Sòm 52​:​1-9

  • Gen konfyans nan lanmou fidèl Bondye

    • Avètisman pou moun k ap vante tèt yo pou move bagay yo fè (1-5)

    • Moun ki pa kwè nan Bondye met konfyans yo nan richès (7)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Maskil*. Yon chante David te ekri. Li gen rapò ak lè Dowèg, moun Edòm nan, t al fè Sayil konnen David t al lakay Ayimelèk+. 52  Poukisa w ap vante tèt ou poutèt move bagay ou fè, ou menm ki san pitye+?Lanmou fidèl Bondye genyen an ap dire pou toutan+.   Lang ou file tankou razwa+E l ap fè konplo pou l fè sa ki mal e pou l twonpe moun+.   Ou pi renmen sa ki mal pase sa ki byen,Ou pi renmen bay manti pase w di laverite. (Sela)   Ou renmen tout move pawòl ki ka fè moun mal.Ala w ka bay manti ak lang ou!   Se sa k fè Bondye ap lage w atè pou toutan+,L ap pran w e l ap rale w soti nan tant ou+.L ap derasinen w pami moun ki vivan yo+. (Sela)   Moun ki jis yo ap wè sa, y ap sezi anpil+E y ap ri moun k ap fè sa ki mal la+. Y ap di:   “Men yon gason ki pa pran Bondye kòm refij* li+,Ki met konfyans li nan pil richès li yo+,E ki konte sou* konplo* l ap fè.”   Men, mwen menm, m ap vin tankou yon bèl pye oliv nan kay Bondye a,M ap gen konfyans nan lanmou fidèl Bondye genyen an+ pou tout tan gen tan.   O Bondye, m ap fè louwanj pou ou pou toutan pou aksyon w fè yo+.Devan moun ki fidèl avè w yo,M ap montre m met konfyans mwen nan non w+, paske li bon.

Nòt anba paj

Oswa: “fòtrès”.
Oswa: “ki pran refij nan”.
Lit.: “bagay mal”.