Ezayi 25​:​1-12

  • Pèp Bondye a ap jwenn anpil benediksyon (1-12)

    • Yon resepsyon Jewova fè ki gen bon diven (6)

    • Lanmò pap la ankò (8)

25  O Jewova, ou se Bondye mwen.M ap ba w glwa, m ap louwe non w,Paske w fè yon pakèt bagay estrawòdinè+,Yon seri bagay ou te vle fè* depi nan tan lontan+,Ou fè yo yon fason ki montre ou fidèl+ e ou merite pou moun fè w konfyans.   Paske w fè yon vil tounen yon pil wòch,Ou fè yon vil ki byen pwoteje tounen yon pil dekonm.Ou fè fò etranje yo pa la ankò,Yo pap janm rebati vil la ankò.   Se poutèt sa, yon pèp ki djanm ap ba w glwa.Vil ki chaje ak moun ki san pitye ladan l yo ap gen lakrentif pou ou+.   Paske w tounen yon fò pou moun ki piti yo,Yon fò pou malere k ap soufri yo+,Yon refij lè gen gwo lapliE yon lonbray anba solèy cho+.Lè moun ki san pitye yo vin an kòlè tankou yon gwo lapli k ap frape yon miray,   E tankou chalè k ap frape sou yon tè ki sèk,Ou fè etranje yo sispann fè bri.Menm jan lonbray yon nyaj fè chalè solèy la bese,Se konsa ou fè moun ki san pitye yo sispann chante.   Nan mòn sa a*+, Jewova, Chèf lame yo, ap fè yon gwo resepsyon pou tout pèp yo,Yon resepsyon ki gen bon manje+,Yon resepsyon ki gen bon diven*,Ki gen bon manje ak vyann ki chaje ak mwèl,E ki gen diven bon kalite yo kite byen poze.   Nan mòn sa a, l ap elimine* dra ki vlope tout pèp yoAnsanm ak vwal ki kouvri tout nasyon yo.   Jewova, Seyè ki Souvren an, ap anglouti* lanmò pou toutan+.L ap siye dlo nan je tout moun+,L ap retire imilyasyon pèp li a sou tout tè a.Se Jewova menm ki di sa.   Jou sa a, moun yo pral di:“Gade! Men Bondye nou an+!Se nan li nou met espwa nou+,E l ap sove nou+.Se li ki Jewova a.Se nan li nou met espwa nou.Se pou nou kontan e se pou nou rejwi, paske l delivre nou+.” 10  Paske, men Jewova ap sou mòn sa a+,Epi, y ap pilonnen Mowab kote l ye a+,Menm jan yo pilonnen pay ki nan yon pil fimye. 11  L ap lonje men l pou l frape Mowab,Menm jan yon moun k ap naje bat dlo ak men l pandan l ap naje,L ap kraze ògèy Mowab+Ak mouvman li fè ak men l avèk ladrès. 12  L ap kraze vil ki byen pwoteje aAnsanm ak miray byen wo ki ba l sekirite yo.L ap lage yo atè e l ap voye yo nan pousyè.

Nòt anba paj

Oswa: “Konsèy ou yo la”.
Oswa: “ki gen diven yo kite poze ki gen ma anba l”.
Sa vle di: “mòn Jewova a”.
Lit.: “vale”.
Oswa: “detwi”.