Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Eklezyas 3:11 — “Li byen fè tout bagay bèl nan lè yo”

Eklezyas 3:11 — “Li byen fè tout bagay bèl nan lè yo”

 “Li byen fè tout bagay bèl nan lè yo. Li menm met lide pou lèzòm viv pou toutan nan kè yo. Epoutan, lèzòm pap janm rive konnen tout travay vrè Dye a fè depi nan kòmansman rive nan fen.” — Eklezyas 3:11, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Li fè tout bagay bèl nan lè yo. Epitou, li mete lide pou lèzòm viv pou toutan nan kè yo; poutan pèsonn pa ka konnen ki sa Bondye te fè depi nan kòmansman rive nan fen.” — Eklezyas 3:11, New International Version.

Sa Eklezyas 3:11 vle di

 “Li byen fè tout bagay bèl nan lè yo.” Mo ebre lè yo tradui l yo mete bèl pou li a vle di plis pase bèl nan aparans. Li ka vle di tou “byen ranje”, “kòrèk”. (Eklezyas 3:11, nòt.) Bèl bagay Bondye fè yo gen ladan yo sa l kreye yo, men tou, yo gen ladan yo sa l fè pou l reyalize objektif Li. — Dànyèl 2:21; 2 Pyè 3:8; Revelasyon 4:11.

 “Li menm met lide pou lèzòm viv pou toutan nan kè yo.” Bondye te kreye lèzòm pou yo viv pou toutan (Sòm 37:29). Epi, natirèlman, li mete anvi pou yo viv pou toutan an nan kè yo. Sepandan, Adan ak Èv, de premye moun yo, te dezobeyi Bondye e sa lakòz ni yo menm ni desandan yo mouri (Jenèz 3:17-19; Women 5:12). Malgre sa, Bondye pwomèt l ap “bay tout sa k vivan sa yo bezwen” e sa gen ladan l dezi lèzòm genyen pou yo viv pou toutan (Sòm 145:16). Bib la esplike ki jan Jewova te fè l posib ankò pou lèzòm vin gen espwa pou yo viv pou toutan. — Women 6:23.

 “Lèzòm pap janm rive konnen tout travay vrè Dye a fè depi nan kòmansman rive nan fen.” Sajès Bondye tèlman anpil e li tèlman gran, Bib la di li “enposib [...] pou yo rive jwenn tras chemen l yo”. (Women 11:33.) Men, Bondye vle fè moun ki vle fè l plezi yo konnen objektif li. — Amòs 3:7.

Kontèks Eklezyas 3:11

 Se Salomon, yon wa nan Izrayèl tan lontan an, ki te ekri liv Eklezyas la. Anpil moun te konnen Salomon akoz sajès Bondye te ba li. Liv Eklezyas la gen anpil konsèy sou sa ki vrèman enpòtan nan lavi a e sou sa ki pa gen enpòtans (Eklezyas 1:2, 3; 2:1, 17; 7:1; 12:1, 13). Nan chapit twa a, Salomon pale sou yon seri bagay nan lavi a an jeneral. Li site plizyè bagay moun konn fè (Eklezyas 3:1-8, 10). Bondye bay lèzòm libète pou yo chwazi kiyès nan bagay sa yo y ap fè e nan ki moman yo vle fè yo (Detewonòm 30:19, 20; Jozye 24:15). Salomon fè konnen sèl fason pou lèzòm pwofite rezilta travay di yo fè toutbon se lè yo travay ann amoni ak objektif Bondye e lè yo respekte “lè pou tout bagay” fèt, sa vle di lè Bondye deside pou yo fèt la. Salomon di sa se “kado Bondye bay”. — Eklezyas 3:1, 12, 13.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Eklezyas la.