Sòm 35​:​1-28

  • Priyè pou jwenn delivrans anba ènmi yo

    • Bondye ap fè ènmi yo ale (5)

    • Louwe Bondye nan mitan gwo foul moun yo (18)

    • Yo rayi l san rezon (19)

Yon chante David te ekri. 35  O Jewova, defann kòz mwen, defann mwen kont opozan m yo+.Goumen ak moun k ap goumen avè m yo+.   Pran ti boukliye a* ak gwo boukliye a+,Epi kanpe pou w defann mwen+.   Rale lans ou ak rach pou w goumen an* sou moun k ap kouri dèyè m yo+.Se pou w di m*: “Se mwen k ap sove w+.”   Se pou lawont tonbe sou moun ki dèyè m* yo e se pou w avili yo+.Se pou moun k ap fè konplo pou yo touye m yo fè bak e se pou yo jwenn dezonè.   Se pou yo vin tankou pay van bwote ale,Se pou zanj Jewova a kouri dèyè yo+.   Se pou fènwa kouvri wout yo sou li a e se pou wout sa a vin glise anba pye yoPandan zanj Jewova a ap pousuiv yo.   Paske, yo tann yon filè pou mwen san rezon pou yo pran m nan pyèj.Yo fouye yon twou pou mwen* san rezon pou yo fè m tonbe ladan l.   Se pou malè tonbe sou yo bridsoukou,Se pou yo tonbe nan filè yo tann pou mwen an,Se pou yo tonbe ladan l e se pou yo jwenn destriksyon yo+.   Men mwen menm, m* ap rejwi pou sa Jewova fè pou mwen,M ap kontan poutèt li sove m. 10  Ak tout kè m, m ap di:“O Jewova, kiyès ki tankou w?Ou delivre moun ki pa gen moun ki pou ede yo anba men moun ki gen plis fòs pase yo+,Ou delivre moun ki pa gen moun ki pou ede yo ak pòv yo anba men moun k ap vòlè afè yo+.” 11  Gen yon bann temwen malveyan ki vini+E k ap poze m kesyon sou bagay mwen pa konn anyen sou yo. 12  Lè m fè byen pou yo, yo menm yo fè m sa ki mal+E yo lage m* nan lapenn. 13  Men, lè yo te malad, mwen te abiye ak twal sak.Mwen* te ret san manje.Lè priyè m yo te rete san repons*, 14  Mwen te mache tout kote nan lapenn, tankou si se te pou yon zanmi m oswa pou yon frè m,Mwen te bese byen ba byen tris tankou yon moun ki nan lapenn akoz manman l ki mouri. 15  Men, lè m te bite, yo te kontan e yo te rasanble ansanm.Yo te met tèt yo ansanm pou yo kache tann mwen pou yo frape m.Yo pa t sispann joure m. 16  Moun ki pa gen respè pou Bondye yo ap fawouche m*E y ap manje dan+. 17  O Jewova, jis ki lè w ap kontinye gade san w pa fè anyen+?Delivre m* anba atak y ap fè sou mwen yo+,Sove lavi m ki gen anpil valè* anba men jenn lyon* sa yo+. 18  Lè sa a, m a remèsye w nan gwo kongregasyon an+,M a louwe w nan mitan gwo foul moun yo. 19  Pa kite moun ki ènmi m san rezon yo pran plezi sou mwen,Pa kite moun ki rayi m san rezon yo fè siy sou mwen+ pou yo pase m nan rizib+. 20  Paske, pawòl yo se pa pawòl lapè.Yo monte tout vye plan kont moun k ap viv anpè nan peyi a+. 21  Yo ouvri bouch yo byen laj pou yo akize m,Yo di: “Enhen! Nou wè sa n t ap tann nan ak je nou.” 22  Ou wè sa k rive a, o Jewova. Pa ret an silans+.O Jewova, pa rete lwen m+. 23  Leve kanpe pou w defann mwen,O Jewova, Bondye m nan, defann kòz mwen. 24  Fè m jwenn jistis+, o Jewova, Bondye m nan, paske ou gen jistis lakay ou.Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen. 25  Pa kite yo di tèt yo: “Enhen, nou jwenn sa n te vle a*!”Pa kite yo janm di: “Nou fini ak misye+.” 26  Se pou yo tout wont, se pou yo tonbe nan dezonè,Tout moun ki kontan akoz malè ki frape m nan.Se pou tout moun k ap rejwi sou tèt mwen yo vin wont, se pou yo santi yo imilye. 27  Men, se pou moun ki kontan wè jan m ap mache dwat yo rele byen fò ak kè kontan,Se pou yo di san rete:“Glwa pou Jewova, li menm ki kontan lè sèvitè l anpè+.” 28  Lè sa a, lang mwen ap fè konnen* jistis ou+,E l ap louwe w tout lajounen+.

Nòt anba paj

Jeneralman, se moun k ap tire flèch yo ki te konn pote yo.
Oswa: “rach ki gen de bò a”.
Oswa: “di nanm mwen”.
Oswa: “dèyè nanm mwen”.
Oswa: “pou nanm mwen”.
Oswa: “Men, nanm mwen”.
Oswa: “lage nanm mwen”.
Oswa: “Nanm mwen”.
Oswa: “te tounen sou lestomak mwen”.
Se kapab tou: “ap bay fawouch pou gato”.
Oswa: “Delivre nanm mwen”.
Lit.: “Sèl sa m genyen an”, anpalan de nanm li oswa lavi l.
Oswa: “jenn lyon ki gen krinyè”.
Oswa: “Enhen, se sa nanm nou te vle”.
Oswa: “ap medite sou”.