Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou kesyon de moun k ap viv ansanm san yo pa marye?

Ki sa Bib la di sou kesyon de moun k ap viv ansanm san yo pa marye?

Repons Bib la bay

 Bib la fè konnen volonte Bondye se pou lèzòm “evite imoralite seksyèl”. (1 Tesalonisyen 4:3.) Mo yo itilize nan Bib la pou pale de “imoralite seksyèl” gen ladan l adiltè, relasyon seksyèl ant de moun ki gen menm sèks ak relasyon seksyèl ant yon gason ak yon fi ki pa marye youn ak lòt.

 Èske sa enpòtan pou Bondye pou de moun marye anvan yo viv ansanm?

  •   Se Bondye ki kreye maryaj. Li te kreye l lè l te mennen premye fi a bay premye gason an (Jenèz 2:22-24). Li pa t gen nan objektif li pou yon gason ak yon fi viv ansanm san yo pa gen angajman youn ak lòt, sa vle di san yo pa marye.

  •   Bondye konnen sa k pi bon pou lèzòm. Li te kreye maryaj la kòm yon relasyon ant yon gason ak yon fi ki t ap gen pou dire toutan e ki t ap nan avantaj tout fanmi an e ki t ap pèmèt yo jwenn pwoteksyon. Ann pran yon egzanp tou senp. Menm jan lè w achte yon mèb nan bwat, li vin ak enstriksyon sou fason pou w monte l, se konsa tou Bondye ban nou enstriksyon pou ede n bati yon relasyon solid nan fanmi nou. Moun ki suiv prensip Bondye yo ap toujou jwenn byenfè. — Ezayi 48:17, 18.

    Enstriksyon yo bay pou yon mèb nan bwat ede w konn ki jan pou w monte l. Bondye ban nou enstriksyon pou ede n bati yon relasyon solid nan fanmi nou.

  •   Lè de moun gen relasyon seksyèl san yo pa marye, sa ka gen konsekans ki grav. Pa egzanp, yon fi kapab ansent alòske li pa t vle sa, moun yo ka pran maladi moun trape nan relasyon seksyèl e l ka gen move efè sou santiman yo.

  •    Bondye bay lèzòm posiblite pou yo fè pitit pa mwayen relasyon seksyèl. Bondye konsidere lavi kòm sakre, e kapasite nou genyen pou n fè pitit la se yon kado ki gen anpil valè Bondye ban nou. Bondye vle pou n demontre respè pou kado sa a lè nou bay maryaj, yon dispozisyon li kreye, valè. — Ebre 13:4.

 E si de moun viv ansanm anvan yo marye pou yo ka wè si y ap ka antann yo?

 Pou yon maryaj reyisi, li pa nesesè pou de moun viv ansanm anvan san yo pa marye. Okontrè, yon maryaj ap mache byen lè toude moun yo pran angajman youn ak lòt e lè yo travay ansanm pou yo rezoud pwoblèm yo rankontre yo. a Maryaj fè angajman de moun yo pran an vin pi solid. — Matye 19:6.

 Ki jan de moun marye kapab fè relasyon yo vin solid?

 Pa gen maryaj ki pafè. Men, moun ki marye yo kapab gen yon relasyon ki solid si yo suiv konsèy Bib la bay. Men kèk konsèy: