Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 59

Ou kapab ret fidèl menm lè w jwenn opozisyon

Ou kapab ret fidèl menm lè w jwenn opozisyon

Antanke kretyen, nou tout gen pou nou jwenn opozisyon yon lè kanmenm. Yo ka menm pèsekite nou. Èske sa ta dwe fè nou pè?

1. Sa k fè nou konnen n ap jwenn pèsekisyon?

Men sa Bib la di aklè: “Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou.” (2 Timote 3:12). Yo te pèsekite Jezi paske l pa t fè pati monn Satan an. Nou menm tou nou pa fè pati monn nan, donk, nou pa sezi lè gouvènman ki nan monn sa a ak relijyon yo pèsekite nou.— Jan 15:18, 19.

2. Ki jan n ka prepare n pou n fè fas ak pèsekisyon?

Nou bezwen chèche gen plis konfyans nan Jewova depi kounye a. Rezève tan chak jou pou w priye l e pou w li yon pòsyon nan Pawòl li a. Asiste reyinyon yo regilyèman. Aktivite sa yo kapab ede w jwenn fòs ou bezwen pou w ret fidèl devan pèsekisyon, e pou w fè sa avèk kouraj, menmsi se fanmi w k ap pèsekite w. Apot Pòl, yon moun yo te pèsekite souvan, te ekri: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè.”— Ebre 13:6.

Yon lòt bagay k ap ede nou gen plis kouraj se lè nou preche regilyèman. Lè nou preche, sa ede n mete konfyans nou nan Jewova e sa ede n gen kran lè n devan lòt moun (Pwovèb 29:25). Si w chèche vin gen kouraj pou w preche kounye a, sa ap prepare w pou w kontinye preche menmsi gouvènman nan peyi kote w ye a ta vle bloke travay predikasyon nou an.— 1 Tesalonisyen 2:2.

3. Ki byenfè n ap jwenn lè nou andire anba pèsekisyon?

Nou pa renmen pèsekisyon, men, lè nou andire anba pèsekisyon e nou ret fidèl, lafwa nou vin pi solid. Lè nou santi nou pa ka sipòte ankò, men, nou wè jan Jewova ede nou, sa fè nou vin pi pwòch avè l. (Li Jak 1:2-4.) Sa fè Jewova mal lè l wè n ap soufri, e sa fè l plezi lè li wè nou andire anba pèsekisyon. Men sa Bib la di: “Si nou andire lè n ap soufri poutèt nou fè sa ki byen, se yon bagay ki fè Bondye plezi.” (1 Pyè 2:20). Rekonpans Jewova pral bay tout moun ki rete fidèl, se lavi ki pap janm fini an nan yon monn kote pa gen moun k ap anpeche nou adore Jewova jan l mande a.— Matye 24:13.

FOUYE PLIS

Gade sa k fè l posib pou nou ret fidèl ak Jewova lè nou jwenn pèsekisyon e gade fason Jewova ap rekonpanse nou.

4. Ou kapab ret fidèl menm lè fanmi w opoze avè w

Jezi te montre moun nan fanmi nou gendwa pa dakò ak desizyon nou pran pou nou adore Jewova a. Li Matye 10:34-36, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa lòt moun nan yon fanmi ka di oubyen fè lè yon moun nan fanmi an chwazi sèvi Jewova?

Pou w kapab wè yon egzanp sou sa, gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki sa w t ap fè si yon moun nan fanmi w oubyen yon zanmi w ta eseye anpeche w sèvi Jewova?

Li Sòm 27:10 ak Mak 10:29, 30. Lè w fin li chak vèsè, reponn kesyon sa a:

  • Ki jan pwomès sa a kapab ede w si moun nan fanmi w oswa zanmi w opoze avè w?

5. Kontinye adore Jewova menm lè w jwenn pèsekisyon

Sa mande anpil kouraj pou w sèvi Jewova lè lòt moun ap chèche anpeche w fè sa. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Ki jan egzanp ki nan videyo sa a ede w gen plis kouraj?

Li Travay 5:27-29 ak Ebre 10:24, 25. Lè w fin li chak pasaj, reponn kesyon sa a:

  • Sa k fè li enpòtan anpil pou w kontinye adore Jewova menm lè gouvènman kote w rete a ap eseye bloke travay predikasyon an oubyen reyinyon yo?

6. Jewova ap ede w andire

Toupatou sou tè a, Temwen Jewova tout laj kontinye sèvi Jewova fidèlman menm lè yo jwenn pèsekisyon. Gade VIDEYO a pou w ka wè ki sa k ede yo fè sa, epi reponn kesyon ki vin apre a.

  • Nan videyo a, ki sa k te ede Temwen sa yo kontinye andire?

Li Women 8:35, 37-39 ak Filipyen 4:13. Lè w fin li chak pasaj, reponn kesyon sa a:

  • Ki jan pasaj sa a fè w gen asirans ou kapab andire kèlkeswa eprèv la?

Li Matye 5:10-12, epi reponn kesyon sa a:

  • Sa k fè w kapab gen kè kontan menm lè w jwenn pèsekisyon?

Plizyè milyon sèvitè Jewova, ni anvan, ni jodi a, kontinye sèvi l fidèlman malgre opozisyon. Ou kapab fè sa tou!

GEN MOUN KI DI: “M pap ka fè fas ak pèsekisyon.”

  • Ki vèsè ki ka ede moun sa yo gen konfyans yo bezwen an?

SA W TE APRANN

Jewova bay efò w fè pou w sèvi l anba pèsekisyon yo anpil valè. Grasa èd li, nou kapab andire e nou kapab rete fidèl.

Revizyon

  • Sa k fè kretyen yo konnen y ap jwenn pèsekisyon?

  • Ki sa w kapab fè depi kounye a pou w prepare w pou pèsekisyon?

  • Ki sa k ka ede w gen konfyans ou kapab sèvi Jewova menm lè w jwenn pèsekisyon?

Objektif

APRANN PLIS

Gade ki jan yon jèn frè ap esplike fason Jewova te ede l andire lè yo te mete l nan prizon paske l pa t vle mele nan bagay monn nan.

Kontinye andire malgre pèsekisyon (2:34)

Gade ki sa k te ede yon mari ak yon madanm sèvi Jewova fidèlman pandan yon pakèt ane menm lè yo te jwenn opozisyon.

Nou te sèvi Jewova pandan yon peryòd gwo chanjman (7:11)

Gade ki jan nou ka fè fas ak pèsekisyon avèk kouraj.

“Ann prepare n pou pèsekisyon depi kounye a” (Toudegad jiyè 2019)

Ki jan nou ta dwe konsidere opozisyon nou jwenn nan fanmi nou, e ki jan nou kapab fè fas ak difikilte nou jwenn yo?

“Laverite pa pot lapè, li pot divizyon” (Toudegad oktòb 2017)