Al gade sa k anndan l

Sa sa vle di padone?

Sa sa vle di padone?

Repons Bib la bay

 Lè w padone yon moun ou pase sou yon erè li te fè. Nan Bib la, mo grèk lè yo tradui l yo mete “padone” pou li a vle di literalman “kite sa”, menm jan lè yon moun pa mande pou yo peye l yon dèt. Jezi te sèvi ak egzanp sa a lè l t ap montre disip li yo kòman pou yo priye, men sa l te di: “Padone peche nou, paske nou menm tou nou padone moun ki dwe nou.” (Lik 11:4, nòt). Menm jan an tou, nan parabòl Jezi te bay konsènan esklav ki pa t vle padone a, li te konpare padone ak anile yon dèt. — Matye 18:23-35.

 Lè nou padone yon moun nou pa kenbe l sou kè, e nou pap chèche fè l peye pou sa l te fè n ki te blese n oswa ki te fè n soufri. Bib la anseye nou lanmou ki pa egoyis la se baz vrè padon an, paske lanmou “pa note bagay mal yo fè l”. — 1 Korentyen 13:4, 5.

Sa padone pa vle di

  •   Tolere bagay ki mal. Bib la kondane moun ki fè konprann sa k pa bon an bon. Li kondane tou moun ki fè konprann pa gen anyen mal nan yon move aksyon yon moun fè. — Ezayi 5:20.

  •   Fè kòmsi bagay mal la pa t janm rive. Jewova te padone wa David lè l te fè peche ki grav, men li pa t pwoteje David kont konsekans peche l yo. Bondye te menm fè ekri peche David yo nan Bib la, e nou konnen yo jodi a. — 2 Samyèl 12:9-13.

  •   Kite moun fè w sa yo vle. Ann sipoze ou prete yon moun lajan, li gaspiye l epi li pa kapab remèt ou lajan an jan l te pwomèt ou sa. Li vrèman regrèt e l mande w padon. Ou gendwa chwazi padone l san w pa kenbe l sou kè e w gendwa pa toujou ap mande l lajan an. Ou gendwa menm deside anile dèt la nèt. Men, ou gendwa chwazi pou w pa prete l lajan ankò. — Sòm 37:21; Pwovèb 14:15; 22:3; Galat 6:7.

  •   Padone san okenn rezon valab. Bondye pa padone moun ki fè espre ap pratike peche grav, moun ki refize admèt erè yo e ki refize chanje fason yo aji e ki pa vle mande padon lè yo blese santiman lòt moun (Pwovèb 28:13; Travay 26:20; Ebre 10:26). Moun sa yo ki pa vle repanti vin tounen ènmi Bondye, e li pa oblije nou padone moun li menm li pa padone. — Sòm 139:21, 22.

     E si se ou menm yon moun fè yon bagay ki mal e moun sa a refize mande w padon oubyen admèt sa l fè a? Bib la konseye nou: “Pinga w fè kòlè, pinga w move.” (Sòm 37:8). Se vre nou pap fè kòmsi pa t gen anyen, men nou pap kite kòlè fini avè n. Ou kapab fè Jewova konfyans, kite bagay la nan men l (Ebre 10:30, 31). Nou kontan konnen gen yon lè k ap vini kote Bondye pral fè moun pa soufri ankò akoz yon bagay mal yo te fè. — Ezayi 65:17; Revelasyon 21:4.

  •   Swadizan padone pou nenpòt ti bagay. Gendelè, olye pou nou padone yon moun ki swadizan fè nou yon bagay ki mal, nou gendwa bezwen admèt nou pa t janm gen rezon pou nou fache. Bib la di: “Pa kouri fache, paske se mak fabrik moun sòt.” — Eklezyas 7:9, nòt.

Fason pou nou padone

  1.   Sonje ki sa padone gen ladan l. Ou pa sitire mal la oubyen ou pa fè komsi l pa t janm rive, ou annik kite sa.

  2.   Rekonèt avantaj ki genyen lè w padone. Lè w pa kenbe moun sou kè, sa kapab ede w rete kalm, amelyore sante w, e sa ka fè w gen plis kè kontan (Pwovèb 14:30; Matye 5:9). Sa k pi enpòtan an, se sèlman si nou padone lòt moun Bondye ap padone nou pou peche nou fè. — Matye 6:14, 15.

  3.   Mete w nan plas lòt moun. Nou tout konn fè erè (Jak 3:2). Menm jan nou renmen lè lòt moun padone nou, nou menm tou nou ta dwe padone lòt moun. — Matye 7:12.

  4.   Se pou nou rezonab. Si sa yo fè nou an pa yon gwo bagay, nou kapab suiv konsèy Bib la bay ki di: “Se pou youn kontinye sipòte lòt.” — Kolosyen 3:13.

  5.   Aji vit. Padone byen vit olye pou w kite kòlè a grandi. — Efezyen 4:26, 27.