektwonik anpil, moun ki fè lekòl yo remake anpil jèn pa fò nan li menm jan ak jenerasyon ki te vin anvan yo.

Nan atik sa a

 Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li?

  •   Lekti ankouraje yo sèvi ak imajinasyon yo. Pa egzanp, lè yon moun ap li yon istwa, li ka imajine son vwa moun yo, aparans yo ak anviwònman kote yo ye a. Se vre, moun ki ekri istwa a ka bay kèk detay pou ede moun k ap li a, men moun k ap li a bezwen sèvi ak imajinasyon l pou l ajoute rès detay yo.

     Men sa yon manman ki rele Laura di: “Lè n ap gade yon fim oswa yon videyo, n ap gade sa k te nan imajinasyon yon lòt moun. Se vre nou ka pran plezi nan sa n ap gade yo, men lè n li sa vrèman espesyal, paske n gen posiblite pou n sèvi ak imajinasyon pa nou pou n mete vi nan pawòl yon lòt moun te ekri.”

  •   Lekti ede timoun yo vin gen bèl kalite. Lè timoun yo li, sa ede yo devlope kapasite pou yo rezone sou pwoblèm yo rankontre yo e pou yo rezoud yo. Epitou, timoun yo bezwen konsantre pou yo ka li. Sa pèmèt yo devlope yon seri kalite tankou pasyans, metriz e yo aprann met tèt yo nan plas lòt moun.

     Ki jan lekti ka aprann yo met tèt yo nan plas lòt moun? Gen kèk moun k ap fè rechèch ki panse lè yon timoun pran san l pou l li yon istwa, sa ede l pou l chèche konprann santiman moun ki nan istwa l ap li a. E sa kapab ede timoun nan mete l nan plas moun li konnen yo.

  •   Lekti aprann timoun yo reflechi. Moun ki pran san yo pou yo li fè sa nan vitès pa yo e pafwa yo konn menm reli kèk bagay lè sa nesesè pou yo pi byen konprann ide ki ekri yo. Lè yo fè sa, li pi fasil pou yo sonje sa yo li yo e pou yo jwenn byenfè nan yo. — 1 Timote 4:15.

     Men sa yon papa ki rele Joseph remake: “Lè w ap li, li fasil pou w reflechi sou yon bagay ou li epi pou w fè lyen an avèk yon bagay ou deja konnen oswa ak leson ou ka aprann nan sa w li a. Men, lè se yon fim oswa yon videyo w ap gade, ou pa toujou gen posiblite pou w fè refleksyon sa yo.”

 Sa w dwe sonje: Videyo ak televizyon gen plas yo, men timoun yo t ap manke yon bagay enpòtan nan lavi yo si yo pa ta pran tan pou yo li tou.

 Fason pou w ankouraje yo fè lekti

  •   Kòmanse depi lè yo piti. Men sa Chloe, manman de tigason, fè konnen: “Nou te kòmanse li pou pitit nou yo depi lè yo te nan vant, e nou te kontinye fè sa apre yo te fèt. Nou kontan nou te fè sa. Avèk letan, fè lekti vin tounen yon plezi pou yo e l vin fè pati woutin yo.”

     Prensip Bib la bay: “Depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo.” — 2 Timote 3:15.

  •   Kreye yon anbyans ki ankouraje lekti. Toujou eseye gen liv ak lòt bagay nan kay la pou timoun yo li. Chèche kreye yon anbyans ki fè l fasil pou timoun yo li. Men sa Tamara, yon manman ki gen kat timoun, di: “Achte liv ou konnen pitit ou a ap renmen epi mete yo toupre kabann li.”

     Prensip Bib la bay: “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — Pwovèb 22:6.

  •   Mete limit sou kantite tan yo fè sou Entènèt. Yon papa ki rele Daniel sijere fanmi yo gen sware kote yo pa sèvi avèk okenn aparèy elektwonik. Li di: “Menmsi se yon fwa chak semèn, nou konn pase yon sware ansanm san televizyon. Nou pran yon ti tan pou n li, swa ansanm swa poukont nou.”

     Prensip Bib la bay: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

  •   Bay bon egzanp. Men sa Karina, manman de tifi di: “Lè w ap li pou pitit ou yo, eseye met vi nan istwa yo nan fason w li yo, konsa pitit ou ap ka wè ou pran plezi nan lekti a. Si w renmen li, li posib pou pitit ou yo renmen li tou.”

     Prensip Bib la bay: “Kontinye konsantre w sou lekti an piblik.” — 1 Timote 4:13.

 Se pa tout timoun k ap renmen li. Men, lè w ankouraje yo pou yo li, sa ka fè yo anvi fè sa. David, yon papa ki gen de tifi, fè yon lòt bagay tou. Men sa l di: “M te konn li sa pitit fi m yo ap li tou konsa m te konnen sa k enterese yo e n te ka pale sou sa n te li yo. Se kòmsi nou te fè ti gwoup lekti pa nou. M te renmen sa!”