Al gade sa k anndan l

E si mwen esklav pònografi?

E si mwen esklav pònografi?

Men sa w ka fè

 Konsidere pònografi pou sa li ye a. Pònografi pa lòt bagay, se yon fason yo chèche degrade yon bagay Bondye kreye ki dwe onorab. Si w konprann pònografi konsa, sa ap ede w “rayi sa ki mal”. — Sòm 97:10.

 Panse ak konsekans yo. Pònografi fè moun ki parèt ladan l yo san valè. Epitou, li degrade moun k ap gade l la tou. Labib gen rezon, lè l di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” — Pwovèb 22:3.

 Pran yon angajman ak tèt ou. Jòb, yon nonm fidèl, te di: “Mwen te fè sèman pou m pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.” (Jòb 31:1, Bib la). Men kèk angajman ou ka pran:

  •  M pap sèvi ak Entènèt lè m poukont mwen.

  •  M ap fèmen nenpòt imaj ak sit Entènèt ki pa kòrèk ki monte devan m prese prese.

  •  Si mwen tonbe nan gade bagay sa yo ankò, m ap pale ak yon zanmi ki gen matirite.

Pònografi se pwoblèm sou pwoblèm, plis ou gade l, plis li difisil pou w libere anba l

 Priye sou sa. Youn nan moun ki te ekri Sòm yo te sipliye Jewova Dye konsa: “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyen.” (Sòm 119:37). Bondye vle bagay yo byen mache pou ou, e si w priye l, l ap ba w fòs pou w fè sa ki byen! — Filipyen 4:13.

 Pale ak yon moun. Pale ak yon moun ou fè konfyans se yon pa enpòtan nan efò w ap fè pou w kite abitid sa a. — Pwovèb 17:17.

 Sonje sa: Chak fwa ou evite pònografi, se yon gwo viktwa ou ranpòte. Pale ak Jewova sou viktwa sa a, epi di l mèsi pou kouraj li te ba ou. Lè w evite pònografi, ou fè kè Jewova kontan! — Pwovèb 27:11.