Sòm 63​:​1-11

  • N ap tann Bondye

    • “Lanmou fidèl ou genyen an pi bon pase lavi” (3)

    • “Mwen satisfè paske m gen pòsyon ki pi bon an” (5)

    • Medite sou Bondye tout lannuit (6)

    • ‘M ap ret kole ak Bondye’ (8)

Yon chante David te ekri. Li gen rapò ak lè li te nan dezè Jida a+. 63  O Bondye, se ou ki Bondye mwen, se ou mwen kontinye ap chèche+.Vrèmanvre, mwen* swaf ou+.Mwen* fin depafini tèlman m ap tann ou,Mwen nan yon tè sèch kote pa gen dlo+.   Se sa k fè mwen gade w nan kote ki sakre a.Mwen wè fòs ou ak glwa w+.   Lanmou fidèl ou genyen an pi bon pase lavi+,Se pou sa m ap ba w glwa ak bouch mwen+.   M ap fè louwanj pou ou pandan tout vi m,M ap leve men m anlè pou m rele w nan lapriyè.   Mwen* satisfè paske m gen pòsyon ki pi bon an, pòsyon ki pi bèl la*,Se sa k fè m ap kontan fè louwanj pou ou ak bouch mwen+.   Mwen sonje w pandan m sou kabann mwen,Tout lannuit se sou ou m ap medite+.   Paske se ou k ap ede m+,M ap rele byen fò ak kè kontan pandan m anba zèl ou+.   Mwen* ret kole avè w,Ou kenbe m fèm ak men dwat ou+.   Men, moun k ap chèche detwi lavi m* yoAp gen pou yo desann anba tè. 10  Yo gen pou yo mouri anba kout epe.Y ap tounen manje pou chen sovaj*. 11  Men, wa a ap rejwi pou sa Bondye pral fè pou li.Tout moun ki fè sèman nan non l gen pou yo kontan anpil*,Paske, l ap fèmen bouch moun k ap bay manti yo.

Nòt anba paj

Oswa: “Nanm mwen”.
Lit.: “Chè m”.
Lit.: “kòmsi se te ak grès”.
Oswa: “Nanm mwen”.
Oswa: “Nanm mwen”.
Oswa: “chèche detwi nanm mwen; chèche touye m”.
Oswa: “pou rena”.
Oswa: “gen pou yo fè lwanj li”.