Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou kesyon ensinere moun nan?

Ki sa Bib la di sou kesyon ensinere moun nan?

Repons Bib la bay

 Bib la pa bay okenn enstriksyon pou moun suiv si yo ta vle ensinere yon moun. Pa gen okenn kòmandman nan Bib la sou fason pou n antere moun oswa pou n ensinere moun.

 Men, Bib la pale de sèvitè fidèl Bondye ki te antere moun pa yo ki te mouri. Pa egzanp, Abraram te fè anpil demach pou l achte yon kote pou l antere madanm li, Sara. — Jenèz 23:2-20; 49:29-32.

 Epitou Bib la pale de sèvitè fidèl Bondye ki te boule rès kò yon moun ki te mouri. Pa egzanp, lè Sayil, wa Izrayèl la, te mouri nan batay ak twa pitit gason li yo, kò yo te rete nan tèritwa enmi yo ki te maltrete kò yo. Lè sòlda Izrayèl yo te tande nouvèl la, yo t al chèche kò Sayil ak kò pitit li yo, yo te boule kò yo e yo te antere rès yo (1 Samyèl 31:8-13). Bib la montre n pa t gen anyen mal nan dispozisyon sa yo te pran pou yo boule rès kò moun sa yo. — 2 Samyèl 2:4-6.

Sa moun yo panse sou kesyon ensinere moun nan men ki pa sa vre

 Sa yo panse: Lè yo ensinere kò yon moun, sa vle di moun nan pa t merite pou yo antere l.

 Sa ki verite: Bib la di moun ki mouri yo retounen nan pousyè. Sa ki nòmal piske kò moun nan dekonpoze lè l mouri (Jenèz 3:19). Lè yo ensinere yon moun, dife a fè sa rive pi vit paske kò a tounen sann, ki an reyalite se pousyè.

 Sa yo panse: Nan tan biblik yo, se sèlman moun ki pa t gen apwobasyon Bondye yo te boule kò yo lè yo mouri.

 Sa ki verite: Se vre gen moun ki pa t montre yo fidèl, tankou Akàn ak fanmi l, yo te boule kò yo lè yo te mouri (Jozye 7:25). Men, sa te rive yon fwa konsa, se pa t yon abitid (Detewonòm 21:22, 23). Jan nou te di sa pi wo a, gen moun ki te montre yo fidèl, tankou Yonatàn pitit wa Sayil, yo te boule kò yo lè yo te mouri.

 Sa yo panse: Si yo ensinere yon moun, Bondye pap ka resisite moun sa a.

 Sa ki verite: Pou Bondye resisite yon moun, li pa enpòtan pou l konnen si yo te antere moun nan, si yo te ensinere l, si l te disparèt nan fon lanmè oubyen si se bèt sovaj ki te manje l (Revelasyon 20:13). Bondye Toupisan an kapab refè yon lòt kò pou moun nan byen fasil. — 1 Korentyen 15:35, 38.