Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Women 12:2 — “Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon”

Women 12:2 — “Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon”

 “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” — Women 12:2, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n’a ka konprann sa Bondye vle, n’a konnen sa ki byen, sa ki fè l’ plezi, sa ki bon nèt ale.” — Women 12:2, Bib la.

Sa Women 12:2 vle di

 Yon moun ki vle fè Bondye plezi dwe nonsèlman evite move enfliyans, men tou li dwe chanje pèsonalite l. Se pa Bondye ki fòse moun sa yo chanje, men yo fè sa paske yo renmen l. Epitou, yo rive wè tout sa Bondye mande yo fè bon pou yo, ansèyman l yo rezonab e yo pote byenfè. — Ezayi 48:17.

 “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a.” “Sistèm sa a,” ki se monn nan ak prensip li yo oswa fason l aji, pa ann amoni ak prensip Bondye yo (1 Jan 2:15-17). Li mete presyon sou moun yo yon fason ki afekte pèsonalite yo ak fason yo aji. Pou yon moun rive adore Bondye fason ki kòrèk la, li dwe reziste anba enfliyans monn sa a. Sinon, l ap vin devlope yon move pèsonalite ki pa fè Bondye plezi. — Efezyen 2:1-3; 4:17-19.

 “Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon.” Moun ki vle adore Bondye fason ki kòrèk la dwe travay pou l chanje santiman l ak fason li wè bagay yo. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “transfòme” pou li a ede n wè fason nou dwe fè sa. Li dekri chanjman ki fèt lè yon cheni vin tounen yon papiyon. Moun ki vle adore Bondye yo dwe “abiye ak nouvo pèsonalite a.” — Efezyen 4:23, 24; Kolosyen 3:9, 10.

 “Verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” Bondye vle pou moun k ap adore l yo gen bonjan konviksyon nan sa yo kwè yo. Yon moun rive fè sa lè l etidye Pawòl Bondye a e li aplike prensip sa yo nan lavi l, epitou li wè byenfè sa pote. Donk, yo vin wè aklè fason Bondye wè bagay yo bon nèt. — Sòm 34:8.

Kontèks Women 12:2

 Chapit 12 liv Women an esplike sa n dwe fè pou n adore Bondye yon fason ki kòrèk. Adorasyon ki kòrèk la afekte tout aspè nan lavi n, sa mande pou n sèvi ak “kapasite nou genyen pou nou rezone” a olye n annik kwè san konprann oswa nou kite emosyon n mal gide nou (Women 12:1, 3). Chapit la bay kèk konsèy pratik sou fason pou n demontre kalite ki soti nan Bondye yo, fason pou n boule avèk lòt moun ak fason pou n aji lè nou sibi enjistis. — Women 12:9-21.