Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lavi w pa fini apre w fin divòse

Lavi w pa fini apre w fin divòse

“M te santi se kòmsi m te sot sou tèt yon falèz epi m tonbe anba. Ou t ap mennen yon bèl vi epi sanzatann ou pèdi tout bagay.” — MAK *, li gen yon ane depi l divòse.

“Mari m te gen relasyon ak yon jèn fi ki gen menm laj ak pitit fi nou an. Lè m te divòse, m te libere anba l akoz move tanperaman li genyen. Yon lòt bò m te santi m imilye e m te santi m pa gen valè.” — EMLIN, li gen 17 an depi l divòse.

Anpil moun ki divòse gen espwa lavi yo ap vin pi bon, tandiske gen lòt moun ki vle sove maryaj yo, men yo pa ka fè anyen pou konjwen yo rete ak yo. Men, prèske tout moun ki divòse twouve lavi a pi difisil pase sa yo te panse. Anfèt, si w fèk divòse, ou ka remake se youn nan sitiyasyon ou rankontre ki bay plis strès. Donk, l ap itil pou w egzamine kèk bon konsèy Bib la bay k ap ede w fè fas ak pwoblèm moun jwenn lè yo divòse.

1ye DIFIKILTE: SANTIMAN NEGATIF.

Strès yon moun genyen akoz pwoblèm lajan, akoz responsablite l genyen antanke paran oubyen paske l santi l poukont li, ka akable l. Santiman sa yo pa toujou disparèt vit. Judith Wallerstein, yon sikològ ki mouri, te remake menm apre plizyè ane yon moun fin divòse, li konn toujou santi yo trayi l, yo abandone l, pou li “lavi a chaje ak enjistis, ak desepsyon e moun santi yo poukont yo”.

MEN SA W KA FÈ

  • Pa kache chagren w. Ou ka sonje moman w te konn pase ak moun sa a ou toujou renmen. Menmsi nou pa t gen pi bon relasyon pase sa, ou ka chagren paske w pa t gen lajwa w te swete jwenn  nan maryaj ou (Pwovèb 5:18). Rezève tan ‘pou w kriye’, pa santi w jennen pou w fè sa. — Eklezyas 3:1, 4.

  • Evite izole tèt ou. Se vre ou ka bezwen rete poukont ou paske w chagren, men li pa saj pou w izole tèt ou (Pwovèb 18:1). Lè w ap pale avèk zanmi w, pale bagay ki ankourajan paske si w ap plede di bagay negatif sou ansyen konjwen w menm lè w gen rezon, sa ka fè lòt moun evite w. Si w gen desizyon enpòtan pou w pran lè w fèk fin divòse, chèche èd nan men moun ou fè konfyans.

  • Pran swen tèt ou. Souvan, strès moun konn genyen apre yo fin divòse konn ba yo pwoblèm sante, tankou tansyon ak tèt fè mal. Se pou w byen manje, fè egzèsis epi byen dòmi. — Efezyen 5:29.

  • Retire bagay ki ka fè w fache kont ansyen konjwen w ak bagay ou pa bezwen ankò, men sere papye enpòtan yo. Si gen bagay ki ka fè w tris tankou foto maryaj, mete yo nan yon bwat epi sere yo pou pitit ou.

  • Lite kont panse negatif. Òlga te divòse poutèt mari l te fè adiltè. Men sa l di: “M te toujou ap mande tèt mwen, ‘ki sa fi sa a genyen m pa genyen?’”. Men, jan Òlga te vin rann li konn de sa pi devan, lè w ap plede panse ak bagay negatif, sa ka fè w “dekouraje”. — Pwovèb 18:14.

    Gen anpil moun ki remake lè yo ekri sa ki nan panse yo, li pi fasil pou yo konprann sa k ap pase nan panse yo e pou yo kontwole yo. Si w konn fè sa, li bon pou w chèche gen lòt panse, panse ki pozitif pou w ranplase panse negatif w ap lite kont yo (Efezyen 4:23). Ann konsidere de egzanp:

    Fason w te panse: Si konjwen m pa fidèl se fòt mwen.

    Fason w vin panse: Konjwen m pa t oblije twonpe m poutèt defo m genyen.

    Fason w te panse: M gaspiye pi bèl ane nan lavi m ak yon moun ki pa t fèt pou mwen.

    Fason w vin panse: Kè m ap pi kontan si m gade devan nan lavi a olye m gade dèyè.

  • Pa bay pawòl negatif yo enpòtans. Zanmi w ak fanmi w, ki gen bon entansyon, ka di bagay ki fè w lapèn oubyen yo ka menm di bagay ki pa kòrèk, tankou: ‘Antouka fi sa a pa t bon pou ou’ oubyen ‘ou konnen Bondye rayi divòs *’. Se pou rezon sa a, Bib la bay konsèy sa a: “Pa koute tou sa moun ap di.” (Eklezyas 7:21). Matin te divòse sa gen de ane. Men sa l di: “Olye pou m ret ap reflechi sou pawòl ki fè m mal, m fè efò pou m gen menm pwennvi ak Bondye sou bagay yo. Panse pa Bondye pi wo pase panse pa nou”. — Izayi 55:8, 9.

  • Priye Bondye. Bondye ankouraje moun k ap sèvi l pou yo ‘lage tout tètchaje yo genyen sou li’, sitou nan moman yo gen gwo pwoblèm ‘paske li gen sousi pou yo’. — 1 Pyè 5:7.

ESEYE FÈ SA: Ekri vèsè ou panse ki ka ede w epi mete yo yon kote ou ka wè yo byen fasil. Anplis vèsè nou sot site pi wo yo, anpil moun ki divòse jwenn byenfè nan vèsè ki vin apre yo: Sòm 27:10; 34:18; Izayi 41:10; Women 8:38, 39.

Kite Pawòl Bondye a rekonfòte w nan moman difisil yo.

2yèm DIFIKILTE: RELASYON W GEN AK ANSYEN KONJWEN W.

Jilyana te fè 11 an marye, men sa l di: “M te sipliye mari m pou l rete avè m. Men, apre l fin ale, m te fache anpil kont li ansanm ak fi li t al jwenn nan”. Anpil moun ki divòse rete fache kont ansyen konjwen yo pandan anpil ane. Men, nan kèk ka yo oblije pale youn ak lòt, tankou si yo gen timoun ansanm.

 MEN SA W KA FÈ

  • Toujou gen relasyon pezib ak ansyen konjwen w. Pale sou sijè ki enpòtan yo, pa pale twòp epi pale sou sa w bezwen. Anpil moun ki fè sa remake sa fè gen lapè antre yo. — Women 12:18.

  • Pa di pawòl blesan. Lè moun nan di w yon pawòl ki blese w, ou ka aplike bon konsèy sa a Bib la bay la: “Moun ki gen konesans pa nan pale anpil.” (Pwo. 17:27). Si w pa ka kontinye fè yon konvèsasyon ki itil avè l, ou ka chwazi pale avè l yon lòt lè. Ou ka di l: “M bezwen yon ti tan pou m reflechi sou sa w di m nan, n a pale sou sa apre.”

  • Separe bagay enpòtan w genyen ak pa ansyen konjwen w otank posib, sa gen ladan l tou dokiman jiridik yo, dokiman sou afè lajan ak dokiman medikal.

ESEYE FÈ SA: Pwochèn fwa w ap pale ak moun ou te marye avè l la, gade pou w wè si gen pawòl nou di kote nou chak ap chèche defann tèt nou oubyen kote youn pa vle sede pou lòt. Nan ka sa a, si sa nesesè, mande l pou w kite sijè a pou yon lòt lè oubyen mande l pou nou itilize imel pou n pale sou sijè a. — Pwovèb 17:14.

3yèm DIFIKILTE: EDE PITIT OU YO POU YO ADAPTE YO.

Marya sonje kòman sitiyasyon an te ye tousuit apre l fin divòse. Men sa l di: “Dènye pitit fi m nan t ap kriye toutan e li te rekòmanse pipi nan kabann. Malgre premye pitit fi m nan t ap eseye kache santiman l, m te ka wè li diferan tou.” Malerezman, ou ka santi ou manke tan oubyen ou pa gen ase enèji pou w ede pitit ou yo nan moman yo plis bezwen w.

MEN SA W KA FÈ

  • Ankouraje timoun ou yo pale avè w sou santiman k ap travèse yo, menmsi sa yo di w la ta sanble “pawòl anlè”. — Jòb 6:2, 3, NW.

  • Se pou chak moun jwe wòl pa yo. Byenke w ka bezwen sipò nan domèn afektif e pitit ou ka sanble dispoze ede w. Men li pa nòmal ni li pa bon pou sante timoun yo pou w ta mande yo ede w fè fas ak gwo pwoblèm w ap rankontre (1 Korentyen 13:11). Veye pou w pa fè timoun yo tounen konfidan w ni pou w pa fè yo tounen yon medyatè oubyen yon mesaje ant ou menm ak ansyen konjwen w.

  • Toujou kenbe bon abitid ak pitit ou. Lè w rete menm kote a e ou kenbe menm pwogram nan, sa ka itil, men sa ki enpòtan se pou w toujou gen yon bon pwogram espirityèl, sa gen ladan l lekti Labib ak adorasyon an fanmi. — Detewonòm 6:6-9.

ESEYE FÈ SA: Toujou fè pitit ou yo konnen ou renmen yo e se pa yo menm ki lakòz nou divòse. Reponn kesyon yo genyen san ou pa blame ansyen konjwen w.

Lavi w pa fini apre w fin divòse. Melisa ki te fè 16 an marye di: “Lè m te divòse, m te di, ‘se pa konsa m te vle pou lavi m ye.’” Sepandan, kounye a, l ap viv ak kè kontan malgre sitiyasyon sa yo. Li di: “Lè m te sispann eseye chanje sa k te pase yo, m te santi m pi byen.”

^ § 2 Gen non moun yo chanje nan atik sa a.

^ § 18 Lè yon moun twonpe konjwen l oubyen li fè l yon kou trèt epi l divòse, Bondye rayi divòs sa a. Men, si konjwen yon moun fè fònikasyon, Bondye bay konjwen ki inosan an dwa pou l deside si l ap divòse oubyen si l pap divòse (Malaki 2:16; Matye 19:9). Gade atik “D’après la Bible... Quel genre de divorce Dieu hait-il?”, li te parèt nan Réveillez-vous! 8 fevriye 1994. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

MANDE TÈT OU...

  • Èske m eseye kache chagren m genyen poutèt mwen divòse?

  • Ki sa m ka fè pou m sispann fache kont ansyen konjwen m?