Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 12

Ki sa k ap ede w kontinye etidye Bib la?

Ki sa k ap ede w kontinye etidye Bib la?

Ou ka jwenn anpil byenfè lè w kontinye etidye Bib la. Men, li ka pa toujou fasil pou w etidye. Pafwa, ou ka ap mande tèt ou si w ap kapab kontinye etid la. Poukisa li enpòtan pou w kontinye etidye Bib la? Ki sa k ka ede w pèsevere menm lè w jwenn difikilte?

1. Poukisa l enpòtan pou yon moun etidye Bib la?

“Pawòl Bondye a vivan e li pisan.” (Ebre 4:12). Bib la gen anpil valè paske l fè nou konnen fason Bondye panse ak santiman l gen pou nou. Nonsèlman li ede nou gen konesans, men tou li ede nou jwenn sajès ak esperans. Sa k pi enpòtan an, sèke Bib la ap ede w vin zanmi Jewova. Lè w etidye Bib la, ou kite pisans ki ladan l lan gen yon bon efè sou lavi w.

2. Poukisa l enpòtan pou w rekonèt jan verite ki gen nan Bib la gen anpil valè?

Verite ki nan Bib la tankou trezò. Se poutèt sa, men ankourajman Bib la bay: “Achte laverite e pinga w janm vann li.” (Pwovèb 23:23). Lè nou sonje jan verite ki nan Bib la gen anpil valè, n ap fè tout sa nou kapab pou nou kontinye etidye, menm lè n jwenn difikilte. — Li Pwovèb 2:4, 5.

3. Ki jan Jewova ka ede w kontinye etidye Bib la?

Jewova vle ede w aprann konnen l paske li se Kreyatè w, li toupisan e l se Zanmi w. Li “ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji”. (Li Filipyen 2:13.) Donk, si pafwa w bezwen plis ankourajman pou w etidye Bib la oswa pou w aplike sa w aprann, li ka ede w. Si w bezwen plis fòs pou w fè fas ak difikilte oswa ak opozisyon, li ka ba w fòs sa a. Toujou priye Jewova pou w mande l ede w kontinye etidye Bib la. — 1 Tesalonisyen 5:17.

FOUYE PLIS

Aprann ki jan w ka kontinye etidye Bib la menm lè w okipe anpil oswa lòt moun opoze avè w. Epi gade ki jan Jewova ap ede w kontinye fè sa.

4. Bay etid w ap fè nan Bib la anpil valè

Pafwa, nou tèlman okipe, sa fè nou santi n pa gen ase tan pou n etidye Bib la. Ki sa k ka ede nou? Li Filipyen 1:10, epi reponn kesyon sa yo:

  • Dapre ou menm, ki “bagay ki pi enpòtan” nan lavi a?

  • Ki jan w ka bay etid w ap fè nan Bib la priyorite nan lavi w?

  1. Si w plen yon veso ak sab, apre sa ou eseye mete wòch ladan l, wòch yo pap antre nan veso a.

  2. Si w mete wòch yo anvan, w ap gen ase plas pou w mete pifò sab la. Menm jan an tou, si w mete “bagay ki pi enpòtan yo” an premye nan lavi w, w ap jwenn tan pou w fè lòt bagay.

Nou bezwen Bondye e lè nou etidye Bib la, nou vin gen posiblite jwenn sa nou bezwen an, sa vle di aprann konnen Bondye epi adore l. Li Matye 5:3, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki byenfè n ap jwenn lè nou bay etid n ap fè nan Bib la anpil valè?

5. Pèsevere lè w jwenn opozisyon

Pafwa, gen moun ki ka eseye fè w sispann etidye Bib la. Ann pran egzanp Francesco. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon sa yo.

  • Nan videyo a, ki jan fanmi Francesco ak zanmi l yo te reyaji lè l te fè yo konnen sa l t ap aprann?

  • Ki rekonpans li te jwenn lefètke l pa t bay vag?

Li 2 Timote 2:24, 25, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan fanmi w ak zanmi w konsidere sa w ap aprann yo?

  • Selon vèsè sa yo, ki jan w ta dwe reyaji lè yon moun pa kontan paske w ap etidye Bib la? Poukisa?

6. Konte sou Jewova pou l ede w

Tank n ap vin pi pwòch ak Jewova, se tank nou anvi fè l plezi. Men, nou ka santi l difisil pou nou fè kèk chanjman pou n rive viv jan Jewova vle a. Si w santi w konsa, pa dekouraje. Jewova ap ede w. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Nan videyo a, ki sa Jim te fè pou l fè Jewova plezi?

  • Ki sa k touche w nan egzanp li an?

Li Ebre 11:6, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa Jewova pral fè pou moun k ap “chèche l toutbon yo”, sa vle di moun ki fè tout sa yo kapab pou yo aprann konnen l e pou yo fè l plezi?

  • Ki sa w aprann sou fason Jewova santi l lè l wè tout efò w ap fè pou w etidye Bib la?

SI YON MOUN TA MANDE W: “Poukisa w ap etidye Bib la?”

  • Ki sa w t ap di?

SA W TE APRANN

Se vre li pa toujou fasil pou yon moun etidye Bib la, men si w fè sa, sa ap ede w viv pou toutan. Kontinye fè Jewova konfyans e l ap rekonpanse w.

Revizyon

  • Poukisa verite ki nan Bib la gen anpil valè pou ou?

  • Ki jan w ka “verifye bagay ki pi enpòtan yo”?

  • Poukisa w dwe mande Jewova pou l ede w kontinye etidye Bib la?

Objektif

APRANN PLIS

Gade kat bagay ki te ede anpil moun pou yo byen sèvi ak tan yo.

“Fason pou w byen sèvi ak tan w” (Reveye n! fevriye 2014)

Gade ki jan Jewova te ede yon dam mari l pa t dakò ak efò l t ap fè pou l fè Jewova plezi.

Jewova ban nou fòs pou n pote chay nou (5:05)

Gade ki jan pèseverans yon madanm te ede mari l.

M te pase laverite yon tès (6:30)