Sòm 28​:​1-9

  • Bondye tande priyè salmis la

    • ‘Jewova se fòs mwen ak boukliye m’ (7)

Yon chante David te ekri. 28  O Jewova, Mas Wòch mwen, se ou mwen kontinye ap rele+.Pa fè kòmsi w pa tande.Si w pa reponn mwen,M ap vin menm jan ak moun k ap desann nan twou* yo+.   Koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou,Lè m leve men m anlè nan direksyon pyès ki pi anndan nan kote ki sakre a+.   Pa mennen m ale ansanm ak mechan yo ak moun k ap pratike sa ki mal yo+,Moun k ap di konpayon yo bèl pawòl, alòske yo gen move entansyon nan kè yo+.   Fè yo peye pou aksyon yo fè yo+,Pou tout sa yo fè ki mal yo.Fè yo peye pou sa yo fè ak men yo,Wi, pou tout sa yo fè yo+.   Yo pa okipe sa Jewova fè yo+,Yo pa okipe travay li fè ak men l yo+.Li gen pou l kraze yo, li pap beni yo.   Louwanj pou JewovaPaske li te koute m lè m te sipliye l pou m mande l sekou.   Jewova se fòs mwen+, li se boukliye m+.Mwen fè l konfyans ak tout kè m+.Li ede m e sa fè kè m kontan anpil.M ap chante pou m fè louwanj pou li.   Jewova se yon fòs pou pèp li a,E li tankou yon fòtrès kote moun li chwazi a ka ale pou l jwenn delivrans+.   Se pou w sove pèp ou a, se pou w beni eritaj ou a+.Montre w se bèje yo epi pote yo sou bra w pou toutan+.

Nòt anba paj

Oswa: “tonm”.