Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Revizyon sou seksyon 1 an

Revizyon sou seksyon 1 an

Egzamine kesyon sa yo ak moun k ap anseye w la:

  1. Ki pwomès ou pi renmen nan pwomès Bondye fè pou lavni yo?

    (Gade leson 02.)

  2. Sa k fè w kwè Bib la se Pawòl Bondye?

    (Gade leson 03 ak 05.)

  3. Poukisa li enpòtan pou nou sèvi ak non ­Bondye, ki se Jewova?

    (Gade leson 04.)

  4. Bib la di Bondye se “sous lavi a”. (Sòm 36:9.) Èske w kwè sa?

    (Gade leson 06.)

  5. Li Pwovèb 3:32.

    • Poukisa Jewova se pi bon Zanmi nou ka genyen?

    • Ki sa Jewova mande pou zanmi l yo fè? Èske l pa mande nou twòp?

      (Gade leson 07 ak 08.)

  6. Li Sòm 62:8.

    • Bay kèk bagay ou konn priye Jewova sou yo. Sou ki lòt bagay ou ka priye?

    • Ki jan Jewova reponn priyè nou yo?

      (Gade leson 09.)

  7. Li Ebre 10:24, 25.

    • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka fè w jwenn byenfè?

    • Èske w panse sa enpòtan pou w asiste reyinyon yo?

      (Gade leson 10.)

  8. Poukisa li bon pou nou li Bib la regilyèman? Ki jan w fè pou w li Bib la chak jou?

    (Gade leson 11.)

  9. Ki sa w pi renmen nan etid w ap fè nan Bib la?

  10. Ki pwoblèm ou jwenn depi lè w kòmanse ­etidye Bib la? Ki sa k ka ede w kontinye etidye Bib la?

    (Gade leson 12.)