Sòm 113​:​1-9

  • Bondye ki anlè a leve malere a nan pousyè a

    • Y ap fè louwanj pou non Jewova pou toutan (2)

    • Bondye bese (6)

113  Louwe Ja*!Nou menm k ap sèvi Jewova, fè louwanj pou li,Fè louwanj pou non Jewova.   Se pou nou fè louwanj pou non JewovaDepi kounye a e pou toutan+.   Depi kote solèy la leve a rive kote l kouche a,Se pou yo fè louwanj pou non Jewova+.   Jewova byen wo sou tèt tout nasyon yo+,Li gen plis glwa pase syèl la+.   Kiyès ki tankou Jewova, Bondye nou an+,Li menm ki rete* anwo a?   Li bese pou l gade syèl la ak tè a+,   Li leve malere a nan pousyè a.Li leve pòv la nan pil sann nan*+   Pou l ka fè l chita pami gwo potanta yo,Pami gwo potanta ki nan pèp li a.   Li fè fi ki pa ka fè pitit la vin yon manman ki gen plizyè pitit*E ki gen kè kontan anndan lakay li+.Louwe Ja*!

Nòt anba paj

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.
Oswa: “ki chita sou twòn li”.
Se kapab tou: “leve pòv la kote yo jete fatra a”.
Lit.: “pitit gason”.
Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.