Sòm 130​:​1-8

  • “Lè bagay yo pa bon menm pou mwen, se ou mwen rele”

    • “Si se erè ou t ap gade” (3)

    • Jewova padone moun toutbon (4)

    • “Kè m cho ap tann Jewova” (6)

Yon chante pou moun k ap monte yo. 130  O Jewova+, lè bagay yo pa bon menm pou mwen, se ou mwen rele.   O Jewova, koute vwa m.Se pou w panche zòrèy ou pou w koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou.   O Ja*, si se erè ou t ap gade*,Kiyès ki t ap ka kanpe devan w, o Jewova+?   Paske, ou menm, ou padone moun toutbon+,Se sa k fè moun gen respè* pou ou+.   Mwen met espwa m nan Jewova. Mwen met espwa m nan li ak tout kè m*.M ap ret tann pawòl li.   Kè m* cho ap tann Jewova+Kè m pi cho pase gad ki pa ka tann ki lè pou l jou+,Wi, pase gad ki pa ka tann ki lè pou l jou.   Se pou Izrayèl kontinye ret tann Jewova,Paske Jewova fidèl nan fason li demontre lanmou l+E li gen anpil pouvwa pou l delivre pèp li a.   L ap delivre Izrayèl anba tout erè Izrayèl fè yo.

Nòt anba paj

“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.
Oswa: “veye”.
Lit.: “lakrentif”.
Oswa: “tout nanm mwen”.
Oswa: “Nanm mwen”.