Al gade sa k anndan l

Ki sa dis kòmandman Bondye te bay yo ye?

Ki sa dis kòmandman Bondye te bay yo ye?

Repons Bib la bay

 Dis kòmandman yo se lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl tan lontan an. Yo konn rele lwa sa yo tou dis Pawòl, ki se tradiksyon literal tèm ebre ʽaserèt addevarimʹ. Ekspresyon sa a parèt twa fwa nan Pentatek (Tora), senk premye liv nan Bib la. (Egzòd 34:28; Detewonòm 4:13; 10:4). Ekspresyon grèk la ki se deka (dis) logos (pawòl), vin bay ekspresyon “Dekalòg”.

 Bondye te ekri dis kòmandman yo sou de wòch plat bay Moyiz, pwofèt li a, sou Mòn Sinayi (Egzòd 24:12-18). Nou jwenn dis kòmandman yo nan Egzòd 20:1-17 ak Detewonòm 5:6-21.

 Dis Kòmandman yo

  1.   Adore Jewova Dye sèlman. — Egzòd 20:3.

  2.   Pa pratike idolatri. — Egzòd 20:4-6.

  3.   Pa mal sèvi ak non Bondye. — Egzòd 20:7.

  4.   Obsève Saba. — Egzòd 20:8-11.

  5.   Onore papa nou ak manman nou. — Egzòd 20:12.

  6.   Pa asasinen moun. — Egzòd 20:13.

  7.   Pa fè adiltè. — Egzòd 20:14.

  8.   Pa vòlè. — Egzòd 20:15.

  9.   Pa bay manti. — Egzòd 20:16.

  10.   Pa gen tanta. — Egzòd 20:17.

 Poukisa fason yo ranje dis kòmandman yo diferan?

 Bib la pa bay yon nimewo pou chak kòmandman, sa vin fè gen divès opinyon sou fason dis kòmandman yo ta dwe ranje. Fason yo ye pi wo a se fason yo ranje lwa sa yo pi souvan. Sepandan, gen divès lòt fason yo konn ranje yo. Diferans sa a gen ladan l fason yo konn ranje premye, dezyèm ak dènye kòmandman yo. a

 Nan ki objektif yo te bay dis kòmandman yo?

 Dis kòmandman yo te fè pati Lwa Bondye te bay Moyiz la. Lis lwa sa te gen plis pase 600 kòmandman e se te baz alyans Bondye te fè ak nasyon Izrayèl tan lontan an (Egzòd 34:27). Bondye te pwomèt pèp Izrayèl la, si yo obeyi Lwa li te bay Moyiz la, afè yo t ap byen mache (Detewonòm 28:1-14). Sepandan, objektif prensipal lalwa se te prepare Izrayelit yo pou Mesi oswa Kris yo te pwomèt la. — Galat 3:24.

 Èske Kretyen yo dwe suiv dis kòmandman yo?

 Non. Se sèlman nasyon Izrayèl tan lontan an Bondye te bay lalwa, sa ki gen ladan l dis kòmandman yo (Detewonòm 5:2, 3; Sòm 147:19, 20). Kretyen yo pa oblije suiv Lwa Bondye te bay Moyiz la, dayè menm juif ki te vin Kretyen yo te “libere anba Lalwa.” ​(Women 7:6).  b Yo te ranplase Lwa Bondye te bay Moyiz la ak “lalwa Kris la,” sa ki gen ladan l tout sa Jezi te anseye disip li yo pou yo fè. — Galat 6:2; Matye 28:19, 20.

 Èske dis kòmandman yo toujou itil nou jodi a?

 Wi. Paske dis kòmandman yo ede nou konnen panse Bondye, nou ka jwenn byenfè lè n aprann konnen yo (2 Timote 3:16, 17). Dis kòmandman yo chita sou bonjan prensip ki p ap janm pase mòd (Sòm 111:7, 8). Anfèt, ansèyman nou jwenn nan sa yo rele Nouvo Testaman an baze sou yon seri prensip ki soti nan dis kòmandman yo. — Gade “ Prensip nou jwenn nan Nouvo Testaman an ki soti nan dis kòmandman yo.

 Jezi te anseye de kòmandman ki pi enpòtan yo chita sou tout Lwa Bondye te bay Moyiz la, sa ki gen ladan l dis kòmandman yo. Li te di: “‘Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.’ Sa a se pi gwo kòmandman an, e se premye a. Men dezyèm nan, ki menm jan avè l: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’ Se sou de kòmandman sa yo tout Lalwa ak tout pawòl pwofèt yo chita.” ​(Matye 22:34-40). Menmsi kretyen yo pa oblije suiv Lwa Bondye te bay Moyiz la, yo dwe renmen Bondye e yo dwe renmen lòt moun. — Jan 13:34; 1 Jan 4:20, 21.

  Prensip nou jwenn nan Nouvo Testaman an ki soti nan dis Kòmandman yo

Prensip

Referans ki nan Nouvo Testaman an

Adore Jewova Dye sèlman

Revelasyon 22:8, 9

Pa pratike idolatri

1 Korentyen 10:14

Pa mal sèvi ak non Bondye

Matye 6:9

Obsève Saba

Ebre 10:24, 25

Onore papa nou ak manman nou

Efezyen 6:1, 2

Pa asasinen moun

1 Jan 3:15

Pa fè adiltè

Ebre 13:4

Pa vòlè

Efezyen 4:28

Pa bay manti

Efezyen 4:25

Pa gen tanta

Lik 12:15

a Nan fason Juif yo konn ranje l, yo konn “fè Egzòd 20:2 tounen premye ‘pawòl,’ e yo fè vèsè 3-6 yo fè yon sèl sa ki te dezyèm kòmandman an.” ​(The Jewish Encyclopedia). Yon lòt bò, relijyon katolik fè Egzòd chapit 20 vèsè 1 pou rive nan vèsè 6 la tounen yon sèl kòmandman. Konsa, kòmandman ki di nou pa dwe mal sèvi ak non Bondye a vin tounen dezyèm kòmandman an. Pou l ka toujou rete dis kòmandman, yo fè dènye kòmandman ki di nou pa dwe gen tanta sou kay pwochen nou ak madanm pwochen nou an fè de.

b Women 7:7 sèvi ak dizyèm kòmandman an kòm yon egzanp nan “lalwa,” sa ki pwouve Lwa Bondye te bay Moyiz la te gen dis kòmandman yo ladan l tou.