Sòm 50​:​1-23

  • Bondye ap jije ant moun ki fidèl la ak moun ki mechan yo

    • Alyans ak Bondye sou baz yon sakrifis (5)

    • “Se Bondye ki Jij” (6)

    • Tout bèt yo se pou Bondye (10, 11)

    • Bondye denonse moun ki mechan yo (16-21)

Yon chante Asaf+ te ekri. 50  Jewova, Dye ki anlè tout lòt dye yo+, pale,Li konvoke latè,Depi kote solèy la leve a rive kote l kouche a*.   Detan Bondye Siyon, ki bèl anpil+, li klere tankou solèy.   Bondye nou an ap vini e li pa ka ret an silans+.Devan l gen yon dife k ap boule+,Gen yon gwo tanpèt toutotou l+.   Li konvoke syèl la anlè a ak tè a+,Pou l jije pèp li a+. Li di:   “Nou menm ki fidèl avè m, vin jwenn mwen,Nou menm ki fè yon alyans avè m sou baz yon sakrifis+.”   Syèl la ap fè konnen jan Bondye jis,Paske se Bondye ki Jij+. (Sela)   “O Izrayèl, pèp mwen an, koute m, m ap pale avèk nou,M ap temwaye kont nou+.Mwen se Bondye, Bondye nou an+.   Se pa poutèt sakrifis nou yo m ap blame nou,Ni poutèt ofrann nou boule nèt ki devan m toutan yo+.   Mwen pa bezwen pran yon towo bèf lakay nou,Ni kabrit* nan pak nou yo+. 10  Paske, tout bèt nan bwa se pou mwen+,E menm bèt ki sou tout mòn yo se pou mwen. 11  Mwen konn tout zwazo ki gen nan mòn yo+.Pakèt zannimo ki nan savann yo se pou mwen. 12  Si mwen ta grangou, mwen pa t ap di nou sa.Paske, tè a ak tout sa k sou li se pou mwen yo ye+. 13  Èske m ap manje vyann towo bèf?Èske m ap bwè san kabrit+? 14  Ofri Bondye remèsiman kòm sakrifis+,Respekte pwomès nou fè Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+. 15  Se pou nou rele m lè nou nan pwoblèm+.M ap sove nou e nou menm n ap ban m glwa+.” 16  Men, men sa Bondye ap di mechan an:“Ki dwa w pou w fè moun konnen lwa m yo+,Oswa pou w pale moun de alyans mwen an+? 17  Paske, ou rayi disiplin*E w kontinye vire do bay pawòl mwen yo*+. 18  Lè w wè yon vòlè, ou montre l ou dakò ak sa l ap fè yo*+.Se moun k ap fè adiltè ki zanmi w. 19  Ou sèvi ak bouch ou pou w di sa k mal,Ou sèvi ak lang ou pou w bay manti+. 20  Ou chita ak lòt moun pou w pale pwòp frè w mal+,Ou fè moun konnen defo* pitit gason manman w genyen. 21  Lè w te fè bagay sa yo, mwen te rete san m pa di anyen.Se sa k fè w te panse mwen t ap fè menm jan avè w.Men, kounye a, m ap blame w,M ap fè konnen ki pwoblèm mwen gen avè w+. 22  Tanpri, sonje sa, ou menm ki bliye Bondye+,Pou m pa fè w fè miyèt moso san w pa gen pèsonn pou sove w. 23  Moun ki ban m remèsiman kòm sakrifis ban m glwa+,E kanta pou moun ki kontinye mache nan bon chemen an,M ap delivre l+.”

Nòt anba paj

Oswa: “Soti nan lès rive nan lwès”.
Lit.: “bouk kabrit”.
Lit.: “kontinye voye pawòl mwen yo pa dèyè w”.
Oswa: “enstriksyon”.
Se kapab tou: “ou mete ansanm avè l”.
Oswa: “Ou di move pawòl sou”.