Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske sèks nan bouch se sèks vre?

Èske sèks nan bouch se sèks vre?

 Selon yon òganizasyon Ozetazini (U.S. Centers for Disease Control and Prevention), anviwon 50 pousan adolesan ki gen ant 15 a 19 an yo te entèvyouwe di yo deja fè sèks nan bouch. Men sa Sharlene Azam, ekriven liv Sèks nan bouch se nouvo fason jèn yo bo menaj yo pou di yo bòn nuit (anglè), di: “Lè w pale ak adolesan yo [sou kesyon sèks nan bouch la], yo di sa pa anyen. Anfèt, yo pa menm konsidere sa kòm sèks.”

 Ki sa w panse?

 Reponn wi ou non pou kesyon ki vin annapre yo:

  1.   Èske yon tifi ka vin ansent si l fè sèks nan bouch pou yon lòt moun?

    1.   Wi

    2.   Non

  2.   Èske yon moun ka pran yon maladi si l fè sèks nan bouch?

    1.   Wi

    2.   Non

  3.   Èske sèks nan bouch se sèks vre?

    1.   Wi

    2.   Non

 Ki sa ki verite?

 Konpare repons ou te bay yo ak repons ki vin annapre yo:

  1.   Èske yon tifi ka vin ansent si l fè sèks nan bouch pou yon lòt moun?

     Repons: Non. Malerezman, se youn nan rezon ki fè anpil moun panse se pa yon pwoblèm si yo fè sèks nan bouch.

  2.   Èske yon moun ka pran yon maladi si l fè sèks nan bouch?

     Repons: Wi. Yon moun ki fè sèks nan bouch ka pran epatit (A oswa B), gonore, sifilis, SIDA ak lòt viris.

  3.   Èske sèks nan bouch se sèks vre?

     Repons: Wi. Nenpòt lè yon moun ap fè yon bagay avèk pati entim yon lòt moun tankou fè sèks, sèks nan bouch, sèks nan dèyè, ak karese pati seksyèl yon lòt moun, se sèks.

 Sa k fè sa enpòtan?

 Ann egzamine kèk vèsè nan Bib la ki gen rapò ak sèks nan bouch.

 Men sa Bib la di: “Volonte Bondye se pou nou vin sen e se pou nou evite imoralite seksyèl.” — 1 Tesalonisyen 4:3.

 Mo lè yo tradui l yo mete “imoralite seksyèl” pou li a gen rapò ak tout relasyon entim ki fèt ant moun ki pa marye youn ak lòt, sa gen ladan l fè sèks, sèks nan bouch, sèks nan dèyè, ak karese pati seksyèl yon lòt moun. Yon moun ki fè imoralite seksyèl ka peye sa chè, e youn nan pi gwo konsekans yo sèke l ka pèdi bon relasyon li gen ak Bondye. — 1 Pyè 3:12.

 Men sa Bib la di: “Yon moun k ap fè imoralite seksyèl peche kont pwòp kò li.” — 1 Korentyen 6:18.

 Nonsèlman sèks nan bouch ka gen move efè sou kò w, men tou li ka gen move efè sou relasyon w gen ak Bondye. Mete sou sa, li ka gen move efè sou ou nan domèn afektif. Men sa liv Fason pou w pale sou sèks ak pitit ou (anglè) fè konnen: “Se pa sèl lè yon moun gen relasyon seksyèl, li ka santi yo sèvi avè l, li gen remò oswa li san defans. Tout move santiman yon moun ka genyen lè l kouche ak yon moun nan sikonstans ki pa nòmal, se menm santiman sa yo l ap genyen lè l fè nenpòt fòm sèks nan sikonstans ki pa nòmal. Sèks se sèks.”

 Men sa Bib la di: “Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan.” — Ezayi 48:17.

 Èske w panse lwa Bondye bay anrapò ak sèks yo bon pou ou vre? Oswa, èske w panse yo retire sou libète w? Eseye imajine yon gwo wout kote yo mete pano ki endike vitès moun pa dwe depase e ki gen limyè ak pano pou kontwole sikilasyon an. Èske w panse règ sikilasyon sa yo retire sou libète w oswa èske w wè yo kòm yon pwoteksyon? Ki sa k t ap pase si ou menm oubyen lòt chofè yo pa ta respekte konsiy sa yo?

Konsiy sikilasyon yo retire sou libète w genyen, men yo pwoteje w. Se menm jan an tou, lwa Bondye bay yo ka fè w santi w gen mwens libète, men yo pwoteje w.

 Se menm bagay la pou prensip Bondye yo. Si w pa respekte yo, se sèten w ap rekòlte sa w te simen (Galat 6:7). Men sa yon liv ki pale sou sèks fè konnen: “Plis ou vire do bay kwayans ou ak prensip ou genyen e w al fè yon seri bagay ou pa fin santi ki kòrèk, se plis ou pap gen respè pou tèt ou.” ​(Sex Smart). Men, si w viv ann amoni ak prensip Bondye yo, w ap montre ou gen bonjan prensip moral. Sa k pi enpòtan an, konsyans ou ap klè. — 1 Pyè 3:16.