Sòm 109​:​1-31

  • Priyè yon moun ki nan malè

    • ‘Se pou yon lòt moun pran plas li’ (8)

    • Bondye kanpe bò kot moun ki pòv yo (31)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri. Yon melodi. 109  O Bondye, ou menm m ap louwe a+, pa ret an silans.   Paske, mechan an ak moun k ap bay manti a ap pale m mal.Yo sèvi ak lang yo pou yo bay manti sou mwen+.   Yo antoure m, y ap di pawòl ki montre yo rayi m,Yo atake m san rezon+.   Mwen renmen yo, alòske yo menm yo kont mwen+.Men, mwen kontinye priye.   Mwen fè byen pou yo, men yo menm se mal yo fè m+.Mwen renmen yo, men yo menm se rayi yo rayi m+.   Mete yon mechan domine sou li,Fè yon opozan* kanpe sou bò dwat li.   Lè y ap jije l, se pou yo kondane l*. Se pou yo konsidere menm priyè l kòm yon peche+.   Se pou lavi l kout+.Se pou yon lòt moun pran travay li te genyen kòm siveyan an+.   Se pou pitit* li yo vin san papaE se pou madanm li vin vèv. 10  Se pou pitit* li yo mache mande charite.Se pou yo kite vye mazi kote yo rete yo pou y al chèche manje. 11  Se pou moun ki prete l lajan an sezi* tout sa l genyen.Se pou etranje pran tout sa l posede. 12  Pèsonn pa dwe fè anyen ki bon* pou liE pèsonn pa dwe gen pitye pou pitit li mouri kite yo. 13  Se pou yo detwi desandan l yo*+.Se pou yo efase non yo depi nan jenerasyon yo a. 14  Se pou Jewova sonje erè zansèt li yo te fè+E se pou peche manman l te fè pa efase. 15  Se pou Jewova toujou sonje sa yo te fè yoE se pou l fè yo bliye yo sou tè a+. 16  Paske, li pa t janm sonje pou l aji byen ak lòt moun*+,Men li te kontinye ap pousuiv moun y ap toupizi yo+, malere yo ak moun ki nan lapenn yoPou l touye yo+. 17  Li te renmen bay madichon, e se sa k fè madichon te tonbe sou li.Li pa t renmen bay benediksyon, se pou sa li pa t resevwa okenn benediksyon. 18  Yo te kouvri l ak madichon tankou si se yon rad yo te met sou li.Yo te vide madichon sou li tankou si se te dlo.Madichon yo te rantre nan zo l tankou luil. 19  Se pou madichon vlope l tankou yon rad li met sou li+,E tankou yon senti ki toujou nan ren l. 20  Se konsa Jewova pini moun ki opoze avè m nan+,Se konsa l pini moun k ap pale m* mal yo. 21  Men ou menm, o Jewova, Seyè ki Souvren an,Se pou w aji pou mwen akoz non w+.Sove m, paske lanmou fidèl ou genyen an bon+. 22  Paske, mwen san defans, mwen pòv+E kè m ap fann+. 23  M ap pase tankou yon lonbray ki disparèt tikras pa tikras.Yo pouse m ale tankou yon krikèt. 24  Jenou m vin fèb paske mwen pa manje.Mwen mèg e m ap depafini*. 25  Yo pase m nan rizib+.Lè yo wè m, yo souke tèt yo+. 26  Ede m, o Jewova, Bondye m nan.Sove m akoz lanmou fidèl ou genyen an. 27  Se pou yo konnen se ou menm ki sove m ak men w.Se pou yo konnen se ou menm, o Jewova, ki fè sa. 28  Yo mèt lage madichon sou mwen, men ou menm se pou w beni m.Lè yo leve kont mwen, se pou lawont tonbe sou yo.Men, se pou w fè sèvitè w la rejwi. 29  Se pou imilyasyon kouvri moun ki opoze avè m yo,Se pou lawont kouvri yo tankou yon rad*+. 30  M ap sèvi ak bouch mwen pou m fè louwanj pou Jewova ak tout fòs mwen.M ap fè louwanj pou li devan anpil moun+. 31  Paske, l ap kanpe sou bò dwat moun ki pòv yoPou l ka sove yo anba moun ki kondane yo*.

Nòt anba paj

Oswa: “yon moun k ap akize l”.
Oswa: “se pou yo deklare l mechan”.
Lit.: “pitit gason”.
Lit.: “pitit gason”.
Oswa: “Se pou moun ki eskonte l lajan yo tann pyèj pou”.
Oswa: “pa dwe demontre yon lanmou ki fidèl”.
Oswa: “pitit li yo”.
Oswa: “sonje demontre lanmou fidèl”.
Oswa: “pale nanm mwen”.
Lit.: “Chè m vin mèg, san grès (luil)”.
Oswa: “rad san manch”.
Oswa: “ki kondane nanm yo”.