Al gade sa k anndan l

Annou imite lafwa yo: Kèk gason ak fi yo pale de yo nan Bib la

Soti nan lakreyasyon pou rive nan delij la

Abèl — “Byenke l mouri, li kontinye ap pale”

Malgre Labib pa di anpil bagay sou Abèl, ki sa nou ka aprann sou Abèl ak lafwa li te genyen an?

Enòk — “Li te fè Bondye plezi”

Si w gen yon fanmi sou kont ou oswa w ap goumen pou w pran pozisyon pou sa ki dwat, ou ka aprann sou lafwa Enòk.

Noye — Li “t ap mache avèk vrè Dye a”

Ki pwoblèm Noye ak madanm li te jwenn pandan yo t ap leve pitit yo? Ki jan yo te montre yo gen lafwa lè yo t ap konstwi lach la?

Noye — Li te “rete an vi ansanm ak sèt lòt moun”

Ki jan Noye ansanm ak fanmi l te rive chape nan moman ki te pi difisil nan listwa lèzòm?

Soti nan delij la pou rive nan liberasyon anba peyi Ejip

Abram — “Papa tout moun ki gen lafwa”

Ki jan Abram te montre li gen lafwa? Ki jan w wè ou ka imite lafwa Abram te genyen an?

Sara — “Ou se yon dam ki bèl anpil”

Lè yo te rive Ejip, prens Farawon yo te wè jan Sara bèl anpil. Sa k te rive apre a ka fè w sezi.

Sara — Bondye te rele l “Prensès”

Poukisa non sa a te ale ak Sara?

Rebeka — “Wi, mwen vle ale”

Anplis lafwa, Rebeka montre l gen plizyè lòt kalite estrawòdinè.

Jozèf — “Tande yon rèv mwen fè”

Egzanp Jozèf ki te soti nan yon fanmi ki konplike bay moun k ap viv nan fanmi ki melanje yo bonjan leson jodi a.

Jozèf — ‘Ki jan m ta ka fè yon gwo bagay mal konsa?’

Ki jan Jozèf te fè reziste anba gwo efò madan Potifa te fè pou l sedui l?

Jozèf — “Èske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa?”

Ki sa k te ede Jozèf gen kran pou l esplike chèf sèvè bwason an, chèf boulanje a ak Farawon ki te nan peyi Ejip rèv yo te fè yo? Ki jan Jozèf te fè soti nan prizon pou l al nan palè a nan yon sèl jou?

Jozèf — “Èske mwen nan plas Bondye?”

Èske pa gen lapè nan fanmi w akoz jalouzi, trayizon oubyen akoz lahèn? Si wi, istwa Jozèf yo rapòte nan Bib la ka ede w.

Jòb — “Mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!”

Ki jan istwa Jòb nou jwenn nan Bib la ka ede nou lè n ap fè fas ak malè ak lòt sitiyasyon ki difisil oswa lòt eprèv nou jwenn ki ka kraze lafwa nou?

Jòb — Jewova te retire l nan lapenn

Annou imite lafwa Jòb, paske pa gen anyen ki ka fè Satan pi move pase lè nou fè kè Jewova kontan menm jan Jòb te fè sa!

Miryam — “Chante pou Jewova”!

Bondye te pouse Miryam, yon dam ki pwofèt, pran latèt pami medam Izrayèl yo nan chante yon chan viktwa nan Lanmè Wouj. Egzanp li aprann nou anpil leson sou kouraj, lafwa ak imilite.

Soti nan liberasyon anba peyi Ejip pou rive nan premye wa Izrayèl la

Rahab — Yo te ‘deklare Rahab jis pou sa l te fè’

Kòman istwa Rahab la montre pa gen youn nan nou ki san enpòtans pou Jewova? Ki sa nou ka aprann nan lafwa Rahab te genyen?

Debora — “Mwen te vin tankou yon manman pou pèp Izrayèl la”

Ki sa istwa ki nan Bib la konsènan Debora ka aprann nou sou lafwa ak kouraj?

Rit — “Kote w ale, se la m prale”

Poukisa Rit te dispoze kite fanmi l ak peyi l? Ki kalite li te genyen ki fè l te gen anpil valè nan je Jewova?

Rit — “Yon trè bon fi”

Poukisa maryaj Rit ak Bowaz la te gen anpil enpòtans? Ki sa nou ka aprann nan men Rit ak Nawomi anrapò ak fanmi?

Ana — Li te vide kè l bay Bondye nan lapriyè

Lafwa Ana te gen nan Jewova a te ede l fè fas ak yon sitiyasyon ki te parèt enposib.

Samyèl — Li “te kontinye jwenn favè Jewova”

Ki sa k fè fason Samyèl te leve a te diferan parapò ak lòt timoun? Ki sa k te ede l vin gen plis lafwa toutpandan l te nan tabènak la?

Samyèl — Li te andire malgre li te jwenn desepsyon

Nou tout jwenn pwoblèm ak desepsyon ki ka fè n pèdi lafwa. Ki sa n ka aprann nan fason Samyèl te andire?

Soti nan premye wa Izrayèl pou rive lè Jezi te fèt

Jonatan — ‘Anyen pa ka bloke Jewova’

Jonatan ak sèvitè k ap pot zam li yo pral atake kan ènmi yo ki gen zam sou yo, e rezilta a ret grave nan listwa.

David — “Batay la se batay Jewova”

Ki sa k te pèmèt David touye Golyat? Ki sa nou ka aprann nan istwa David la?

Abigayil — Li te aji ak bon konprann

Ki sa n ka aprann nan pwoblèm Abigayil te jwenn nan maryaj li?

Eli — Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an

Ki jan nou kapab imite Eli lè nou rankontre moun ki pa dakò ak sa Labib anseye?

Eli — Li te ret ap veye e li t ap tann

Ki jan pwofèt Eli te montre li se yon moun ki te gen abitid priye toutpandan li t ap tann Jewova reyalize pwomès li te fè a?

Eli — Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la

Ki sa k te vin pase ki te dekouraje Eli anpil opwen pou l te mande lanmò?

Eliya — Li te andire devan enjistis

Èske w te sibi enjistis? Èske w ta renmen pou Bondye fè w jwenn jistis? Egzamine fason w ka imite Eliya, yon moun ki te fidèl.

Eli — Li te andire jiska lafen

Egzanp fidelite Eli kite a kapab ede n fè lafwa nou vin pi solid nan tan difisil.

Jonas — Li te aprann nan erè l te fè yo

Èske w konn pè aksepte yon asiyasyon menm jan ak Jonas? Istwa Jonas la aprann nou jan l enpòtan pou n gen pasyans ak mizèrikòd.

Jonas — Li te aprann sa k rele mizèrikòd

Ki jan istwa Jonas la ka ede n byen egzamine tèt nou?

Estè — Li te pran pozisyon pou pèp Bondye a

Pou yon moun montre l gen lespri sakrifis ak lanmou menm jan ak Estè, li bezwen gen lafwa ak kouraj.

Estè — Li te gen sajès ak kouraj e li pa t wè tèt li sèlman

Ki jan Estè te montre li pa t wè tèt li sèlman, men li te panse ak Jewova ansanm ak pèp Jewova a?

Soti lè Jezi te fèt pou rive nan lanmò apot yo

Mari — “Mwen se esklav Jewova!”

Ki sa repons Mari te bay zanj Gabriyèl la montre sou kalite lafwa li te genyen? Ki lòt kalite enpòtan Mari te demontre?

Mari — Li te “rezone nan kè l”

Sa k te rive Mari lè l te nan Betleyèm nan te ede l vin gen yon lafwa ki pi solid nan pwomès Jewova yo.

Mari — Li te andire anba yon gwo chagren

Egzanp Mari, manman Jezi, ka ede n lè n gen yon chagren ki tankou yon “epe byen long”.

Jozèf — Li te pwoteje yo, li te ba yo sa yo bezwen, li te pèsevere

Ki fason Jozèf te pwoteje fanmi l? Poukisa Jozèf te mennen Mari ak Jezi ann Ejip?

Mat — “Mwen kwè”

Ki jan Mat te montre l gen yon lafwa solid menm lè l te nan gwo lapenn?

Mari, moun Magdala a — “Mwen wè Seyè a!”

Mari, moun Magdala a, yon dam fidèl, te premye moun ki te wè Jezi ki resisite. Li te jwenn privilèj pou l pataje bon nouvèl sa a ak lòt moun.

Pyè — Li te konbat dout ak laperèz

Dout se yon gwo fòs ki ka kraze moun. Men, Pyè te vin konbat dout ak laperèz li te genyen pou l suiv Jezi a, e l te rive suiv Jezi.

Pyè — Li te rete fidèl devan eprèv

Kòman lafwa ak fidelite Pyè te genyen an te ede l aksepte koreksyon nan men Jezi?

Pyè — Mèt la te aprann Pyè sa padone vle di

Ki sa Jezi te anseye Pyè sou kesyon padone a? Ki jan Jezi te montre l te padone Pyè?

Timote — “Pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl”

Ki sa k te ede Timote chanje, pou l pa yon jèn ki timid ankò, men pou l vin yon bon siveyan kretyen?