Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason n ka jere enkyetid nou yo

Fason n ka jere enkyetid nou yo

 Lè w enkyete w twòp pou yon bagay, sa ka gen move efè sou sante w ak sou santiman w. Sa ka menm lakòz pi gwo pwoblèm pase pwoblèm ou t ap enkyete w pou li okòmansman an.

Kèk konsèy pou ede w enkyete mwens

  •  Fikse limit sou kantite move nouvèl ou gade, ou li oswa ou koute. Li pa nesesè pou w konnen tout ti detay lè gen yon move nouvèl. Si w gade, li oswa tande twòp move nouvèl, w ap gen plis laperèz e w ap santi w pèdi espwa.

     Prensip Bib la bay: “Lè yon moun dekouraje nèt, sa fè l pèdi fòs.” — Pwovèb 17:22.

     “Li fasil pou w ret konekte sou Entènèt pou w ka konnen tout dènye nouvèl, men se pa yon bon abitid. Mwen enkyete mwens lè m pa fè anpil nouvèl.” — John.

     Fè yon ti reflechi: Konbyen fwa pa jou li vrèman nesesè pou w fè nouvèl?

  •  Kenbe yon bon woutin. Eseye gen yon lè fiks chak jou pou w leve, pou w manje, pou w fè travay epi pou w al dòmi. Lè w gen yon bon woutin, w ap santi lavi w pi nòmal e sa ap ede w gen mwens enkyetid.

     Prensip Bib la bay: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” — Pwovèb 21:5.

     “Lè pandemi kowonaviris la te fèk kòmanse, m pa t kenbe woutin mwen an e m te pase twòp tan nan divètisman. M te vle pi byen jere tan m, donk m te fè yon pwogram tout sa m te dwe fè chak jou.” — Joseph.

     Fè yon ti reflechi: Èske w gen yon bon woutin pou ede w reyalize objektif ou genyen chak jou?

  •  Konsantre sou bon bagay nan lavi w. Lè w ret ap reflechi sou bagay mal ki ka rive, w ap santi w enkyete plis toujou. Olye de sa, reflechi sou de oubyen twa bon bagay ki fè w gen rekonesans.

     Prensip Bib la bay: “Montre nou gen rekonesans.” — Kolosyen 3:15.

     “Lè m li Labib, sa ede m konsantre sou bon bagay olye m ret ap reflechi sou move nouvèl. Sa ka parèt twò senp, men sa ede m!” — Lisa.

     Fè yon ti reflechi: Èske w gen abitid ret ap reflechi sou bagay negatif nan lavi w e w bliye bon bagay yo?

  •  Reflechi sou fason w ka ede lòt moun. Li fasil pou w ret ap enkyete w e pou w izole tèt ou. Olye w fè sa, reflechi sou fason w ka ede lòt moun ki nan bezwen.

     Prensip Bib la bay: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:4.

     “M santi m kontan lè m ede lòt moun. Mwen fè yon bagay ki fè yo kontan e anmenmtan m redui enkyetid mwen yo. Anfèt, m vin pa gen tan pou m enkyete.” — Maria.

     Fè yon ti reflechi: Pami moun ou konnen yo, èske gen kèk nan yo ki bezwen yon ti èd? Ki sa w ka fè pou w ede yo?

  •  Pran swen sante w. Asire w ou dòmi ase e w fè egzèsis fizik. Manje manje ki gen anpil vitamin. Lè w pran swen sante fizik ou, sa ap ede w wè bagay yo yon lòt jan e sa ap ede w gen mwens enkyetid.

     Prensip Bib la bay: “Fè egzèsis fizik itil.” — 1 Timote 4:8.

     “Mwen menm ak pitit gason m nan pa ka fè egzèsis deyò regilyèman jan n ta renmen fè sa, men nou gen kèk lòt egzèsis nou ka fè anndan kay la. Sa fè n santi n pi byen e sa ede relasyon nou genyen youn ak lòt.” — Catherine.

     Fè yon ti reflechi: Èske w bezwen fè kèk ajisteman nan kalite manje ou manje ak nan kantite egzèsis fizik ou fè pou w ka pran swen sante w?

 Anplis de konsèy sa yo pou ede w gen mwens enkyetid, anpil moun jwenn byenfè lè yo aprann konnen bonjan pwomès ki nan Bib la parapò ak lavni. Gade atik ki gen tit “Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?