Sòm 20​:​1-9

  • Bondye ap delivre wa li chwazi a

    • Gen moun ki met konfyans yo nan charyo ak cheval, ‘men nou menm, nou fè louwanj pou non Jewova’ (7)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri. 20  Se pou Jewova reponn priyè w fè l lè w nan pwoblèm.Se pou non Bondye Jakòb la pwoteje w+.   Se pou l voye ede w detan l kote ki sakre a+E se pou l soutni w detan l Siyon+.   Se pou l sonje tout ofrann ou yo.Se pou l aksepte sakrifis ou boule nèt pou li yo. (Sela)   Se pou l ba w tout sa w swete nan kè w+E se pou l pèmèt tout sa w planifye* reyisi.   N ap rele ak kè kontan poutèt ou sove nou+.N ap bay non Bondye nou an glwa+.Se pou Jewova ba w tout sa w mande l.   Kounye a, mwen konnen Jewova delivre moun li chwazi a+.Li reponn priyè l la detan l nan syèl la,Li bay gwo delivrans* avèk men dwat li+.   Gen moun ki met konfyans yo nan charyo, gen lòt ki met konfyans yo nan cheval+,Men nou menm, se pou non Jewova, Bondye nou an, n ap fè louwanj+.   Yo bite e yo tonbe,Men nou menm, nou leve e nou kanpe dwat+.   O Jewova, sove wa a+!L ap reponn nou lè nou mande l pou l ede nou+.

Nòt anba paj

Oswa: “tout konsèy ou yo”.
Oswa: “viktwa”.