Sòm 4​:​1-8

  • Yon priyè ki montre konfyans yon moun gen nan Bondye

    • “Menmsi nou fache, pinga nou peche” (4)

    • “M ap dòmi ak kè poze” (8)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se pou yo akonpaye chante sa a ak enstriman akòd. Yon chante David te ekri. 4  O Bondye m nan, ou menm ki jis+, reponn mwen lè m rele w.Ouvri yon chemen* pou mwen pou m chape lè m nan pwoblèm.Fè m favè, koute priyè m.   Nou menm pitit lèzòm, ki lè n ap sispann dezonore m?Ki lè n ap sispann renmen sa k pa vo anyen e n ap sispann chèche sa k pa verite? (Sela)   Se pou nou konnen Jewova ap trete moun ki fidèl avè l la yon fason espesyal*.Jewova ap tande m lè m rele l.   Menmsi nou fache, pinga nou peche+.Pale nan kè nou sou kabann nou epi fè silans. (Sela)   Ofri sakrifis n ap ofri yo nan ladwati,E mete konfyans nou nan Jewova+.   Gen anpil moun k ap di: “Kiyès k ap fè nou wè sa ki bon?”Fè nou favè, o Jewova+.   Ou fè m gen plis kè kontanPase moun ki rekòlte anpil danre e ki gen anpil diven.   M ap kouche e m ap dòmi ak kè poze+,Paske, se ou menm sèl Jewova ki fè m santi m an sekirite+.

Nòt anba paj

Lit.: “Fè yon gwo espas”.
Oswa: “ap rekonèt moun ki fidèl avè l la; ap met moun ki fidèl avè l la apa”.