Sòm 112​:​1-10

  • Yon moun ki jis gen lakrentif pou Jewova

    • Tout bagay mache byen pou moun ki prete lòt moun san grate tèt (5)

    • “Y ap sonje moun ki jis la pou toutan” (6)

    • Moun ki renmen bay la bay moun ki pòv la (9)

112  Louwe Ja*+! א [Alèf] Byennere moun ki gen lakrentif pou Jewova+,ב [Bèt]Moun ki pran tout plezi l nan kòmandman l yo+. ג [Gimèl]   Desandan l yo ap gen anpil pouvwa sou tè a. ד [Dalèt] E gwoup moun ki mache dwat yo gen pou yo jwenn benediksyon+. ה [He]   Lakay li gen anpil richès ak bagay ki gen anpil valè. ו [Waw] E jistis li ap la pou toutan. ז [Zayin]   Menm jan ak yon limyè k ap klere nan fènwa, li klere moun ki dwat yo+. ח [Hèt] Li gen konpasyon* ak mizèrikòd+ e li jis. ט [Tèt]   Tout bagay mache byen pou moun ki prete lòt moun san grate tèt+. י [Yòd] Li fè tout afè l avèk jistis. כ [Kaf]   Anyen pap janm brannen l+. ל [Lamèd] Y ap sonje moun ki jis la pou toutan+. מ [Mèm]   Li pap pè move nouvèl+. נ [Noun] Kè li fèm, li met konfyans li nan Jewova+. ס [Samèk]   Kè l pa brannen*, li pa pè+. ע [Ayin] Alafen, l ap pote laviktwa sou ènmi l yo+. פ [Pe]   Li montre l donan anpil*, li bay moun ki pòv la+. צ [Tsade] Aksyon jis li fè yo ap rete pou toutan+. ק [Kòf] Fòs* li ap ogmante e y ap fè lwanj pou fòs li. ר [Rèch] 10  Mechan yo ap wè sa e y ap fache. ש [Chin] Y ap manje dan yo e y ap disparèt. ת [Taw] Sa mechan yo ap tann nan pap janm rive+.

Nòt anba paj

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.
Oswa: “kè sansib”.
Oswa: “Kè l byen detèmine; Kè l fèm”.
Oswa: “Li bay sa l genyen san gad dèyè”.
Lit.: “Kòn”.