Al gade sa k anndan l

Èske Bib la anseye reyenkanasyon?

Èske Bib la anseye reyenkanasyon?

Repons Bib la bay

 Non, li pa anseye reyenkanasyon. Kit se mo “reyenkanasyon” an, kit se ide a, yo youn pa parèt nan Bib. Kwayans nan reyenkanasyon an se yon kwayans ki baze sou yon ansèyman ki fè kwè nanm nan pa ka mouri a. Sepandan, Bib la fè konnen nanm nan se moun nan nèt e konsa, li ka mouri (Jenèz 2:7, nòt; Ezekyèl 18:4). Lè yon moun mouri, li sispann egziste. — Jenèz 3:19; Eklezyas 9:5, 6.

Ki diferans ki genyen ant reyenkanasyon ak rezirèksyon?

 Ansèyman Bib la bay sou rezirèksyon an pa baze sou ide nanm imòtèl la. Nan rezirèksyon an, moun ki te mouri yo pral retounen viv ankò grasa pisans Bondye (Matye 22:23, 29; Travay 24:15). Grasa rezirèksyon an, moun ki resisite yo gen bèl espwa pou yo viv sou yon tè tounèf ak posiblite pou yo pa janm mouri ankò. — 2 Pyè 3:13; Revelasyon 21:3, 4.

Rezon ki fè kèk moun panse Bib la pale de reyenkanasyon

 Sa yo panse: Bib la di pwofèt Eli te reyenkane antanke Jan ki konn batize moun nan.

 Sa ki verite: Bondye te di: “M ap voye pwofèt Eli kote nou”, e Jezi te montre pwofesi sa a te akonpli sou Jan ki konn batize moun nan (Malachi 4:5, 6; Matye 11:13, 14). Sepandan, sa pa vle di Eli te reyenkane antanke Jan ki konn batize moun nan. Se Jan li menm ki te fè konnen li pa Eli (Jan 1:21). Olye de sa, Jan te fè yon travay menm jan ak travay Eli te fè a, sa vle di, li te pwoklame mesaj Bondye a, yon mesaj kote l te envite moun yo vin repanti (1 Wa 18:36, 37; Matye 3:1). Anplis de sa, Jan te montre l se yon moun ki gen “menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an”. — Lik 1:13-17, Bib la.

 Sa yo panse: Bib la pale de reyenkanasyon lè l di yon moun ka “fèt yon lòt fwa ankò”.

 Sa ki verite: Bib la montre kesyon fèt yon lòt fwa ankò a gen rapò ak yon moun ki refèt nan domèn espirityèl toutpandan l toujou ap viv (Jan 1:12, 13). Refèt moun nan refèt la pa gen okenn rapò ak konsekans aksyon l te fè yo, men, se yon benediksyon Bondye ba li, yon benediksyon ki pèmèt moun sa a gen yon bèl espwa pou lavni. — Jan 3:3; 1 Pyè 1:3, 4.

a Nou ka jwenn tras ide ki fè kwè nanm nan pa ka mouri a nan Babilòn tan lontan an. Pi devan, filozòf endyen yo te vin ak doktrin Kama a. Selon sa yon ansiklopedi fè konnen, Kama a se “prensip koz ak efè, yon prensip ki fè konnen sa yon moun fè nan vi sa a, l ap sibi efè l nan lòt vi a”. — Britannica Encyclopedia of World Religions, paj 913.