Sòm 27​:​1-14

  • Jewova se yon fòtrès ki pwoteje lavi m

    • Apresyasyon pou tanp Bondye a (4)

    • Menm lè paran nou ta lage nou, Jewova pap lage nou (10)

    • “Met espwa nou nan Jewova” (14)

Yon chante David te ekri. 27  Jewova se limyè m+, li se sovè m.Kiyès ki ka fè m pè+?Jewova se yon fòtrès ki pwoteje lavi m+.Kiyès ki ka fè m tranble?   Lè mechan yo atake m pou yo devore m+,Se yo menm ki bite e ki tonbe, wi, moun ki advèsè m e ki ènmi m yo.   Menmsi yon lame ta antoure m,Kè m pap sote+.Menmsi yon gè ta eklate kont mwen,Se atò m ap gen konfyans nan li.   Gen yon bagay mwen mande Jewova,E se sa m ap chèche:Pou m rete nan kay Jewova a pandan tout vi m+,Pou m kontanple tout bon bagay Jewova gen lakay liE pou m admire* tanp li an*+.   Paske, l ap kache m nan abri l la nan jou malè a+,L ap kache m nan tant li an, nan kachèt li a+.L ap mete m byen wo sou tèt yon mas wòch+.   Konsa, m ap bat ènmi m yo ki antoure m,M ap ofri sakrifis nan tant li an toutpandan m ap rele ak kè kontan.M ap chante louwanj* pou Jewova.   O Jewova, koute m lè m ap rele nan pye w+,Fè m favè, reponn mwen+.   Nan kè m, mwen sonje ou te di:“Chèche m.”O Jewova, se ou m ap chèche+.   Pa kache pou mwen+.Pa repouse sèvitè w la poutèt ou an kòlè.Se ou menm mwen genyen pou ede m+.O Bondye delivrans mwen an, pa vire do ban mwen, pa kite m. 10  Menmsi papa m ak manman m ta abandone m+,Jewova li menm t ap ranmase m+. 11  Fè m konnen chemen w yo, o Jewova+,Gide m nan chemen ladwati pou ènmi m yo pa fini avè m. 12  Pa lage m nan men* advèsè m yo+,Paske gen yon bann moun k ap bay manti ki leve kont mwen+E k ap menase m avèk vyolans. 13  Ki kote m t ap ye si m pa t gen konfyansM ap benefisye bonte Jewova toutotan m ap viv*+? 14  Met espwa nou nan Jewova+.Mete kouraj sou nou e mete kran sou nou+.Wi, met espwa nou nan Jewova.

Nòt anba paj

Oswa: “kontanple”.
Oswa: “kote ki sakre a”.
Oswa: “M ap fè mizik”.
Oswa: “Pa lage m anba nanm”.
Se kapab tou: “Se sèten mwen gen konfyans m ap wè bonte Jewova nan peyi moun ki vivan yo”.