Sòm 70​:​1-5

  • Mande Bondye pou l bay èd li byen vit

    • “Fè vit vin ede m” (5)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri kòm rapèl. 70  O Bondye, sove m.O Jewova, fè vit vin ede m+.   Se pou moun k ap chèche touye m* yoWont e se pou yo tonbe nan dezonè.Se pou moun ki kontan akoz malè ki rive m nanFè bak poutèt imilyasyon yo jwenn nan.   Se pou moun k ap pase m nan rizib yoFè bak tèlman yo wont.   Se pou moun k ap chèche w yoKontan anpil e se pou yo rejwi pou sa w fè pou yo+.Se pou moun ki renmen sa w fè pou w delivre yo toujou di:“Glwa pou Bondye!”   Mwen pa gen moun pou ede m e mwen pòv+.O Bondye, fè vit vin ede m+.Se ou menm k ap ede m, se ou menm k ap sove m+.O Jewova, pa mize+.

Nòt anba paj

Oswa: “chèche nanm mwen”.