Sòm 32​:​1-11

  • Byennere moun Bondye padone sa li fè ki mal

    • “Mwen te fè w konnen peche m te fè a” (5)

    • Bondye fè nou gen bon konprann (8)

Yon chante David te ekri. Maskil*. 32  Byennere moun Bondye padone sa li fè ki mal, moun Bondye kouvri* peche l+.   Byennere moun Jewova pa konsidere kòm moun ki koupab+,Ki pa gen twonpri nan kè l.   Lè m te kache peche m nan, m te santi m t ap deperi. Mwen te konn ap plenn tout lajounen+.   Paske, lajounen kou lannuit, se kòmsi w t ap peze m ak men w+.Mwen te pèdi fòs*, mwen te tankou dlo k ap seche nan sezon chalè. (Sela)   Finalman, mwen te fè w konnen peche m te fè a,Mwen pa t kache erè m nan+.Mwen te di: “M ap konfese peche m yo bay Jewova+.”E ou menm, ou te padone peche m yo+. (Sela)   Se sa k fè moun ki fidèl la ap priye w+Pandan l ka jwenn ou toujou+.Lè sa a, menm dlo inondasyon pap ka rive kote l ye.   Ou se yon kachèt pou mwen,W ap pwoteje m lè bagay yo difisil pou mwen+.W ap antoure m ak rèl lakontantman akoz delivrans ou bay+. (Sela)   Ou di m: “M ap fè w gen bon konprann e m ap fè w konnen ki chemen pou w pran+.M ap ba w konsèy toutpandan m ap fikse je m sou ou+.   Pa vin tankou yon cheval oswa yon milèt ki san konprann+,Ki bezwen pou yo mete brid pou li oswa pou yo met baboukèt nan bouch liPou l ka obeyi.” 10  Anpil kalamite tonbe sou mechan yo,Men, yon moun ki mete konfyans li nan Jewova ap benefisye lanmou fidèl Li genyen an+. 11  Nou menm moun ki jis yo, se pou nou rejwi pou sa Jewova fè pou nou e se pou nou gen kè kontan.Nou menm moun ki dwat yo, se pou nou rele byen fò ak kè kontan.

Nòt anba paj

Oswa: “padone”.
Oswa: “Tout ti dlo nan kò m fin ale”.