Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 54

Ki wòl “esklav fidèl ki prevwayan an” jwe?

Ki wòl “esklav fidèl ki prevwayan an” jwe?

Jezi se Chèf kongregasyon kretyen an (Efezyen 5:23). Jodi a, detan Jezi nan syèl la, li bay disip li yo direksyon pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Li Matye 24:45.) Jezi Kris nome esklav sa a e li ba l dwa pou l pran yon seri desizyon. Sepandan, esklav la dwe obeyi Jezi e li dwe ede frè Kris yo. Kiyès esklav sa a ye? Ki jan li pran swen nou?

1. Kiyès “esklav fidèl ki prevwayan an” ye?

Jewova te toujou sèvi avèk yon gason oswa yon ti gwoup gason pou bay pèp li a direksyon (Malachi 2:7; Ebre 1:1). Apre lanmò Jezi, se apot yo ak ansyen nan Jerizalèm yo ki te pran latèt pou bay kongregasyon an direksyon (Travay 15:2). Menm jan an tou, jodi a, gen yon ti gwoup ansyen, sètadi Kolèj santral Temwen Jewova yo, ki bay pèp Bondye a manje espirityèl e ki dirije travay predikasyon an. Ti gwoup ansyen sa a se “esklav fidèl ki prevwayan an [Jezi] met responsab” la (Matye 24:45a). Tout moun ki nan Kolèj santral la se kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la, k ap tann pou y al dirije ak Kris nan Wayòm li an ki nan syèl la apre yo fin mouri sou tè a.

2. Ki manje espirityèl esklav fidèl la bay?

Jezi te di esklav fidèl la t ap bay kretyen yo “manje nan bon moman”. (Matye 24:45b.) Menm jan manje nou manje ede nou pou nou gen fòs e pou nou rete an sante, se konsa tou manje espirityèl la, sètadi enstriksyon ki soti nan Pawòl Bondye a, ban nou fòs nou bezwen pou nou rete fidèl ak Jewova e pou nou kontinye fè travay Jezi te ban nou fè a (1 Timote 4:6). Nou resevwa manje espirityèl sa a nan reyinyon yo, nan asanble yo ak nan kongrè yo. Nou resevwa l tou nan piblikasyon nou yo ak nan videyo nou yo ki baze sou Bib la ki ede nou konprann volonte Bondye e ki ede nou vin pi pwòch ak Bondye.

FOUYE PLIS

Gade rezon ki fè nou bezwen “esklav fidèl ki prevwayan an”, sètadi Kolèj santral la.

Kolèj santral la bay Temwen Jewova yo sou tout tè a manje espirityèl e li ba yo direksyon ak bonjan èd.

3. Pèp Jewova a dwe òganize

Kolèj santral la ap dirije travay Temwen Jewova yo grasa direksyon Jezi. Se konsa sa te ye tou pou premye kretyen yo. Gade VIDEYO a.

Li 1 Korentyen 14:33, 40, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan vèsè sa a montre Jewova vle pou Temwen l yo se yon pèp ki byen òganize?

4. Esklav fidèl la òganize travay predikasyon an

Travay predikasyon an se te travay ki pi enpòtan premye kretyen yo te konn fè. Li Travay 8:14, 25, epi reponn kesyon sa yo:

  • Kiyès ki te òganize travay predikasyon premye kretyen yo te konn fè a?

  • Ki jan Pyè ak Jan te reyaji lè yo te resevwa enstriksyon nan men lòt apot yo?

Travay predikasyon an se travay ki pi enpòtan Kolèj santral la ap òganize. Gade VIDEYO a.

Jezi te montre jan travay predikasyon an enpòtan anpil. Li Mak 13:10, epi reponn kesyon sa yo:

  • Poukisa travay predikasyon an enpòtan konsa pou Kolèj santral la?

  • Poukisa nou bezwen “esklav fidèl ki prevwayan an” òganize travay sa a k ap fèt sou tout tè a?

5. Esklav fidèl la bay enstriksyon

Kolèj santral la bay kretyen ki sou tout tè a enstriksyon. Ki jan l fè konnen ki enstriksyon pou l bay? Ann pran egzanp kolèj santral premye kretyen yo. Li Travay 15:1, 2, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki kesyon ki te bay pwoblèm pami kèk nan premye kretyen yo?

  • Nan men kiyès Pòl, Banabas ak lòt moun t al chèche èd pou yo te kapab rezoud pwoblèm sa a?

Li Travay 15:12-18, 23-29, epi reponn kesyon sa a:

  • Sou ki sa kolèj santral nan premye syèk la te reflechi lè yo t ap chèche èd Bondye sou kesyon an anvan yo te pran yon desizyon?— Gade vèsè 12, 15, ak 28.

Li Travay 15:30, 31 ak 16:4, 5, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki reyaksyon premye kretyen yo te genyen lè yo te resevwa enstriksyon kolèj santral la te bay?

  • Ki jan Jewova te beni yo paske yo te obeyi?

Li 2 Timote 3:16 ak Jak 1:5, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki kote Kolèj santral nan epòk nou an chèche direksyon lè y ap pran desizyon?

GEN MOUN KI DI: “Si w ap koute Kolèj santral la, se moun w ap suiv.”

  • Ki sa k pwouve w se Jezi k ap dirije Kolèj santral la?

SA W TE APRANN

Kolèj santral la se “esklav fidèl ki prevwayan an”, e se Kris ki nome l. Li bay kretyen ki sou tout tè a enstriksyon ak manje nan domèn espirityèl.

Revizyon

  • Kiyès ki nome “esklav fidèl ki prevwayan an”?

  • Ki jan Kolèj santral la pran swen nou?

  • Èske w kwè Kolèj santral la se “esklav fidèl ki prevwayan an”?

Objektif

APRANN PLIS

Gade ki jan Kolèj santral la òganize pou l fè travay li.

“Ki sa Kolèj santral Temwen Jewova yo ye?” (Atik sou Entènèt)

Aprann ki jan Kolèj santral la asire l nou resevwa bonjan manje espirityèl.

Enfòmasyon nan piblikasyon nou yo egzak (17:18)

Ki jan manm Kolèj santral la santi yo parapò ak travay Jezi ba yo fè a.

Yon gwo privilèj (7:04)

Ki jan reyinyon nou yo ak kongrè yo montre Jewova ap dirije Kolèj santral la?

Jewova ap anseye pèp li a (9:39)