Ezayi 37​:​1-38

  • Ezekyas chèche èd Jewova pa mwayen Ezayi (1-7)

  • Senakerib menase Jerizalèm (8-13)

  • Priyè Ezekyas la (14-20)

  • Ezayi di ki sa Bondye reponn (21-35)

  • Yon zanj touye 185 000 sòlda ki moun Asiri (36-38)

37  Kou Ezekyas tande sa, li chire rad sou li, li met twal sak sou li epi l antre nan kay Jewova a+.  Apre sa, li voye Elyakim, moun ki te responsab kay* wa a, Chebna, sekretè a, ak prèt ki te pi granmoun yo, ak twal sak sou yo, kot pwofèt Ezayi+, pitit gason Amòz la.  Yo di l: “Men sa Ezekyas voye di w: ‘Jodi a se yon jou tètchaje, yon jou imilyasyon* ak lawont, paske lè a rive pou timoun yo fèt*, men pa gen fòs pou pouse yo+.  Petèt Jewova, Bondye w la, ap tande pawòl Rabchake a di yo, pawòl mèt li a, wa Asiri a, te voye l di pou l manke Bondye vivan an dega+, e Jewova, Bondye w la, ap fè l peye pou pawòl sa yo li tande a. Se sa k fè, se pou w priye+ pou rès moun ki rete nan mitan pèp la+.’”  Vrèmanvre, sèvitè wa Ezekyas yo al kot Ezayi+,  epi Ezayi di yo: “Men sa pou nou di mèt nou an: ‘Jewova di: “Pinga w pè+ poutèt pawòl ou te tande yo, pawòl sèvitè wa Asiri yo+ te di pou yo manke m dega yo.  M ap mete yon lide nan tèt li*, l ap tande yon nouvèl e l ap tounen nan peyi l+. M ap fè yo touye l ak kout epe nan pwòp peyi l+.”’”  Lè Rabchake a tande wa Asiri a kite Lakis, li tounen al kote l e li jwenn li k ap fè lagè ak moun Libna yo+.  Twouve, wa a te tande yo di Tiraka, wa Etyopi a, te vin fè lagè avè l. Lè l aprann sa, li voye moun kot Ezekyas ankò+. Li di yo: 10  “Men sa pou nou di Ezekyas, wa Jida a: ‘Pinga w kite Bondye w la ou met konfyans nan li a twonpe w lè l di w: “Jerizalèm pap tonbe anba men wa Asiri a+.” 11  Gade! Ou te tande sa wa Asiri yo te fè tout peyi yo, jan yo te detwi yo+. Èske w panse ou menm w ap chape? 12  Èske dye nasyon zansèt mwen yo te detwi yo te delivre nasyon sa yo+? Kote Gozan, Aran+, Rezèf ak moun Edenn ki te nan Tèlasa yo? 13  Kote wa Amat la, wa Apad la ak wa vil Sefavayim yo+, kote wa Ena a ak wa Iva a?’” 14  Ezekyas pran lèt yo nan men moun yo epi li li yo. Lè l fini, li monte al nan kay Jewova a epi li ouvri yo* devan Jewova+. 15  Apre sa, Ezekyas te tonbe priye Jewova+, li di: 16  “O Jewova, Chèf lame yo+, Bondye Izrayèl la, ou menm ki chita sou twòn ou anlè* cheriben yo, se ou menm sèl ki vrè Dye tout wayòm ki sou tè a. Se ou menm ki fè syèl la ak tè a. 17  O Jewova, panche zòrèy ou pou w koute+! O Jewova, ouvri je w pou w wè+! Tande tout pawòl Senakerib voye di pou l manke w dega, o Bondye vivan an+. 18  Vrèmanvre, o Jewova, wa Asiri yo ravaje tout peyi yo+ e yo ravaje pwòp peyi pa yo. 19  Yo lage dye peyi sa yo nan dife+, paske se pa dye yo te ye vre, men yo se travay lèzòm fè ak men yo+, yo se wòch ak bwa. Se sa k fè yo te kapab detwi yo. 20  Men, kounye a, o Jewova, Bondye nou an, sove nou anba men l, yon fason pou moun nan tout wayòm ki sou tè a ka konnen se ou menm sèl ki Bondye, o Jewova+.” 21  Apre sa, Ezayi, pitit gason Amòz la, voye mesaj bay Ezekyas, li di l: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Paske ou te priye m konsènan Senakerib, wa Asiri a+, 22  men sa mwen menm, Jewova, mwen di kont li: “Vil Siyon* pa vle wè w, l ap pase w nan rizib.Jerizalèm* ap souke tèt li sou ou. 23  Kiyès w ap manke dega konsa a+? Kiyès w ap derespekte konsa a?Kont ki moun w ap leve vwa w konsa a+?Kiyès ou leve je gade avèk awogans konsa a?Se kont Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, w ap aji konsa+. 24  Ou itilize sèvitè w yo pou w manke Jewova dega+ e ou di:‘Avèk pakèt charyo mwen genyen pou m fè lagè yo,M ap monte sou tèt mòn yo+,Kote ki pi lwen nan Liban yo.M ap koupe pye sèd li genyen ki byen wo yo ak pi bèl pye jenevriye l yo.M ap antre kote li genyen ki pi wo e ki pi lwen yo, nan forè li genyen ki gen plis pyebwa yo. 25  M ap fouye pi e m ap bwè dlo yo.M ap seche rivyè* Ejip yo ak pla pye m.’ 26  Èske nou pa t tande sa? Mwen te pran desizyon sa a* depi lontan.Mwen gen lontan depi mwen planifye sa+.Kounye a, m ap fè sa m te deside a+.W ap fè vil ki byen pwoteje yo tounen pil dekonm+. 27  Moun ki rete nan vil sa yo pap gen pèsonn pou pote yo sekou.Y ap pè anpil e y ap vin wont,Y ap vin tankou plant ki nan savann, tankou zèb vèt,Tankou zèb ki sou do kay van lès la seche. 28  Men, mwen byen konnen lè w chita, lè w soti, lè w antre+Ak lè w an kòlè anpil kont mwen+. 29  Paske, mwen tande jan w an kòlè anpil kont mwen+ e jan w ap fè bri+.Se sa k fè m ap mete kwòk mwen an nan nen w+, m ap mete baboukèt mwen an nan bouch ou,E m ap fè w tounen kote w soti a.” 30  “‘Men yon siy k ap montre w* sa ap fèt: Ane sa a, w ap manje bagay ki pouse poukont yo. Ane apre a, grenn ki pouse yo ap fè w jwenn manje angren pou w manje. Men, nan twazyèm ane a, w ap simen semans e w ap rekòlte, w ap plante pye rezen e w ap manje fwi yo bay+. 31  Moun Jida ki chape yo, sa k rete yo+, ap pouse rasin pa anba e y ap bay fwi pa anlè. 32  Paske, ap gen yon rès moun k ap soti Jerizalèm ak moun k ap chape soti nan Mòn Siyon+. Jewova, Chèf lame yo, byen deside fè sa+. 33  “‘Se sa k fè, men sa Jewova di konsènan wa Asiri a+: “Li pap antre nan vil sa a+,Li pap tire yon flèch nan vil la,Li pap leve yon boukliye pou l mache sou vil la,Ni li pap fè yon ranp pou l atake l+.”’ 34  ‘Menm wout li te pran pou l vini an, se ladan l l ap tounen.Li pap antre nan vil sa a.’ Se sa Jewova di. 35  ‘M ap defann vil sa a+ e m ap delivre l poutèt non m+E poutèt David, sèvitè m nan+.’” 36  Epi, zanj Jewova a soti e li touye 185 000 gason nan kan moun Asiri yo. Nan demen, lè moun yo leve byen bonè, yo wè tout kadav yo+. 37  Se sa k fè, Senakerib, wa Asiri a, t al fè wout li, li te retounen Niniv+ e li te rete la+. 38  Pandan li t ap pwostène nan kay* Niswòk, dye l t ap sèvi a, pwòp pitit gason l, Adramelèk ak Charezè, touye l ak kout epe+. Apre sa, yo sove al nan peyi Arara+. Epi, Esaradon, yon pitit gason l+, vin wa nan plas li.

Nòt anba paj

Oswa: “palè”.
Oswa: “yon jou kote yo manke n dega”.
Lit.: “paske timoun yo rive nan bouch matris la”.
Lit.: “yon espri nan li”.
Lit.: “li”.
Se kapab tou: “nan mitan”.
Lit.: “Pitit fi Jerizalèm nan”.
Lit.: “Pitit fi Siyon an ki vyèj”.
Oswa: “seche kanal Rivyè Nil”.
Lit.: “te fè sa”.
Anpalan de Ezekyas.
Oswa: “tanp”.