Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di konsènan libète moun genyen pou yo deside a? Èske se Bondye ki kontwole tout vi nou?

Ki sa Bib la di konsènan libète moun genyen pou yo deside a? Èske se Bondye ki kontwole tout vi nou?

Repons Bib la bay

 Bondye ban nou diyite lefètke li ban nou libète pou nou deside olye se li menm oswa desten ki deside pou nou. Gade sa Bib la anseye.

  •   Bondye te kreye lèzòm pòtre ak li (Jenèz 1:26). Bèt yo aji selon jan Bondye te pwograme yo pou yo aji, men nou menm nou sanble ak Bondye, sa vle di nou gen kapasite pou n demontre yon seri kalite tankou lanmou ak jistis. Epitou, menm jan ak Sila a ki kreye nou an, nou gen libète pou n deside.

  •   Menmsi gen bagay nou pa ka konnen, nou gen kapasite pou n detèmine ki jan lavni nou ap ye. Labib ankouraje nou pou n “chwazi lavi [...] lè nou koute sa [Bondye] di”, sa vle di lè n chwazi obeyi kòmandman l yo (Detewonòm 30:19, 20). Òf sa a Bondye fè nou an pa t ap gen okenn sans, e se t ap mechanste, si nou pa t gen libète pou n deside. Men, Bondye pa fòse nou fè sa l di, okontrè, men ki ankourajman li ban nou: “Si w te annik suiv kòmandman m yo! Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche.” — Ezayi 48:18.

  •   Se pa desten k ap detèmine si n ap reyisi oswa si n ap echwe. Si nou vle reyisi nan yon bagay, nou dwe travay di pou sa. Men sa Pawòl Bondye a di nan Eklezyas 9:10: “Tout sa w jwenn fè ak men w, fè l ak tout fòs ou.” E li di tou: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè.” — Pwovèb 21:5.

 Libète pou n deside a se yon kado ki gen anpil valè Bondye ban nou, paske sa ban nou posiblite pou n renmen Bondye ak “tout kè nou” paske nou vle fè sa. — Matye 22:37.

Èske Bondye pa kontwole tout bagay?

 Labib fè konnen Bondye Toupisan, pèsonn pa ka anpeche l demontre pouvwa l (Jòb 37:23; Ezayi 40:26). Sepandan, li pa sèvi ak pouvwa l genyen pou l kontwole tout bagay. Pa egzanp, Labib di Bondye “te kontwole tèt [li]” anrapò ak yon ènmi pèp li a, anpalan de Babilòn nan tan lontan an (Ezayi 42:14). Menm jan an tou, pou kounye a, li chwazi pran pasyans ak moun ki mal sèvi ak libète yo genyen pou deside a pou yo fè lòt moun mal. Men, li pap fè sa nètale. — Sòm 37:10, 11.