Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 15

Kiyès Jezi ye?

Kiyès Jezi ye?

Jezi se youn nan moun moun plis konnen pami tout moun ki te pase sou tè a. Men, malgre anpil moun konn non l, se pa anpil moun ki byen konnen l e anpil moun bay ide pa yo sou kiyès Jezi te ye. Ki sa Bib la di sou li?

1. Kiyès Jezi ye?

Jezi se yon espri ki gen anpil pisans k ap viv nan syèl la. Se Jewova Dye ki te kreye l anvan tout lòt bagay, se pou sa Bib la di: “Se li ki fèt an premye nan tout kreyasyon an.” (Kolosyen 1:15). Bib la pale de Jezi tou kòm “sèl Pitit Gason” Bondye fè a, paske se Jezi sèlman Jewova te kreye dirèkteman (Jan 3:16). Jezi te travay ansanm ak Jewova, Papa l, li te ede l kreye tout lòt bagay ki egziste yo. (Li Pwovèb 8:30.) Jezi toujou pwòch anpil ak Jewova. Jezi se “Pawòl la”, sa vle di li se pòtpawòl Bondye, paske li fè lòt kreyati yo konnen mesaj Bondye yo ak sa Bondye vle yo fè. — Jan 1:14.

2. Poukisa Jezi te vin sou tè a?

Sa gen plis pase 2000 an, Jewova te fè yon mirak. Li te sèvi ak lespri sen l pou l mete lavi Jezi te gen nan syèl la nan vant yon fi vyèj ki te rele Mari. Konsa, Jezi te vin fèt sou tè a antanke moun. (Li Lik 1:34, 35.) Jezi te vin sou tè a pou l vin Mesi Bondye te pwomèt la, oubyen Kris, e pou l sove lèzòm a. Tout pwofesi anrapò ak Mesi a te reyalize sou Jezi, konsa moun te kapab wè li se “Kris la, Pitit Bondye vivan an”. — Matye 16:16.

3. Ki kote Jezi ye kounye a?

Apre lanmò Jezi, Bondye te resisite l antanke yon espri e Jezi te retounen nan syèl la. Detan Jezi nan syèl la, “Bondye leve l met nan yon pozisyon ki pi wo”. (Filipyen 2:9.) Kounye a, Jezi se yon zanj ki gen anpil anpil pouvwa, se sèl Jewova ki gen plis pouvwa pase l.

FOUYE PLIS

Aprann plis sou kiyès Jezi ye toutbonvre e poukisa li enpòtan pou n konnen l.

4. Jezi pa Bondye Toupisan an

Bib la montre menmsi Jezi se yon espri ki gen anpil pisans nan syèl la, li obeyi Jewova ki se Bondye l e ki se Papa l. Sa k fè nou ka di sa? Gade VIDEYO a pou w wè sa Bib la anseye sou pozisyon Jezi ak pozisyon Bondye Toupisan an.

Vèsè ki vin apre yo ap ede nou konprann relasyon ki genyen ant Jewova ak Jezi. Li chak vèsè, epi reponn kesyon ki vin apre vèsè yo.

Li Lik 1:30-32.

  • Ki jan zanj lan te montre Jezi ak Jewova, “Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”, pa menm moun?

Li Matye 3:16, 17.

  • Lè Jezi t ap batize, ki sa vwa ki te sot nan syèl la te di?

  • Dapre ou menm, vwa kiyès li te ye?

Li Jan 14:28.

  • Ant yon papa ak yon pitit, kiyès ki pi gran e ki gen plis otorite?

  • Jezi te rele Jewova Papa l, ki sa sa vle di?

Li Jan 12:49.

  • Èske Jezi panse li menm ak Papa l se menm moun nan? Ki sa w panse?

5. Kèk prèv ki montre Jezi se Mesi a

Gen anpil pwofesi nan Bib la ki te ede moun wè kiyès Mesi a ye, anpalan de moun Bondye te chwazi pou sove lèzòm nan. Gade VIDEYO a pou w ka jwenn yon ti entwodiksyon sou kèk nan pwofesi ki te reyalize sou Jezi pandan l te sou tè a.

Li pwofesi sa yo, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

Li Miche 5:2 pou w wè ki kote Mesi a t ap gen pou l fèt b.

  • Èske pwofesi sa a te reyalize lè Jezi te fèt? — Matye 2:1.

Li Sòm 34:20 ak Zakari 12:10 pou w wè sa Bib la te anonse konsènan lanmò Mesi a.

  • Èske pwofesi sa yo te reyalize? — Jan 19:33-37.

  • Èske w panse Jezi te ka fè yon bagay pou pwofesi sa yo reyalize sou li?

  • Ki sa sa montre nou konsènan Jezi?

6. Nou jwenn byenfè lè nou aprann konnen Jezi

Labib montre li enpòtan anpil pou nou aprann konnen Jezi ak wòl li jwe. Li Jan 14:6 ak 17:3, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa li enpòtan anpil pou nou aprann konnen Jezi?

Jezi te ouvri chemen pou moun kapab vin zanmi Bondye. Li te anseye laverite sou Jewova e se pa mwayen li menm nou kapab gen lavi ki pap janm fini an.

GEN MOUN KI DI: “Temwen Jewova yo pa kwè nan Jezi.”

  • Ki sa w t ap di?

SA W TE APRANN

Jezi se yon espri ki gen anpil pisans, li se Pitit Bondye a e li se Mesi a.

Revizyon

  • Poukisa Labib di se Jezi ki “fèt an premye nan tout kreyasyon an”?

  • Ki sa Jezi te konn fè anvan l te vin sou tè a?

  • Ki jan nou fè konnen se Jezi ki Mesi a?

Objektif

APRANN PLIS

Gade pou w wè nan ki sans Bib la fè konnen Bondye se Papa Jezi.

“Poukisa yo rele Jezi Pitit Bondye?” (Atik sou Entènèt)

Gade prèv ki montre Bib la pa anseye Trinite.

“Èske Jezi se Bondye?” (Toudegad 1ye avril 2009)

Gade ki jan lavi yon dam te chanje lè l te fin fè rechèch sou sa Bib la di sou Jezi.

“Yon dam juif esplike rezon ki fè l te egzamine kwayans li yo ankò” (Reveye n! me 2013)

a Leson 26 ak 27 pral pale sou rezon ki fè lèzòm bezwen jwenn delivrans e sou fason Jezi sove nou.

b Gade nòt 2 a pou w ka wè yon pwofesi ki te anonse egzakteman ki lè Mesi a t ap parèt sou tè a.