Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou aksepte sa yo ban nou avèk rekonesans e annou bay ak tout kè nou

Annou aksepte sa yo ban nou avèk rekonesans e annou bay ak tout kè nou

Annou aksepte sa yo ban nou avèk rekonesans e annou bay ak tout kè nou

JEWOVA, Papa nou ki nan syèl la, gen sousi pou nou chak. Pawòl Bondye a ban nou asirans li gen anpil sousi pou tout sèvitè l yo (1 Pyè 5:7). Youn nan fason Jewova demontre li gen sousi pou nou se lefètke li ede nou divès fason pou nou sèvi l fidèlman (Iza. 48:17). Jewova vle nou sèvi ak èd li ban nou, sitou lè nou jwenn pwoblèm ki fè nou soufri. Lwa Moyiz la montre sa.

Sou Lwa Moyiz la, Jewova te veye avèk amou pou ‘moun peyi a ki pa t gen anyen’, tankou òfelen yo, vèv yo ak moun lòt nasyon ki t ap viv nan mitan yo, jwenn èd yo bezwen (Lev. 19:9, 10; Det. 14:29). Li konnen gen kèk nan sèvitè l yo ki bezwen èd nan men frè ak sè yo nan kongregasyon an (Jak 1:27). Se sa k fè okenn nan sèvitè l yo pa bezwen ezite pou yo aksepte èd nan men moun Jewova pouse ede yo. Sepandan, lè n ap aksepte èd yo ban nou, nou dwe fè sa avèk yon bon etadespri.

Yon lòt bò, Pawòl Bondye a montre moun k ap sèvi Bondye yo gen posiblite pou yo bay tou. N ap sonje egzanp “yon pòv vèv” Jezi te obsève nan tanp Jerizalèm nan (Lik 21:1-4). Li pwobab pou l te benefisye bonjan dispozisyon Jewova te pran pou vèv yo nan Lalwa. Poutan, byenke vèv sa a te pòv, yo pa pale de li kòm yon moun ki t ap resevwa, men yo pale de li pito kòm yon moun ki t ap bay. Lefètke li te donan, sandout sa te fè l gen kè kontan, paske jan Jezi te di sa: “Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa.” ​(Tra. 20:35, NW). Ann amoni ak verite sa a, ki jan w ka pran abitid “bay” yon fason pou w jwenn kè kontan? —Lik 6:38.

“Kisa m’a fè pou Senyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?”

Gen yon salmis ki te mande tèt li: “Kisa m’a fè pou Senyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?” ​(Sòm 116:12). Ki byen Jewova te fè pou li? Jewova te soutni l nan yon peryòd kote l te gen ‘kè kase, e li te nan gwo lapenn’. Anplis, Jewova te “delivre [l] anba lanmò”. Donk, li te vle “fè” yon bagay pou Jewova. Ki sa salmis la te ka fè? Men sa l te di: “M’a fè sa m te pwomèt li a.” ​(Sòm 116:3, 4, 8, 10-14). Li te pran rezolisyon pou l kenbe pwomès li te fè Jewova yo e pou l ranpli tout obligasyon li te gen anvè l.

Ou ka fè menm bagay la tou. Ki jan? Lè w viv yon fason ki toujou konfòm ak lwa Bondye yo e ak prensip li yo. Se sa k fè ou dwe toujou veye aske sa k pi enpòtan nan lavi w se adorasyon w ap bay Jewova a, e ou dwe kite lespri Bondye dirije w nan tout sa w ap fè (Ekl. 12:13; Gal. 5:16-18). An reyalite, ou pap janm ka fè anyen pou w remèt Jewova tout sa l fè pou ou vre. Men, lè Jewova wè ou bay tout ou menm nan sèvis li, sa pa ka pa “fè kè [l] kontan”. (Pwo. 27:11.) Ala yon bèl privilèj sa ye pou nou fè kè Jewova kontan!

Annou aji nan enterè kongregasyon an

Sandout, w ap dakò ou jwenn byenfè nan kongregasyon kretyen an yon pakèt fason. Pa mwayen kongregasyon an, Jewova ba w manje espirityèl ann abondans. Ou jwenn laverite ki retire w nan erè e ki fè w soti nan fènwa espirityèl (Jan 8:32). Nan reyinyon yo, nan asanble ak nan kongrè “esklav fidèl ki prevwayan an” òganize, ou jwenn konesans k ap mennen w nan lavi etènèl la nan yon paradi sou tè a kote pap gen ni doulè ni soufrans ankò (Mat. 24:45-47, NW). Èske w ka konte tout byenfè ou deja resevwa e ou gen pou resevwa alavni grasa kongregasyon Bondye a? Ki sa w ka bay kongregasyon an pou tout sa?

Men sa apot Pòl te ekri: “Tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l’ap devlope nan renmen.” ​(Efe. 4:15, 16). Byenke premye aplikasyon vèsè sa a se pou kretyen wen yo antanke gwoup, prensip ki ladan l lan valab pou tout kretyen yo jodi a. Vrèman, chak moun nan kongregasyon an kapab aji nan enterè kongregasyon an e yo kapab aji yon fason pou l ka grandi. Ki jan?

Nou kapab fè sa lè nou fè efò pou nou toujou yon sous ankourajman pou lòt moun nan sèvis n ap bay Bondye a (Wom. 14:19). Nou kapab bay kontribisyon pa nou tou pou “kò a [...] grandi” lè nou kiltive fwi lespri Bondye a nan fason n ap boule ak frè ak sè nou yo nan kongregasyon an (Gal. 5:22, 23). Anplis, nou kapab chèche okazyon pou nou “fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye”. (Gal. 6:10; Ebre 13:16.) Tout moun nan kongregasyon an, ni frè, ni sè, kit yo jèn, kit yo granmoun, kapab kontribye pou kò a “devlope nan renmen”.

Mete sou sa, nou kapab sèvi ak talan nou, fòs nou e ak sa nou posede pou nou patisipe nan travay predikasyon kongregasyon an ap fè a. Jezi te di: “Se gratis nou resevwa.” Donk, ki sa pou nou fè nan ka sa a? Men sa li te di ankò: “Se gratis tou pou nou bay.” ​(Mat. 10:8). Se sa k fè, se pou nou patisipe otan nou kapab nan travay enpòtan sa a ki se preche bon nouvèl Wayòm nan epi fè disip (Mat. 24:14; 28:19, 20). Èske gen kèk bagay ki anpeche w fè travay sa a kòrèkteman? Sonje pòv vèv Jezi te pale de li a. Sa l te bay la te piti anpil. Sepandan, Jezi te di li te bay plis pase tout lòt moun yo. Li te bay tout sa sitiyasyon l te pèmèt li bay. —2 Kor. 8:1-5, 12.

Annou resevwa èd yo ban nou avèk yon bon etadespri

Sepandan, kapab gen moman kote w ka bezwen èd nan men kongregasyon an. Pa janm ezite aksepte èd kongregasyon an ta ofri w lè w ap lite pou w fè fas ak presyon sistèm sa a mete sou ou. Jewova bay yon seri mesye, ki kalifye e ki sousye de nou, “pran swen kongregasyon Bondye a”, yon fason pou yo ede w lè w ap fè fas ak eprèv e ak tribilasyon (Tra. 20:28, NW). Ansyen yo ak lòt moun nan kongregasyon an vle konsole w, yo vle soutni w epi yo vle pwoteje w nan moman difisil yo. —Gal. 6:2; 1 Tes. 5:14.

Men, lè yo ba w èd ou bezwen, se pou w fè atansyon pou w resevwa l avèk yon bon etadespri. Ou dwe toujou aksepte èd ou resevwa avèk rekonesans. Konsidere èd frè ak sè w yo ba ou kòm yon fason Bondye demontre favè san parèy li a anvè w (1 Pyè 4:10). Poukisa li enpòtan pou nou fè sa? Se paske li pa t ap bon pou nou resevwa sa yo ban nou menm jan ak anpil moun nan monn nan, sètadi san nou pa montre nou gen rekonesans.

Se pou nou ekilibre e se pou nou rezonab

Men sa Pòl te ekri konsènan Timote nan lèt li te ekri kongregasyon ki te nan vil Filip la: “Timote se sèl moun ki gen menm lide avè m, ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt.” Men, apre sa Pòl di: “Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y’ap regle, yo p’ap defann kòz Kris la.” ​(Fil. 2:20, 21). Toutpandan n ap reflechi seryezman sou remak Pòl te fè a, nou bezwen mande tèt nou ki jan nou menm jodi a nou ka evite pou se pa “zafè pa [nou] ase” ki enterese nou?

Lè n ap mande lòt moun nan kongregasyon an ban nou tan yo ak atansyon yo pou yo ede nou fè fas ak pwoblèm nou yo, nou pa ta dwe janm egzijan. Poukisa? Fè yon ti reflechi. Sandout, nou t ap rekonesan anpil si yon frè ta ban nou èd nan domèn materyèl pou ede nou fè fas ak yon pwoblèm ki ijan. Men, èske nou t ap janm egzije sa nan men l? Non, se sèten nou pa t ap janm fè sa. Nan menm sans lan tou, byenke frè nou yo ki plen lanmou toujou byen kontan ede nou, nou ta dwe ekilibre e nou ta dwe rezonab parapò ak kantite tan n ap atann pou yo pase ap ede nou. Epitou, èske se pa volontèman nou ta renmen kwayan parèy nou yo ban nou kèlkeswa èd y ap ban nou an?

Pa gen dout nan sa, frè ak sè w yo ap toujou prè pou yo ede w. Men, pafwa yo ka tou senpleman pa kapab ba w èd ou bezwen an. Si sa ta rive, ou mèt gen asirans Jewova ap soutni w nan kèlkeswa eprèv ou ta ka twouve w la, menm jan li te fè sa pou salmis la. —Sòm 116:1, 2; Fil. 4:10-13.

Donk, pa ezite aksepte sa Jewova ba ou yo avèk rekonesans, sitou nan moman soufrans ak moman pwoblèm yo (Sòm 55:22). Li vle w fè sa. Sepandan, li vle tou pou w “bay ak kè kontan”. Se sa k fè ou dwe byen “deside nan kè [w]” pou w bay kèlkeswa sa sitiyasyon w pèmèt ou bay yon fason pou w soutni vrè adorasyon an (2 Kor. 9:6, 7). Konsa, w ap kapab aksepte sa yo ba ou avèk rekonesans e w ap kapab bay ak tout kè w.

[Kare/Foto nan paj 31]

“Kisa m’a fè pou Senyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?—Sòm 116:12.

▪ Chèche okazyon pou w “fè byen pou tout moun”.

▪ Chèche vin yon sous ankourajman pou lòt moun.

▪ Patisipe nan travay fè disip la afon, selon sa sitiyasyon w pèmèt ou.