Ezayi 31​:​1-9

  • Se Bondye ki ka ede moun toutbonvre, se pa lòm (1-9)

    • Cheval Ejip yo se chè yo ye (3)

31  Malè pou moun ki desann nan peyi Ejip pou y al chèche èd+,Moun ki konte sou cheval yo+,Moun ki met konfyans yo nan charyo yo konn fè lagè yo paske yo anpil,Ki met konfyans yo nan cheval yo konn al nan lagè yo* paske yo gen anpil fòs,Men, yo pa vire gade Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an,E yo pa chèche Jewova.   Epoutan, li gen sajès e l ap lakòz malè.Li pap chanje pawòl.L ap leve kont bann mechan yo,E l ap leve kont moun k ap ede moun k ap fè sa ki mal yo+.   Men, Ejipsyen yo se moun yo ye, yo pa Bondye.Cheval yo genyen yo se chè yo ye, yo pa espri+.Lè Jewova lonje men l,Nenpòt moun ki vin pote sekou a ap bite,E nenpòt moun ki resevwa èd la ap tonbe.Yo tout ap peri ansanm.   Paske, men sa Jewova di m:“Menm jan yon lyon, yon jenn lyon ki gen fòs*, gwonde lè l fin pran yon bèt,Lè yon gwoup bèje reyini ansanm pou yo atake l,Men, vwa yo pa fè l pè,Ni bri yo fè pa panike l,Se konsa Jewova, Chèf lame yo, ap desann vin fè lagèPou Mòn Siyon e pou ti mòn ki nan Siyon an.   Menm jan yon zwazo k ap pike desann pou l pwoteje pitit li, se konsa Jewova, Chèf lame yo, ap defann Jerizalèm+.L ap defann li e l ap sove l.L ap pwoteje l e l ap delivre l.”  L ap di l: “Retounen vin jwenn Sila a ou pa t pè revòlte kont li a, o pèp Izrayèl+.  Paske jou sa a, nou chak ap jete dye san valè ann ajan nou yo ak dye san valè annò nou yo, dye nou te fè ak pwòp men nou. Sa nou te fè a se yon peche.   Moun Asiri a ap tonbe anba kout epe, men se pa epe yon moun.E gen yon epe k ap touye l, men se pa epe lòm+.Epe a ap fè l kouri,E y ap fòse jèn mesye l yo fè travay di.   Moun ki tankou yon mas wòch pou li a ap kouri tèlman l pè,E chèf li yo ap pè anpil akoz poto yo met kanpe kòm siy lan.” Se sa Jewova di,Li menm ki gen limyè* l nan Siyon e ki gen founèz dife l nan Jerizalèm.

Nòt anba paj

Oswa: “nan kavalye yo”.
Oswa: “yon jenn lyon ki gen krinyè”.
Oswa: “dife”.