Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Paran ak pitit: Pale youn ak lòt avèk lanmou

Paran ak pitit: Pale youn ak lòt avèk lanmou

“Tout moun dwe prese koute, yo pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè.” — JAK 1:19.

1, 2. An jeneral, ki santiman paran ak pitit gen youn pou lòt, men ki obstak yo konn jwenn pafwa?

YON lè, yo te poze plizyè santèn timoun, k ap viv nan peyi Etazini, kesyon sa a: “Si w ta aprann paran w yo pral mouri demen, ki sa w t ap plis anvi di yo jodi a?” Olye timoun yo te konsantre yo sou nenpòt pwoblèm oswa dezakò yo te ka genyen ak paran yo, anviwon 95 pousan nan yo te di, yo t ap renmen di paran yo: “Padon” ak “Mwen renmen nou anpil.” — Pou paran yo sèlman (anglè), dapre Shaunti Feldhahn ak Lisa Rice.

2 An jeneral, timoun renmen paran yo e paran renmen pitit yo tou. Se sitou nan fanmi kretyen nou viv verite ki nan pawòl sa yo. Byenke paran ak pitit gen gwo anvi pou yo vin pwòch youn ak lòt, pafwa, li konn difisil pou yo kominike youn ak lòt. Poukisa yo evite pale de kèk sijè menm lè yo konn gen konvèsyon ki fran e yo ka pale sou tout bagay? Ki kèk obstak konsa ki anpeche yo gen bonjan kominikasyon? Ki jan yo ka venk obstak sa yo?

Pa kite distraksyon ak anvi n genyen pou n izole tèt nou anpeche n pale youn ak lòt nan fanmi nou.

CHÈCHE JWENN “TAN” POU N PALE YOUN AK LÒT

3. a) Poukisa li difisil pou anpil fanmi gen bonjan kominikasyon? b) Poukisa fanmi nan Izrayèl tan lontan an pa t gen pwoblèm pou yo pase tan ansanm?

3 Gen anpil fanmi ki twouve li difisil pou yo jwenn ase tan pou yo gen bonjan kominikasyon. Sepandan, sa pa t toujou konsa. Men ki enstriksyon Moyiz te bay papa yo ann Izrayèl: “N’a moutre [...] pitit nou yo [Pawòl Bondye a]. N’a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n’ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay.” (Det. 6:6, 7). Nan epòk sa a, timoun yo te konn pase jounen an swa ak manman yo nan kay la swa  ak papa yo nan jaden oswa kote papa yo ap travay la. Paran yo ak timoun yo te konn pase anpil tan ansanm tou e yo te gen anpil tan pou yo gen konvèsasyon youn ak lòt. Se sa k fè, paran yo te kapab konprann sa timoun yo te bezwen, sa yo te anvi ansanm ak pèsonalite yo. Menm jan an tou, timoun yo te gen anpil tan ak okazyon pou yo aprann konnen paran yo.

4. Jodi a, poukisa anpil fanmi gen pwoblèm pou yo pale youn ak lòt?

4 Se pa ti diferan bagay yo diferan jodi a! Nan kèk peyi, timoun yo al lekòl depi yo toupiti, e pafwa, depi lè yo gen dezan sèlman. Gen anpil papa ak manman k ap travay byen lwen lakay yo. Souvan, ti tan paran yo ak timoun resi jwenn pou yo ta ansanm nan, konn pase nan itilize òdinatè, gade televizyon oswa lòt aparèy elektwonik. Nan anpil ka, timoun yo konn pap menm viv ak paran yo, e konsa, youn pa konn lòt vre. Sa vin fè yo pa gen bonjan konvèsasyon youn ak lòt.

5, 6. Ki jan kèk paran chèche jwenn plis “tan” pou yo ka ansanm ak pitit yo?

5 Èske w kapab chèche pran “tan” sou lòt aktivite w genyen pou w ka pase plis tan ak fanmi w? (Li Efezyen 5:15, 16.) Gen kèk fanmi ki dakò pou yo limite kantite tan yo pase nan gade televizyon oswa sou òdinatè. Gen kèk lòt ki fè anpil efò pou yo manje ansanm omwen yon fwa pa jou. Se pa ti bèl opòtinite adorasyon an fanmi an bay paran yo ak timoun yo pou yo vin pwòch youn ak lòt e pou yo pale sou bagay espirityèl yo nan tèt poze! Se vre, lè n rezève inèdtan oswa plis tan chak semèn nan objektif sa a se yon bon fason pou n kòmanse, men, nou bezwen fè plis toujou si nou vle gen konvèsasyon ki pwofon ak fanmi nou. Pou n rive fè sa, nou dwe pale souvan youn ak lòt e nou dwe fè sa regilyèman. Anvan pitit ou al lekòl, di l yon pawòl ki ankourajan, pale avè l sou tèks pou jounen an, oswa priye avè l. Si w fè sa, sa kapab ede l anpil pou jounen an.

6 Gen kèk paran ki fè anpil chanjman  nan lavi yo yon fason pou yo pase plis tan ak pitit yo. Pa egzanp, Laura *, yon manman ki gen de timoun piti, te kite yon travay aplentan li te genyen pou rezon sa a. Men sa l di: “Chak maten, nou tout te konn ap fè prese swa pou n al travay swa pou n al lekòl. Nan aswè, lè m tounen, timoun yo te gentan ap dòmi e se dam ki te konn pran swen yo a ki te konn mete yo nan kabann. Lefètke mwen te kite travay la, nou te oblije viv ak mwens kòb. Men, kounye a, mwen konprann sa k nan panse timoun yo ak pwoblèm yo. Mwen koute sa y ap di nan priyè yo, e konsa, mwen kapab konseye yo, ankouraje yo epi anseye yo.”

“PRESE KOUTE”

7. Ki bagay ni paran ni timoun ap plenyen kont li?

7 Apre moun ki ekri liv Pou paran yo sèlman an (anglè), te fin fè plizyè entèvyou ak plizyè jèn, yo te remake gen yon lòt bagay ki anpeche moun kominike youn ak lòt. Men sa yo di: “Youn nan bagay timoun yo te plis plenyen kont li sèke paran yo ‘pa koute yo’. ” Se pa timoun yo sèlman ki gen pwoblèm sa a. Souvan, paran yo konn di menm bagay la tou pou timoun yo. Pou gen bonjan kominikasyon nan yon fanmi, chak moun dwe pran tan pou yo koute youn lòt toutbon. — Li Jak 1:19.

8. Ki fason paran yo kapab koute pitit yo toutbon?

8 Ou menm paran, èske w pran tan pou w koute pitit ou? Sa kapab difisil pou ou lè w fatige oswa lè konvèsasyon an sanble pa tèlman enpòtan. Sepandan, yon bagay ki pa enpòtan pou ou kapab enpòtan anpil pou pitit ou. “Prese koute” vle di prete atansyon nonsèlman ak sa pitit ou ap di, men tou, ak fason l ap di l. Nou kapab wè sa yon jèn santi nan ton vwa l, jès li fè ansanm ak ekspresyon vizaj li. Li enpòtan tou pou w poze kesyon. Pawòl Bondye a fè konnen: “Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.” (Pwo. 20:5). Ou bezwen gen bon konprann ak disènman sitou lè w ap pale ak pitit ou sou sijè ki delika yo.

9. Poukisa timoun yo dwe koute paran yo?

9 Ou menm timoun, èske w koute paran w? Men sa Pawòl Bondye a di: “Pitit gason m, koute disiplin papa w, epi pa abandone lalwa manman w.” (Pwo. 1:8NW). Pa bliye sa, li saj pou w koute paran w e pou w obeyi yo paske yo renmen w e yo vle byen pou ou (Efe. 6:1). Li pi fasil pou w obeyi lè w gen bonjan kominikasyon ak paran w ak lè w konnen yo renmen w. Fè paran w konnen fason w wè bagay yo. Sa ap ede yo pou yo konprann ou. Nòmalman, ou dwe eseye konprann yo tou.

10. Ki sa n aprann nan istwa Reyabam?

10 Ou bezwen fè atansyon lè w ap koute konsèy lòt jèn ki gen menm laj avè w ap ba ou. Petèt, yo ka di w sa w anvi tande, men konsèy yo ba w yo gendwa pa bon pou ou ditou. Anfèt, yo ka menm lage w nan pwoblèm. Pifò jèn pa wè pi lwen pase pwent nen yo e yo pa anmezi pou yo disène konsekans kèk aksyon paske yo manke sajès ak eksperyans moun ki pi aje yo genyen. Sonje egzanp Reyabam, youn nan pitit gason wa Salomon yo. Lè Reyabam te vin wa ann Izrayèl, li t ap montre l saj si l te suiv konsèy ansyen yo. Olye de sa, li te pito suiv move konsèy jèn ki te grandi avè l yo te ba l. Kòm rezilta, pifò moun li t ap dirije yo te vin kont li (1 Wa 12:1-17). Olye w imite move egzanp Reyabam nan, fè anpil efò pito pou w toujou  gen bon kominikasyon ak paran w. Fè yo konnen sa k nan panse w. Suiv konsèy yo ba w, epi aprann nan men yo paske yo gen sajès. — Pwo. 13:20.

11. Ki sa k ka rive si paran yo pa abòdab?

11 Ou menm paran, si w pa vle pitit ou al chèche konsèy nan men zanmi, fè efò pou w vin abòdab. Men sa yon sè ki adolesan te di: “Depi m site non yon gason, paran m santi yo malalèz. Lè konsa mwen vin malalèz tou e m pa anvi kontinye pale ankò.” Gen yon lòt jèn sè ki te fè konnen: “Anpil adolesan bezwen konsèy nan men paran yo, men, si paran yo pa pran yo oserye, timoun yo pral jwenn lòt moun ki ba yo enpòtans, menmsi moun sa yo ta gen mwens eksperyans pase yo.” Si w dispoze koute pitit ou, avèk konpasyon, sou nenpòt ki sijè, petèt, ou kapab wè yo di w sa k nan panse yo epi aksepte direksyon w ba yo.

PA “PRESE PALE”

12. Ki jan reyaksyon paran yo ka anpeche yo kominike ak pitit yo?

12 Lòt bagay ankò ki anpeche fanmi yo kominike youn ak lòt, se lè paran yo aji sou emosyon ak lè yo mal reyaji lè pitit yo di yo yon bagay. Nòmalman, paran ki kretyen yo vle pwoteje pitit yo. Nan “dènye jou” sa yo n ap viv la, gen anpil danje nan domèn espirityèl ak nan lòt domèn ankò (2 Tim. 3:1-5). Sepandan, sa paran yo konsidere kòm yon pwoteksyon kapab parèt egzajere pou timoun nan.

13. Poukisa paran yo bezwen fè atansyon pou yo pa kouri bay opinyon yo?

13 Paran yo ap montre yo saj lè yo pa kouri bay opinyon yo. Se vre, li pa toujou fasil pou yon paran ret an silans lè pitit li di l yon bagay ki fè l mal anpil. Sepandan, li enpòtan pou l byen koute anvan l reponn. Men sa wa Salomon, yon wa ki te saj, te di: “Moun ki prese reponn san koute sa y’ap di l, se moun sòt li ye. Li gen pou l wont.” (Pwo. 18:13). Si w ret kalm, w ap aprann plis bagay toujou paske timoun nan ap kontinye pale. Pou w rive ede l, ou dwe fin tande sa l ap di w la nèt. Ou gendwa wè se paske timoun nan gen yon bagay k ap trakase l ki fè l ap pale ‘jan l ap pale a’. (Jòb 6:1-3.) Antanke paran ki gen lanmou, koute pitit ou pou w konprann li lè l ap pale e di l pawòl ki ka ede l.

14. Poukisa timoun yo pa dwe prese pale?

14 Timoun, ou menm tou, ou pa dwe “prese pale” oswa kouri opoze ak sa paran w di paske Bondye ba yo responsablite pou yo ba w fòmasyon (Pwo. 22:6). Petèt, yon lè, yo te nan menm sitiyasyon avè w. Anplis de sa, yo regrèt erè yo te fè lè yo te jèn e yo vle pwoteje w ak tout kè yo pou w pa fè menm erè yo. Kidonk, konsidere paran w kòm zanmi w, pa wè yo tankou advèsè w, wè yo tankou konseye w, pa wè yo tankou ènmi w. (Li Pwovèb 1:5.) Se pou w “onore papa w ak manman w” e montre yo ou renmen yo menm jan yo renmen w. Konsa, l ap pi fasil pou yo ‘kontinye leve w nan disiplin ak nan avètisman Jewova bay’. — Efe. 6:2, 4.

PA “PRESE FÈ KÒLÈ”

15. Ki sa k ap ede n pou n pa pèdi pasyans e pou n pa fache ak moun nou renmen yo?

15 Nou pa toujou demontre pasyans anvè moun nou renmen yo. Apot Pòl te “ekri moun ki sen yo ak frè ki fidèl ann inyon ak Kris nan Kolòs yo”, li te di yo: “Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, epi pa eksite sou yo. Nou menm papa, pa irite timoun nou yo, dekwa pou yo pa dekouraje.” (Kol. 1:1, 2; 3:19, 21). Men ki ankourajman Pòl te bay Efezyen yo: “Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay  nou ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun.” (Efe. 4:31). Lè n aprann gen pasyans, dousè ak metriz, ki se kèk aspè nan fwi lespri Bondye a, sa ap ede n rete kalm menm lè nou anba strès. — Gal. 5:22, 23.

16. Ki fason Jezi te korije disip li yo, e poukisa sa te estrawòdinè?

16 Ann konsidere egzanp Jezi. Imajine jan Jezi dwe te strese anpil nan dènye soupe li te pran ak apot li yo. Jezi te konnen nan kèk èdtan ankò li t apral mouri yon fason ki terib. Sangtifikasyon non Papa l ak delivrans lèzòm te depann de fidelite l. Poutan, nan menm soupe sa a, “yon gwo diskisyon te vin leve nan mitan [apot] yo tou pou yo konnen kiyès nan yo ki te pi enpòtan”. Jezi pa t ni rele sou yo ni egri kont yo. Olye de sa, li te rezone ak yo yon fason ki kalm. Jezi te fè yo sonje yo te la avè l nan moman difisil yo. Byenke Satan t ap reklame yo pou l vannen yo tankou ble y ap vannen, Jezi te montre l gen konfyans yo t ap ret fidèl. Li te menm fè yon alyans avèk yo. — Lik 22:24-32.

Èske w byen koute pitit ou?

17. Ki sa k ap ede timoun yo rete kalm?

17 Timoun yo tou dwe rete kalm. Yo ka panse paran yo ba yo enstriksyon paske yo manke konfyans nan yo, sitou lè yo rive nan laj adolesans. Byenke, pafwa sa ka sanble sa, men, yo bezwen rekonèt paran yo gen sousi pou yo paske yo renmen yo. Lè timoun yo koute paran yo avèk kalm e yo kowopere ak yo, paran yo ap gen respè pou yo e y ap konsidere yo kòm moun ki responsab. Sa ka menm fè paran yo ba yo plis libète nan kèk domèn nan lavi a. Timoun yo ap montre yo saj lè yo gen metriz. Men sa yon pwovèb fè konnen: “Yon moun ki san konprann kite tout lespri l soti, men moun ki saj la kenbe l kalm jiskobou.” — Pwo. 29:11, NW.

18. Ki jan lanmou ede moun byen pale youn ak lòt?

18 Kidonk, nou menm, paran ak timoun nou renmen yo, pa dekouraje si moun nan fanmi nou pa pale youn ak lòt jan nou ta renmen an. Kontinye travay pou sa, e kontinye mache nan laverite (3 Jan 4). Nan monn nouvo a, tout moun ap pafè e y ap ka pale yon fason ki pafè youn ak lòt, san bri san kont. Sepandan, kounye a, nou tout konn fè erè nou regrèt annapre. Se sa k fè, pa pè mande eskiz. Padone youn lòt ak tout kè n. Bib la fè konnen se pou nou “byen ini ansanm nan lanmou”. (Kol. 2:2.) Lanmou gen pouvwa. ‘Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Li pa fè kòlè fasil. Li pa note bagay mal yo fè l. Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay’. (1 Kor. 13:4-7.) Si n kontinye demontre lanmou, n ap byen pale youn ak lòt, n ap gen kè kontan nan fanmi n e Jewova ap jwenn louwanj.

^ § 6 Yo chanje non moun nan.