Ezayi 48​:​1-22

  • Bondye blame Izrayèl epi li pirifye l (1-11)

  • Jewova pral aji kont Babilòn (12-16a)

  • Ansèyman Bondye bay la pote byenfè (16b-19)

  • “Sot nan Babilòn!” (20-22)

48  O nou menm, desandan Jakòb, koute sa,Nou menm ki bay tèt nou pote non Izrayèl+E ki sot nan fanmi* Jida yo,Nou menm ki fè sèman nan non Jewova+,Nou menm k ap priye Bondye Izrayèl la,Byenke nou pa fè sa ak laverite e ann amoni ak sa ki dwat+.   Paske, yo di yo se moun k ap viv nan vil ki sakre a+E y ap chèche èd nan men Bondye Izrayèl la+Ki rele Jewova, Chèf lame yo.   “Mwen te di nou ansyen* bagay yo depi lontan.Se ak bouch pa m mwen te di yoE mwen te fè konnen yo+.Bridsoukou, mwen te aji, e yo te fèt+.   Paske, mwen te konnen jan tèt nou di,Kou nou fèt an fè e fwon nou fèt an kuiv+.   Mwen te pale avèk nou depi lontan.Anvan sa te fèt, mwen te fè nou tande sa,Pou nou pa di: ‘Se zidòl nou yo ki te fè sa,Se zidòl nou yo ak estati nou genyen ki fèt ak metal* yo ki te bay lòd pou sa fèt.’   Nou te tande tout bagay sa yo e nou te wè yo.Èske nou pap fè lòt moun konn sa+?Depi kounye a, m ap anonse nou nouvo bagay+,Sekrè nou pa t konnen ki te byen kache.   Se kounye a menm m ap kreye bagay sa yo, se pa depi lontan mwen te fè yo.Anvan jodi a, nou potko janm tande yo,Konsa, nou pa ka di: ‘Gade! Nou deja konnen yo.’   Non, nou pa t vle koute+, nou pa t konprann,E nan tan lontan, zòrèy nou pa t ouvri.Paske, mwen konnen nou trèt anpil+,E depi lè nou fèt nou se moun k ap fè sa ki mal+.   Men, poutèt non mwen, m ap kontwole kòlè m+,Pou glwa mwen, m ap kontwole tèt mwen devan nou,E mwen pap elimine nou+. 10  Gade! Mwen fè nou vin pwòp, men mwen pa fè sa jan yo pwòpte ajan+.Mwen te kite nou soufri pou m rafine* nou, menm jan yo met metal nan founèz dife pou yo fonn yo+. 11  Poutèt non mwen, wi, poutèt non mwen pote a, mwen pral aji+.Paske, ki jan pou m ta fè kite yo sal non m+?Mwen pap bay pèsonn glwa ki pou mwen an*. 12  O Jakòb, ou menm Izrayèl, ou menm mwen te rele a, koute m.Mwen se menm Moun nan+. Mwen se premye a. Epitou, mwen se dènye a+. 13  Se ak men pa m mwen te fè fondasyon tè a+,E se ak men dwat mwen mwen te blayi syèl la tankou yon dra+.Lè m rele yo, yo parèt ansanm. 14  Se pou nou tout rasanble pou n koute.Kiyès nan dye yo ki te anonse bagay sa yo?Gen yon moun Jewova renmen+K ap fè sa l vle fè Babilòn nan+,E moun sa a ap leve men l pou l frape moun Kalde yo+. 15  Se mwen menm ki pale, se mwen ki rele l+.Mwen mennen l vini, e l ap reyisi nan tout sa l ap fè+. 16  Pwoche toupre m, epi tande sa.Depi okòmansman, mwen pa t pale an kachèt+.Lè sa te rive, mwen te la.”Kounye a, Jewova, Seyè ki Souvren an, voye m e li mete lespri l sou mwen. 17  Men sa Jewova, Sovè* w la, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, di+:“Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w,Sila a k ap anseye w pou byen w lan+,Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a+. 18  Si w te annik suiv kòmandman m yo+!Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche+,E aksyon ki dwat ou t ap fè yo t ap anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman+. 19  Pitit ou yo* t ap vin anpilTankou grenn sab bò lanmè+.Non w pa t ap janm disparèt ni efase devan m.” 20  Sot nan Babilòn+!Kouri sot anba men moun Kalde yo!Anonse sa ak kè kontan! Fè moun konn sa+!Fè konn sa sou tout kò tè a+.Se pou nou di: “Jewova delivre Jakòb, sèvitè l la+. 21  Lè li t ap gide yo nan dezè a, yo pa t swaf+.Li te fè dlo koule sot nan mas wòch pou yo.Li te fann yon mas wòch e li te fè dlo soti ladan l ak tout fòs+.” 22  Jewova di: “Pa gen lapè pou mechan yo+.”

Nòt anba paj

Lit.: “nan sous dlo”.
Lit.: “premye”.
Oswa: “estati nou genyen ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “egzamine”. Se kapab tou: “chwazi”.
Oswa: “Mwen pap pataje glwa ki pou mwen an ak pèsonn”.
Oswa: “Sila a k ap rachte”.
Oswa: “Desandan w yo”. Lit.: “Semans ou”.